BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w18 jen p. 32
  • Èske nou sonje?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske nou sonje?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Sou menm sijè a
  • Èske nou sonje?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Èske nou sonje?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Èske nou sonje?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Ede sila yo ki pi jèn yo reyisi
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
w18 jen p. 32

Èske nou sonje?

Èske w te byen li dènye Toudegad ki te parèt yo? Ebyen, gade pou w wè si w ka reponn kesyon ki vin apre yo:

Ki kat bagay nou ka fè pou n amelyore fason n chante?

Nou ka pran yon bon pozisyon lè n kenbe liv kantik nou byen wo. Nou dwe byen respire. Lè n ouvri bouch nou byen laj pou n chante, n ap ka chante pi fò. — w17.11, paj 5.

Ki sa k touche n anrapò ak zòn kote vil refij yo te ye ann Izrayèl ansanm ak wout ki te mennen nan vil sa yo?

Te gen sis vil refij nan tout peyi a, e te gen bon wout ki te mennen nan vil sa yo. Konsa, yon moun te ka jwenn refij byen vit e byen fasil. — w17.11, paj 14.

Poukisa ranson an ki se yon kado Bondye ban nou pa mwayen Jezi se pi bon kado nou te ka resevwa?

Li satisfè dezi nou genyen pou n kontinye viv, e l konble bezwen n genyen pou n libere anba peche ak lanmò. Piske Bondye gen anpil lanmou pou desandan Adan yo, li te bay Jezi pou nou pandan nou te pechè toujou. — wp17.6, paj 6-7.

Ki jan Sòm 118:22 atire atansyon sou rezirèksyon Jezi?

Yo te rejte Jezi antanke Mesi a e yo te touye l. Pou l te ka vin “wòch prensipal ki nan kwen an”, li te dwe resisite. — w17.12, paj 9-10.

Èske liy fanmi ki mennen nan Mesi a te gen rapò ak dwa premye pitit la?

Pafwa, liy fanmi kote Jezi soti a te gen rapò ak premye pitit gason yo, men l pa t toujou konsa. David pa t premye pitit gason Jese, poutan Mesi a se desandan David. — w17.12, paj 14-15.

Ki kèk prensip nan domèn medikal nou jwenn nan Bib la?

Sou Lalwa, yo te dwe izole moun ki te gen yon seri maladi. Moun yo te dwe benyen apre yo te fin touche yon kadav. Lalwa te mande pou moun yo antere poupou yo kòmsadwa. Yo te dwe sikonsi tigason yo sou uit jou apre yo fin fèt, sa ki te yon bon bagay lè n konsidere kapasite san an genyen pou l sispann koule nan moman sa a. — wp18.1, paj 7.

Poukisa l apwopriye pou yon kretyen renmen tèt li yon fason ki rezonab?

Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou (Mak 12:31). Mari yo dwe “renmen madanm yo tankou pwòp kò yo”. (Efe. 5:28.) Natirèlman, lanmou nou gen pou tèt nou ka vin defòme. — w18.01, paj 23.

Ki kèk etap nou ka suiv pou n fè pwogrè nan domèn espirityèl?

Nou dwe etidye Pawòl Bondye a, medite sou li epi aplike sa n aprann yo. Anplis de sa, nou dwe kite lespri nou ak kè nou ouvri pou lespri sen aji sou yo, e avèk rekonesans, nou dwe aksepte èd lòt moun ban nou. — w18.02, paj 26.

Poukisa astwoloji ak divinò pa ka ede n konn ki jan lavni ap ye?

Gen plizyè rezon ki fè sa, men, rezon prensipal la sèke Bib la kondane toule de bagay sa yo. — wp18.2, paj 4-5.

Lè n aksepte envitasyon yon moun fè n pou n vin manje avè l, ki jan n dwe konsidere sa?

Si n aksepte yon envitasyon, nou dwe fè efò pou n respekte pawòl nou (Sòm 15:4). Nou pa dwe anile l pou ti krik ti krak. Moun ki envite n nan ka travay di pou l prepare manje a. — w18.03, paj 18.

Ki leson gason yo nome yo ka aprann nan men Timote?

Timote te gen sousi pou moun yo toutbon e l te met relasyon l ak Bondye an premye. Li te travay di nan sèvis sakre a e l te aplike leson l te aprann yo. Li te kontinye fòme tèt li e l te konte sou lespri sen Jewova. Ansyen yo ak lòt moun ka imite egzanp li. — w18.04, paj 13-14.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje