BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp19 no 3 p. 14-15
  • Èske nou ka viv ak kè kontan depi kounye a?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske nou ka viv ak kè kontan depi kounye a?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KONTANTE NOU AK SA NOU GENYEN
  • LÈ W AP FÈ FAS AK MALADI
  • FÈ MARYAJ NOU VIN PI SOLID
  • De kle pou yon maryaj dire
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Antanke kretyen, travay pou maryaj ou reyisi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Èske lajan se rasin tout bagay ki mal?
    Repons Bib la bay
  • Konsèy saj pou n gen kè kontan ak satisfaksyon
    Reveye n! — 2021
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2019
wp19 no 3 p. 14-15
Youn nan syantifik nou te pale de li anvan an k ap kuit manje ansanm ak madanm li

Èske nou ka viv ak kè kontan depi kounye a?

GEN yon jou k ap vini kote pap gen okenn moun k ap ni malad, ni vyeyi, ni mouri ankò! Ou kapab la lè sa a tou! Sepandan, jodi a, lavi a chaje ak pwoblèm ak tètchaje. Donk, ki sa k ka ede w viv pi byen jodi a? Labib gen yon seri konsèy ki ka ede w viv ak kè kontan epi santi w satisfè depi kounye a. Ann egzamine kèk pwoblèm nou konn gen nan lavi a e ann gade ki jan Labib kapab ede nou.

KONTANTE NOU AK SA NOU GENYEN

Konsèy Bib la bay: “Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l. Kontante nou ak sa nou genyen.” — Ebre 13:5.

Jodi a, moun yo montre nou dwe gen yon pil ak yon pakèt bagay pou n viv. Epoutan, Labib di n nou ka “kontante nou ak sa nou genyen”. Ki jan n ka fè sa?

Evite “gen lanmou pou lajan”. Etandone moun yo “gen lanmou pou lajan”, yo sakrifye sante yo, fanmi yo, zanmi yo, yo pase prensip moral yo anba pye, e yo pa bay diyite yo okenn valè (1 Timote 6:10). Sa pa vo lapèn! Dayè, moun ki renmen lajan “pap janm kontante” yo. — Eklezyas 5:10.

Bay moun valè, pa bay byen materyèl valè. Se vre, byen materyèl kapab itil yon moun. Men, yo pa ka ni renmen nou ni gen rekonesans pou nou; se moun sèlman ki ka fè bagay sa yo. Lè n gen “yon bon zanmi”, sa fè n gen plis kè kontan nan lavi a. — Pwovèb 17:17.

NOU KA VIV AK KÈ KONTAN DEPI KOUNYE A, SI NOU SUIV KONSÈY KI NAN BIB LA.

LÈ W AP FÈ FAS AK MALADI

Konsèy Bib la bay: “Kè kontan se bon remèd.” — Pwovèb 17:22.

Menm jan ak “bon remèd”, kè kontan ka ede nou fè fas ak maladi. Men, ki jan nou ka gen kè kontan lè n ap fè fas ak maladi?

Montre w gen rekonesans. Si nou ret ap reflechi sou pwoblèm nou genyen yo, “pa gen yon jou” k ap parèt bon pou nou (Pwovèb 15:15). Bib la mande n pito pou n “montre nou gen rekonesans”. (Kolosyen 3:15.) Aprann apresye bèl bagay ki gen nan lavi a, menmsi se bagay ki toupiti. Menm kèk bagay tankou yon bèl kouche solèy, yon bon ti van k ap soufle, yon souri yon moun pa w ba ou kapab fè w santi lavi w gen plis sans.

Ede lòt moun. Menm lè yon moun malad, l ap “pi kontan lè l bay pase lè l resevwa”. (Travay 20:35.) Lè lòt moun remèsye nou pou sa nou te fè, nou pi kontan e nou pa reflechi twòp sou pwoblèm nou yo. Nou kapab viv pi byen lè nou ede lòt moun viv pi byen.

FÈ MARYAJ NOU VIN PI SOLID

Konsèy Bib la bay: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — Filipyen 1:10.

Mari ak madanm ki pase sèlman yon ti tan toupiti ansanm ka kraze maryaj yo. Se sa k fè gen kèk mari ak madanm ki montre yo gen sajès lè yo bay maryaj yo priyorite, paske se youn nan bagay ki pi enpòtan nan lavi a.

Fè yon seri aktivite ansanm. Olye nou kontinye chèche enterè pa nou sèlman, poukisa nou pa planifye pou n fè yon seri bagay ansanm? Bib la di: “De pi bon pase youn.” (Eklezyas 4:9). Nou ka fè manje ansanm, fè spò ansanm, pran yon ti tan pou n bwè yon bagay ansanm oswa fè yon bagay kòm pastan ansanm.

Montre moun ou marye avè l la ou renmen l. Labib ankouraje yon mari ak madanm li pou youn renmen lòt e pou youn respekte lòt (Efezyen 5:28, 33). Lè youn souri bay lòt ak tout kè l, lè youn anbrase lòt avèk amou oubyen youn bay lòt ti kado, sa ka fè maryaj la vin pi solid. Nòmalman, moun ki marye yo dwe gen relasyon seksyèl sèlman ak moun yo marye avè l la. — Ebre 13:4.

“ANFEN, MWEN TE JWENN OBJEKTIF LAVI A!”

— Dapre Ryoko Miyamoto, Japon.

Lavi n te chaje ak pwoblèm. Mari m te yon tafyatè e li pa t ka kenbe yon travay. Li pa t vle pran swen kat timoun nou yo. Menmsi m te fè anpil efò, sa pa t fè sitiyasyon nou vin pi bon. M te mande tèt mwen: ‘Èske se te desten m ki fè sa, oswa se yon pinisyon pou peche m te fè nan youn nan vi m te viv anvan sa?’

Epi yon lè, yon Temwen Jewova vin frape pòt lakay mwen. Li te souri ban mwen ak tout kè l, e li te pale avè m ak kè kontan konsènan Wayòm Bondye a ak lavi ki pap janm fini an. Li te ofri m pou l fè yon etid biblik avè m. Sa pa t pran tan pou m aprann Bondye egziste, li saj, li jis e li gen lanmou. M te aprann tou sa k pase lè nou mouri, e se pa okenn desten ki te fè m ap soufri.

Anplis de sa, m te vin konprann pou yon moun viv ak kè kontan toutbon, li oblije gen bon relasyon ak Bondye. Lefètke m konnen verite ki nan Bib la, sa ankouraje m anpil, sa libere m e m jwenn anpil fòs. Anfen, mwen te jwenn objektif lavi a!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje