Ann travay ak Jewova chak jou
“Nou se konpayon travay Bondye.” — 1 KOR. 3:9.
1. Ki fason nou ka travay ak Jewova?
KREYATÈ a te vle pou moun pafè li te kreye yo travay avè l pou l reyalize objektif li. Aktout lèzòm vin enpafè kounye a, moun fidèl yo ka kontinye travay ak Jewova chak jou. Pa egzanp, nou vin “konpayon travay Bondye” lè n preche bon nouvèl Wayòm li an ak lè n fè disip (1 Kor. 3:5-9). Fè yon ti reflechi ak privilèj nou genyen pou Kreyatè linivè a ki toupisan konsidere n kòm moun ki diy pou kolabore avè l nan yon travay ki enpòtan pou li. Men, se pa lè n preche ak lè n fè disip sèlman nou travay ak Jewova. Atik sa a pral egzamine kèk lòt fason nou ka fè sa: Lè n ede fanmi nou ak adoratè parèy nou yo, lè n montre n akeyan, lè n sèvi kòm volontè nan pwojè òganizasyon an ap reyalize ak lè n chèche fè plis nan sèvis sakre nou an. — Kol. 3:23.
2. Poukisa l pa t ap saj pou n konpare sa n fè nan reyalizasyon objektif Jewova yo ak sa lòt moun fè?
2 Toutpandan n ap egzamine atik sa a, pa konpare sa w ka fè pou Jewova ak sa lòt moun ka fè. Pa bliye laj, sante, sitiyasyon ak kapasite chak moun pa menm. Men sa Bondye te enspire apot Pòl pou l ekri: “Se pou chak moun egzamine sa l fè, e lè sa a l ap gen rezon pou l rejwi parapò ak tèt li sèlman, men se pa nan konparezon ak yon lòt moun.” — Gal. 6:4.
EDE FANMI W AK ADORATÈ PARÈY OU YO
3. Ki sa k fè n ka di tout moun k ap pran swen fanmi yo ap kolabore ak Bondye?
3 Jewova atann pou sèvitè l yo pran swen fanmi yo. Pa egzanp, ou ka travay pou w pran swen moun ou renmen yo nan domèn ekonomik. Gen anpil manman ki ret lakay yo pou yo pran swen timoun piti yo genyen. E gen kèk timoun ki vin gran ki ka oblije pran swen paran yo ki enfim. Aktivite sa yo enpòtan. Pawòl Bondye a di: “Si yon moun pa bay moun ki sou kont li sa yo gen bezwen, sitou moun lakay li, li nye lafwa, e li pi mal pase yon moun ki pa gen lafwa.” (1 Tim. 5:8). Si w gen responsablite sa yo, se sèten w ka pa jwenn anpil tan pou aktivite k ap fèt nan sèvis Bondye a jan w ta renmen sa. Men, pa dekouraje! Jewova kontan lè l wè w ap pran swen fanmi w. — 1 Kor. 10:31.
4. Ki jan paran yo ka met enterè Bondye anvan enterè pa yo, e ki rezilta sa ap bay?
4 Paran ki kretyen yo kolabore ak Jewova lè yo ankouraje pitit yo gen objektif espirityèl. Gen anpil paran ki fè sa, e apre sa, pitit gason yo ak pitit fi yo antre nan sèvis aplentan e y al sèvi lwen lakay yo. Gen kèk ki vin misyonè, gen lòt k al sèvi kòm pyonye kote yo bezwen plis pwoklamatè, e gen lòt ankò k al sèvi nan Betèl. Lefètke youn ap viv lwen lòt sa ka vle di fanmi sa yo pa ka reyini souvan jan yo ta renmen sa. Sepandan, paran ki fè sakrifis sa yo ankouraje pitit yo kontinye nan asiyasyon yo. Poukisa? Se paske yo gen anpil kè kontan ak satisfaksyon lefètke yo konnen pitit yo met enterè Wayòm nan an premye (3 Jan 4). Petèt anpil nan paran sa yo santi yo menm jan ak Ana ki te di l “prete” Jewova Samyèl, pitit gason l lan. Paran sa yo gen bonjan rezon pou yo konsidere kolaborasyon sa a kòm yon privilèj ki gen anpil valè. Yo pa ta renmen pou bagay yo fèt yon lòt jan. — 1 Sam. 1:28, nòt.
5. Ki jan w ka ede moun nan kongregasyon w yon fason ki pratik? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)
5 Si w pa gen gwo responsablite nan fanmi w pou kounye a, èske w ka ede adoratè parèy ou yo ki gen moun y ap pran swen, moun ki enfim, moun ki granmoun oswa ki nan bezwen? Poukisa w pa fè yon koudèy nan kongregasyon w lan pou w wè ki moun ki bezwen èd? Petèt gen yon sè k ap pran swen paran l ki aje e w ka pase kèk tan ak paran an yon fason pou sè a ka al regle kèk lòt bagay. Oswa petèt ou ka ede moun ki bezwen èd yo lè w pase pran yo pou y al nan reyinyon, pou y al achte, pou y al flannen oswa pou y al wè yon moun ki entène lopital. Lè w fè sa, ou ka ap travay ak Jewova pou l reponn yon priyè. — Li 1 Korentyen 10:24.
MONTRE W AKEYAN
6. Ki sa sa mande pou n montre nou akeyan?
6 Yo rekonèt konpayon travay Bondye yo kòm moun ki akeyan. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, mo lè yo tradui l yo met “akeyan” pou li a vle di “montre nou janti ak etranje yo”. (Ebre 13:2, nòt.) Gen anpil istwa yo rakonte nan Pawòl Bondye a ki anseye n pou n demontre yon lanmou konsa (Jen. 18:1-5). Nou ka pwofite okazyon n jwenn pou n ede lòt moun regilyèman, e nou dwe fè sa, kit yo “fanmi nou nan lafwa” kit yo pa fanmi nou nan lafwa. — Gal. 6:10.
7. Poukisa n ta dwe montre n akeyan lè sèvitè aplentan yo ap vizite nou?
7 Èske w ka travay ak Bondye lè w montre w akeyan lè sèvitè aplentan yo ap vizite w? (Li 3 Jan 5, 8.) Byen souvan, okazyon sa yo bay posiblite “pou youn [...] ankouraje lòt”. (Wom. 1:11, 12.) Ann pran egzanp Olaf. Li sonje sa gen plizyè dizèn ane, pèsonn nan kongregasyon l lan pa t ka resevwa siveyan sikonskripsyon an ki te selibatè lakay yo. Olaf ki te yon jèn frè te mande paran l yo ki pa Temwen si siveyan sikonskripsyon an te ka ret lakay yo. Yo te dakò, men, yo te di Olaf l ap oblije dòmi sou kanape a. Aranjman sa a te vrèman vo lapenn. Men sa Olaf sonje: “Se te yon bèl semèn! Siveyan sikonskripsyon an avè m te konn leve byen bonè chak maten pou n pale sou anpil sijè enteresan pandan n ap dejene. Ankourajman m te jwenn te fè m vin anvi antre nan sèvis aplentan.” Pandan 40 ane ki sot pase yo, Olaf te sèvi nan plizyè peyi antanke misyonè.
8. Ki rezon n genyen pou n demontre bonte menmsi moun yo sanble pa gen rekonesans okòmansman? Bay yon egzanp.
8 Nou ka demontre lanmou pou etranje yo plizyè fason, menmsi okòmansman yo pa bay efò n fè yo valè. Ann pran yon egzanp. Pandan yon sè nan peyi Espay t ap kondui yon etid biblik, li te remake etidyan l lan, Yesica, ki sot nan peyi Ekwatè, pa t ka sispann kriye. Sè a te mande l poukisa. Yesica fè konnen anvan l te vin viv ann Espay, li te tèlman pòv, yon jou li pa t gen anyen pou l manje. Tout sa l te genyen pou l bay pitit fi l la se te dlo. Yesica te eseye souke pitit li a pou fè l dòmi toutpandan l t ap priye pou l jwenn èd. Yon ti tan apre, de Temwen te vin vizite l, men, Yesica pa t byen akeyi yo e l te chire peryodik sè yo te ba li a. Li te mande yo: “Èske se manje sa a nou vle m bay pitit fi m nan?” Sè yo te eseye konsole l, men, yo pa t reyisi. Nan pita, yo te kite yon pànye pwovizyon bò pòt li a. Bonte sè yo te demontre a te touche Yesica e l te santi l wont lè l sonje jan l pa t koute lè Bondye te reponn priyè l la. Men, kounye a, li pran detèminasyon pou l sèvi Jewova. Se pa ti bèl efè aksyon sè yo te fè a te genyen lefètke yo renmen bay! — Ekl. 11:1, 6.
OFRI TÈT OU KÒM VOLONTÈ NAN PWOJÈ ÒGANIZASYON AN AP REYALIZE
9, 10. a) Nan tan biblik yo, ki okazyon ki te bay pèp Bondye a posiblite pou yo ofri tèt yo kòm volontè lè gen bezwen? b) Bay kèk bezwen an jeneral se frè ki disponib nan kongregasyon yo jodi a ki konble yo.
9 Nan istwa pèp Izrayèl tan lontan an, te gen anpil okazyon kote yo te konn bezwen volontè (Egz. 36:2; 1 Kwo. 29:5; Ney. 11:2). Jodi a, ou menm tou ou gen anpil okazyon pou w sèvi kòm volontè lè w bay tan w, sa w posede ak kapasite w genyen pou ede frè w ak sè w yo. Kè w ap kontan anpil e w ap jwenn anpil benediksyon lè w mete w disponib.
10 Pawòl Bondye a ankouraje gason nan kongregasyon an pou yo travay ak Jewova lè yo chèche jwenn privilèj pou yo sèvi e pou yo vin siveyan (1 Tim. 3:1, 8, 9; 1 Pyè 5:2, 3). Moun ki fè sa yo vle ede lòt moun, kit se kèk fason pratik kit se nan domèn espirityèl (Tra. 6:1-4). Èske ansyen yo te mande w si w dispoze sèvi kòm responsab piblikasyon, tèritwa, antretyen ak lòt bagay oswa si w dispoze bay èd nan sèvis sa yo? Moun ki gen responsablite sa yo ap di w yo jwenn plis kè kontan lè yo ede lòt moun.
Lè w ofri tèt ou kòm volontè nan pwojè òganizasyon Bondye a ap reyalize, w ap jwenn anpil okazyon pou w fè nouvo zanmi. (Gade paragraf 11.)
11. Ki jan yon sè te jwenn byenfè grasa zanmi l te vin genyen pandan pwojè òganizasyon an t ap reyalize?
11 Byen souvan, moun k ap sèvi kòm volontè nan pwojè òganizasyon an ap reyalize yo rive fè nouvo zanmi. Ann pran egzanp Margie, yon sè ki te fè 18 an ap travay nan pwojè konstriksyon Sal Wayòm. Pandan plizyè ane, li te bay plizyè jèn sè fòmasyon. Li te rann li kont se yon bon fason pou youn ankouraje lòt nan domèn espirityèl (Wom. 1:12). Lè Margie t ap fè fas ak moman difisil nan lavi l, li te jwenn ankourajman nan men zanmi l te vin genyen pandan pwojè konstriksyon yo. Èske w deja sèvi kòm volontè nan yon pwojè konstriksyon? Kit ou gen konpetans kit ou pa genyen, èske w ka mete w disponib?
12. Ki jan w ka mete w disponib pou ede nan pwojè sekou lè gen katastwòf?
12 Lè gen yon katastwòf, pèp Bondye a gen okazyon pou l travay ak Bondye nan bay frè ak sè yo kèk èd pratik. Pa egzanp, yo bay moun ki viktim yo èd nan domèn ekonomik (Jan 13:34, 35; Tra. 11:27-30). Yon lòt fason pratik yo fè sa se lè yo ede nan fè netwayaj ak rekonstriksyon. Gabriela, yon sè ki moun peyi Polòy e ki te gen kay li ki prèske fin kraze akoz yon inondasyon, te vrèman kontan lè frè ki sot nan yon kongregasyon toupre a te vin ede l. Men sa l di: “M pa vle pale konsènan sa m te pèdi yo, se jis kèk bagay materyèl. Olye de sa, m vle di nou ki kantite bagay mwen vin genyen. Eksperyans sa a fè m vin gen plis asirans se yon privilèj san parèy pou m fè pati kongregasyon an e sa fè m gen anpil kè kontan.” Anpil moun ki te jwenn èd apre yon katastwòf fè konnen eksperyans sa a fè yo santi yo vin gen plis kè kontan. Epitou, moun k ap travay ak Jewova nan bay èd sa yo jwenn anpil satisfaksyon. — Li Travay 20:35; 2 Korentyen 9:6, 7.
13. Lè n ofri tèt nou kòm volontè, ki jan sa ka fè n vin gen yon relasyon pi solid ak Jewova? Bay yon egzanp.
13 Stephanie ak kèk lòt pwoklamatè te kontan travay ak Bondye nan ede Temwen ki te vin viv kòm refijye nan peyi Etazini. Yo te ede fanmi ki te kite zòn ki gen lagè yo jwenn kay ak mèb. Men sa Stephanie di: “Nou te kontan wè jan yo gen lajwa ak rekonesans lè yo t ap viv lanmou frè ak sè yo genyen nan lemonnantye.” Men sa l ajoute: “Moun nan fanmi sa yo panse se nou ki te ede yo, men, an reyalite, yo te ede nou plis. Lè n te wè jan yo gen lanmou, jan yo ini, jan yo gen lafwa ak konfyans nan Jewova, sa te vrèman fè n vin gen plis lanmou pou Jewova e sa te fè n vin gen plis rekonesans pou tout sa n resevwa pa mwayen òganizasyon l lan.”
CHÈCHE FÈ PLIS NAN SÈVIS OU
14, 15. a) Ki etadespri pwofèt Ezayi te genyen? b) Jodi a, ki fason pwoklamatè Wayòm nan ka imite atitid Ezayi?
14 Èske w ta renmen travay ak Jewova plis toujou? Èske w ap dispoze demenaje pou w al sèvi l yon kote òganizasyon l lan bezwen plis moun pou travay? Nòmalman, sèvitè Bondye yo pa oblije vwayaje lwen lakay yo pou yo montre yo renmen bay. Men, sitiyasyon kèk frè ak sè pèmèt yo ofri tèt yo pou y al sèvi kote ki byen lwen. Yo montre yo gen menm atitid ak pwofèt Ezayi. Lè Jewova te mande l: “Kiyès m ap voye, e kiyès ki prale pou nou?”, li te reponn: “Men mwen! Voye m!” (Eza. 6:8). Èske w anvi reyaji menm jan an devan bezwen ki gen nan òganizasyon Bondye a e lè sitiyasyon w pèmèt ou fè sa? Ki bezwen ki genyen?
15 Men sa Jezi te di konsènan travay predikasyon an ak fè disip la: “Rekòt la anpil, men pa gen anpil travayè. Kidonk, priye Mèt rekòt la pou l voye travayè nan rekòt li a.” (Mat. 9:37, 38). Èske w ka al sèvi nan yon tèritwa kote ki gen anpil bezwen, petèt antanke pyonye? Oswa, èske w ka ede yon lòt moun fè sa? Gen anpil frè ak sè ki panse pi bon fason pou yo montre lanmou pou Bondye ak pwochen yo se lè y al sèvi kòm pyonye nan kèk zòn oswa nan kèk tèritwa kote yo bezwen plis moun pou travay nan rekòt la. Èske w wè lòt fason w ka chèche fè plis nan sèvis ou? Kè w ap kontan anpil lè w fè sa.
16, 17. Ki lòt posiblite ki genyen si w vle fè plis nan travay w ap fè pou Jewova a?
16 Èske w dispoze sèvi nan Betèl oswa al ede nan konstriksyon lokal pou sèvis Bondye a, swa kòm travayè tanporè, swa kòm volontè ki pa abite nan Betèl? Òganizasyon an toujou bezwen moun ki ka sèvi Jewova nenpòt kote yo voye yo e ki ka fè nenpòt sa yo mande yo fè. Sa ka mande pou yo travay nan yon domèn kote gen yon bezwen byen presi, menmsi yo gen kapasite ak eksperyans nan yon lòt domèn. Sepandan, Jewova apresye lespri sakrifis moun sa yo demontre lefètke yo ofri tèt yo pou y al sèvi nenpòt kote ki gen bezwen. — Sòm 110:3.
17 Èske w anvi jwenn plis fòmasyon pou w pi byen kalifye pou sèvis sakre w ap fè a? Si se wi, ou kapab kalifye pou w asiste Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan. Lekòl sa a bay gason ak fi ki kite lespri Bondye gide yo e ki nan sèvis aplentan fòmasyon pou yo ka fè plis nan sèvis Bondye a nan tèritwa yo. Moun ki ranpli fòmilè pou asiste lekòl sa a dwe dispoze aksepte nenpòt asiyasyon yo ba yo lè yo fin diplome. Èske w dispoze pwofite opòtinite sa a pou w chèche jwenn plis privilèj? — 1 Kor. 9:23.
18. Ki sa w atann pou w jwenn lè w travay ak Jewova chak jou?
18 Antanke moun ki fè pati pèp Jewova a, nou chofe pou n montre n renmen bay, sa vle di pou n demontre bonte, byenveyans ak lanmou, e pou n ede lòt moun chak jou. Lè n fè sa, n ap gen lajwa, lapè e n ap santi nou byen (Gal. 5:22, 23). Kèlkeswa sitiyasyon w ap fè fas nan lavi a, ou ka gen kè kontan lè w imite Jewova, li menm ki renmen bay, e lè w vin youn nan konpayon travay li yo ki gen anpil valè pou li! — Pwo. 3:9, 10.