BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp18 no 3 p. 13
  • Bondye pa lwen mete fen nan soufrans

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bondye pa lwen mete fen nan soufrans
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KI LÈ BONDYE PRAL AJI?
  • Fè Jewova konfyans e w ap gen lavi!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Poukisa Bondye pèmèt soufrans?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Yon pwoblèm mondyal mande yon solisyon mondyal
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
wp18 no 3 p. 13
Solèy la k ap kouche.

Bondye pa lwen mete fen nan soufrans

“O Jewova, konbyen tan pou m fè ap rele w pou m mande w sekou anvan w tande m? Konbyen tan pou m fè ap mande w sekou akoz vyolans ki genyen anvan w fè yon bagay?” (Abakouk 1:2, 3). Se Abakouk, yon moun ki te gen favè Bondye, ki te di pawòl sa yo. Èske pawòl li te di yo montre li te manke lafwa? Non, se pa t sa! Bondye te bay Abakouk asirans li fikse yon lè pou l met fen nan soufrans. — Abakouk 2:2, 3.

Lè ou menm oswa yon moun ki pwòch ou ap soufri, li fasil pou w di Bondye pran tan pou l aji e li te dwe gentan fè yon bagay deja. Epoutan, men ki asirans nou jwenn nan Bib la: “Jewova pa dousman anrapò ak pwomès li fè, jan kèk moun konprann li dousman an, men li pran pasyans avèk nou, paske li pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti.” — 2 Pyè 3:9.

KI LÈ BONDYE PRAL AJI?

Nan yon tikras tan ankò! Jezi te pale de yon jenerasyon byen presi ki t ap gen pou l wè yon seri bagay lè yo mete yo ansanm ki t ap montre “sistèm” sa a rive nan bout li (Matye 24:3-42). Pwofesi Jezi te bay la k ap reyalize nan epòk nou an montre Bondye pa lwen pou l ajia.

Men, ki jan Bondye pral fè pou l met yon fen nan soufrans? Lè Jezi te sou tè a, li te montre pouvwa Bondye genyen pou l soulaje lèzòm anba soufrans yo genyen. Ann egzamine kèk egzanp ki montre sa.

Katastwòf natirèl: Pandan Jezi ak apot li yo t ap vwayaje sou Lanmè Galile, te gen yon gwo van tanpèt ki te prèske koule bato yo te ladan l lan. Malgre sa, Jezi te montre li menm ak Papa l kapab gen kontwòl sou lanati (Kolosyen 1:15, 16). Jezi te annik di: “Silans! Ret trankil!” Ki rezilta sa te bay? “Van an bese, e vin gen yon gwo kalmi.” — Mak 4:35-39.

Maladi: Yo te byen konnen Jezi kòm moun ki konn geri moun ki avèg, moun ki enfim, moun k ap soufri akoz malkadi, moun ki gen lèp oswa moun ki gen tout lòt kalite enfimite. “Li geri tout moun ki t ap soufri.” — Matye 4:23, 24; 8:16; 11:2-5.

Rate manje: Jezi te itilize pouvwa Papa l te ba li pou l te fè mirak pou vin gen plis manje. Bib la fè konnen, pandan de fwa, li te bay plizyè milye moun manje. — Matye 14:14-21; 15:32-38.

Lanmò: Se sèten Jewova gen pouvwa pou l met fen nan lanmò. Twa rezirèksyon Jezi te fè yo yo rapòte nan Bib la montre sa aklè. Gen youn nan yo kote moun nan te gentan gen kat jou depi l te mouri. — Mak 5:35-42; Lik 7:11-16; Jan 11:3-44.

a Pou w ka jwenn plis enfòmasyon anrapò ak dènye jou yo, gade leson 32 nan liv Viv ak kè kontan pou toutan! an. Se Temwen Jewova yo ki pibliye liv sa a e w ka telechaje l gratis sou www.jw.org/ht a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje