BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w19 fevriye p. 31
  • Èske w te sonje?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w te sonje?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Sou menm sijè a
  • Sinagòg — Kote Jezi ak disip li yo te konn anseye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Jezi fè yon gwo travay nan Kapènawòm
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
w19 fevriye p. 31

Èske w te konnen?

Yon sinagòg nan premye syèk la ki nan zòn Gamla.

Sinagòg nan premye syèk la: Foto sa a montre kèk bagay ki te genyen nan sinagòg ki te gen nan premye syèk la nan zòn Gamla, ki nan anviwon 10 km nan nòdès Lanmè Galile. Sa bay yon ide sou fason yon sinagòg te ye nan tan lontan.

Kot mo sinagòg la soti?

MO “SINAGÒG” la soti nan yon mo grèk ki vle di “asanble” oswa “rasanbleman”. Non sa a byen tonbe paske, depi nan tan lontan, sinagòg yo se te kote Juif yo te konn reyini pou yo resevwa enstriksyon e pou yo adore Bondye. Liv ki te ekri ann ebre yo pa pale de sinagòg aklè, men nan Liv ki te ekri an grèk yo, nou wè aklè se yon seri kote moun te konn reyini ki te deja byen tabli depi nan premye syèk epòk nou an.

Pifò biblis kwè te kòmanse gen sinagòg depi lè Juif yo te ann egzil nan peyi Babilòn. Men ki rezònman yon ansiklopedi fè: “Kòm moun ki t al ann egzil yo pa t gen Tanp e yo te nan yon lòt peyi, pou youn te ka konsole lòt nan moman difisil yo te ye a, detanzantan yo te konn reyini ansanm, petèt nan jou Saba, e yo te konn li Ekriti yo.” (Encyclopaedia Judaica). Lè Juif yo te sot ann egzil, sanble yo te kontinye reyini pou yo priye e pou yo li Ekriti yo, e yo te tabli sinagòg kote yo te abite yo.

Rive nan premye syèk epòk nou an, sinagòg yo te vin tounen prensipal kote Juif ki te gaye nan tout Meditèrane a, nan zòn Mwayenn Oryan an e menm ann Izrayèl te konn reyini pou yo pratike relijyon yo a oswa pou yo rankontre. Men sa pwofesè Lee Levine, nan Inivèsite ebre ki nan Jerizalèm nan, te di: “[Sinagòg la] se te yon kote moun te konn vin etidye, manje manje ki sakre, fè jijman, depoze kòb nan yon kès ki te pou kominote a. Yo te konn fè reyinyon politik ak reyinyon sosyal kote sa a.” Men sa li te ajoute: “Nòmalman, sa ki te pi enpòtan yo te konn fè kote sa a gen rapò ak sèvis yo te konn fè nan relijyon yo a.” Donk, nou pa sezi dèske Jezi te konn asiste reyinyon ki te konn fèt nan sinagòg yo (Mak 1:21; 6:2; Lik 4:16). Li te konn anseye moun ki la yo, ba yo konsèy epi ankouraje yo. Apre kongregasyon kretyen an te fin tabli, apot Pòl te konn preche anpil nan sinagòg yo tou. Moun ki te vle vin pi pwòch Bondye yo te konn al nan sinagòg yo. Donk, lè Pòl te konn antre nan yon vil, premye sa li te konn fè li te konn al preche nan sinagòg la. — Tra. 17:1, 2; 18:4.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje