BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w19 janvye p. 31
  • Yon nouvo manm nan Kolèj santral la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon nouvo manm nan Kolèj santral la
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Sou menm sijè a
  • Yon nouvo manm nan Kolèj santral la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Nouvo manm nan Kolèj santral la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • De nouvo manm Kolèj santral la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Ki sa Kolèj santral Temwen Jewova yo ye?
    Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
w19 janvye p. 31
Kenneth ak Jamie Cook

Kenneth E. Cook, Jr. ak madanm li, Jamie

Yon nouvo manm nan Kolèj santral la

JOU mèkredi ki te 24 janvye 2018 la, fanmi Betèl Etazini an ak fanmi Betèl Kanada a te kontan tande yon anons espesyal: frè Kenneth Cook, Jr. vin fè pati Kolèj santral Temwen Jewova yo.

Frè Cook te fèt nan Pennsilvani, Ozetazini, e se la li te leve. Se yon kondisip li ki te aprann li laverite yon ti tan anvan l te fini lekòl segondè. Li te batize nan dat 7 jen 1980. Li te kòmanse sèvis aplentan antanke pyonye pèmanan 1ye septanm 1982. Apre li te fin fè dezan pyonye, yo te envite l vin nan Betèl. Li te kòmanse sèvis li nan Betèl Wòlkil, nan Nouyòk, nan dat 12 oktòb 1984.

Pandan 25 ane ki te vin apre yo, frè Cook te pase nan divès sèvis, ni nan enprimri ni nan Biwo Betèl. Li te marye ak Jamie an 1996, e madanm li te vin sèvi avè l nan Betèl Wòlkil. An desanm 2009, yo te transfere frè ak sè Cook nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo ki nan Patèsonn, nan Nouyòk, kote frè Cook te resevwa asiyasyon pou l travay ak Sèvis korespondans. Ann avril 2016, apre frè ak sè Cook te fin tounen nan Wòlkil pou yon ti tan tou kout, yo te transfere yo Bwouklin, nan Nouyòk. Senk mwa apre, yo te demenaje al nan nouvo syèj mondyal la ki nan Wòwik, Nouyòk. An janvye 2017, yo te nome frè Cook pou l ede Komite redaksyon Kolèj santral la.

Kounye a, Kolèj santral la gen uit frè Bondye chwazi pou al nan syèl:

K. E. Cook, Jr.; S. F. Herd; G. W. Jackson; M. S. Lett; G. Lösch; A. Morris III; D. M. Sanderson; D. H. Splane.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje