BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w19 novanm p. 14-19
  • Èske w pran swen “gwo boukliye lafwa” w la?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w pran swen “gwo boukliye lafwa” w la?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • BYEN EGZAMINE BOUKLIYE W LA
  • PWOTEJE TÈT OU KONT ENKYETID KI PA NESESÈ, KONT MANTI AK DEKOURAJMAN
  • VEYE POU N PA VIN RENMEN BAGAY MATERYÈL
  • KENBE BOUKLIYE LAFWA W LA BYEN DI
  • “ Se pou nou abiye nou nèt ak ekipman sòlda Bondye bay la ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Ki fason Jewova ap pwoteje nou?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Jèn: Kenbe fèm kont Dyab la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • “Ban nou plis lafwa”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
w19 novanm p. 14-19

ATIK ETID 46

Èske w pran swen “gwo boukliye lafwa” w la?

“Se pou nou pran gwo boukliye lafwa a.” — EFE. 6:16.

KANTIK 119 Nou dwe gen lafwa

SA NOU PRAL WÈa

1-2. a) Selon Efezyen 6:16, poukisa nou bezwen gen yon “gwo boukliye lafwa”? b) Ki kesyon nou pral egzamine?

ÈSKE W gen yon “gwo boukliye lafwa”? (Li Efezyen 6:16.) Wi, pa gen dout. Menm jan yon gwo boukliye pwoteje prèske tout kò yon moun, lafwa nou pwoteje nou kont enfliyans sistèm kòwonpi sa a ki imoral, ki vyolan e ki pa gen respè pou Bondye.

2 Sepandan, n ap viv nan “dènye jou yo”, e lafwa nou ap kontinye sibi eprèv (2 Tim. 3:1). Ki jan nou ka verifye pou n wè si boukliye lafwa nou an solid? E ki jan nou ka kenbe boukliye lafwa nou an fèm? Ann egzamine repons kesyon sa yo.

BYEN EGZAMINE BOUKLIYE W LA

Sòlda nan tan lontan k ap sèvi ak boukliye yo nan yon batay; yon sòlda ak sèvitè l k ap repare boukliye.

Apre sòlda yo sot nan lagè, yo pran tan pou yo repare boukliye yo. (Gade paragraf 3.)

3. Ki sa sòlda yo te konn fè pou boukliye yo e poukisa?

3 Nan tan biblik yo, byen souvan sòlda yo te konn gen boukliye ki kouvri ak po bèt. Sòlda yo te konn grese boukliye yo pou pwoteje po bèt la e pou pati ki fèt an metal la pa wouye. Si yon sòlda te vin rann li kont boukliye l la gen yon pwoblèm, li te konn fè yon jan pou l repare l pou l ka toujou pare pou lè l pral nan lagè ankò. Ki rapò egzanp sa a genyen ak lafwa nou?

4. Sa k fè nou dwe egzamine boukliye lafwa nou an e ki jan nou ta dwe fè sa?

4 Menm jan ak sòlda nan tan lontan yo, nou dwe verifye boukliye lafwa nou an regilyèman e nou dwe pran swen l pou n ka toujou pare pou nou batay. Antanke kretyen, nou nan yon konba espirityèl, e gen nan ènmi nou yo se espri mechan yo ye (Efe. 6:10-12). Pèsonn pa ka pran swen boukliye lafwa nou an pou nou. Ki jan nou ka sèten nou pare pou n fè fas ak eprèv? Toudabò, nou dwe priye Bondye pou l ede nou. Ansuit, nou bezwen sèvi ak Pawòl Bondye a pou ede nou egzamine lafwa nou pou n wè si l ann amoni ak volonte Bondye (Ebre 4:12). Men sa Bib la di: “Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w konte sou entèlijans ou.” (Pwo. 3:5, 6). Kounye a, fè yon ti reflechi sou kèk desizyon ou te pran sa pa gen twò lontan. Pa egzanp, èske w te gen gwo pwoblèm ekonomik? Èske w te reflechi sou pwomès Jewova fè ki nan Ebre 13:5 lan ki di: “Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w”? Èske pwomès sa a te ba w asirans Jewova ap ede w? Si se wi, konnen ou fè efò pou boukliye lafwa w la ka ret anfòm.

5. Ki sa w ka jwenn lè w egzamine lafwa w?

5 Ou ka sezi wè sa w jwenn lè w byen egzamine lafwa w. Ou ka wè w gen yon seri feblès ou pa t panse w te genyen. Pa egzanp, ou ka rann ou kont enkyetid ki pa nesesè, manti ak dekourajman gen move efè sou lafwa w. Si sa rive w, ki jan w ka pwoteje lafwa w pou lòt move bagay pa rive l?

PWOTEJE TÈT OU KONT ENKYETID KI PA NESESÈ, KONT MANTI AK DEKOURAJMAN

6. Bay kèk egzanp ki montre pafwa li bon pou n enkyete n.

6 Pafwa li bon pou n enkyete n. Pa egzanp, li nòmal pou nou enkyete n pou n rive fè Jewova ak Jezi plezi (1 Kor. 7:32). Si nou fè yon peche grav, n ap enkyete n pou n ka retounen gen bon relasyon ak Bondye (Sòm 38:18). Nou enkyete n tou pou n fè mari n oswa madanm nou plezi e pou byennèt fanmi nou ak kwayan parèy nou. — 1 Kor. 7:33; 2 Kor. 11:28.

7. Selon Pwovèb 29:25, poukisa nou pa dwe pè moun?

7 Yon lòt bò, enkyetid ki pa nesesè ka gen move efè sou lafwa nou. Pa egzanp, nou gendwa toujou ap enkyete pou n konnen èske n ap gen ase manje ak rad (Mat. 6:31, 32). Sa ka fè nou konsantre sou chèche byen materyèl. Sa ka menm fè nou vin renmen lajan. Si nou kite sa rive, lafwa nou gen nan Jewova a ap vin febli e n ap vin gen gwo pwoblèm nan domèn espirityèl (Mak 4:19; 1 Tim. 6:10). Oswa, nou ka tonbe nan yon lòt kalite enkyetid ki pa nesesè: nou ka vin ap bay tèt nou anpil pwoblèm pou fè lòt moun plezi. Lè konsa, nou ka plis pè pou moun pa pase nou nan jwèt oswa pou yo pa pèsekite nou olye nou pè pou nou pa rive fè Jewova plezi. Pou n pwoteje tèt nou kont danje sa a, nou dwe sipliye Jewova pou l ban nou lafwa ak kouraj n ap bezwen pou nou fè fas ak pwoblèm sa a. — Li Pwovèb 29:25; Lik 17:5.

Yon papa ki Temwen ak fanmi l ki chita toupre l. Papa a etenn televizyon an.

(Gade paragraf 8.)b

8. Ki jan nou dwe reyaji devan manti?

8 Satan, “papa manti” a, sèvi ak moun ki anba kontwòl li pou l gaye manti sou Jewova e sou frè n ak sè n yo (Jan 8:44). Pa egzanp, aposta yo gaye manti e yo tòde yon seri enfòmasyon konsènan òganizasyon Jewova a sou sit Entènèt yo e pa mwayen televizyon ak lòt medya. Manti sa yo fè pati yon seri “flèch” Satan “ap voye tou limen”. (Efe. 6:16.) Ki jan nou dwe reyaji si yon moun ta vin devan nou ak manti sa yo? Nou pap koute yo! Pou ki rezon? Paske nou gen lafwa nan Jewova e nou fè frè nou yo konfyans. Anfèt, nou evite tout kontak avèk aposta. Nou pa janm nan pale avèk yo sou anyen oswa pou kèlkeswa rezon an, menm pou chèche konnen sa y ap di.

9. Ki efè dekourajman ka gen sou nou?

9 Dekourajman ka fè lafwa nou febli. Nou pa ka vag sou pwoblèm nou genyen yo. Anfèt, nou t ap montre nou se moun ki pa pran responsablite nou si n ta fè sa. Pafwa, nou ka santi nou dekouraje. Men nou pa dwe kite pwoblèm yo boulvèse lespri nou. Si nou fè sa, nou ka pa ret konsantre sou bèl esperans Jewova ban nou an (Rev. 21:3, 4). Lè sa a, dekourajman ka fè nou pèdi fòs e sa ka fè nou sispann sèvi Jewova (Pwo. 24:10). Men, nou pa oblije kite sa rive nou.

10. Ki sa w aprann nan yon lèt yon sè te ekri?

10 Ann wè ki jan yon sè Ozetazini ap fè efò pou l kontinye gen lafwa toutpandan l ap pran swen mari l ki malad grav. Men sa l ekri nan yon lèt li te voye nan syèj mondyal la: “Sitiyasyon nou an rèd e li dekourajan pafwa, men esperans nou genyen an solid. Enfòmasyon nou jwenn sou fason pou nou fòtifye lafwa nou e pou ankouraje nou touche m anpil. Nou vrèman bezwen konsèy ak ankourajman sa a. Sa ede nou kontinye kenbe e sa ede nou andire eprèv Satan itilize pou febli lafwa nou.” Pawòl sè sa a di yo fè n wè nou ka lite anba dekourajman! Ki jan? Nou bezwen konsidere pwoblèm nou genyen yo kòm yon tès Satan ap fè sou nou. Nou bezwen gen konfyans Jewova ap konsole n. E n bezwen gen rekonesans pou manje espirityèl li bay yo.

Pandan adorasyon an fanmi, menm papa sa a sèvi ak Labib pou l fòtifye lafwa fanmi l.

Èske w pran swen “gwo boukliye lafwa” w la? (Gade paragraf 11.)c

11. Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou pou n verifye nan ki kondisyon lafwa nou ye?

11 Èske w wè yon kote ou bezwen repare nan boukliye lafwa w la? Nan mwa ki sot pase yo, èske w te rive evite enkyetid ki pa nesesè? Èske w te fè efò pou w pa koute manti aposta ap gaye yo e pou w pa nan pale ak yo? Èske w te reyisi lite anba dekourajman? Si w te fè sa, konnen lafwa w anfòm. Men, nou dwe rete veyatif paske Satan ap eseye lòt zam sou nou. Kounye a, ann egzamine youn ladan yo.

VEYE POU N PA VIN RENMEN BAGAY MATERYÈL

12. Ki sa lanmou pou bagay materyèl ka lakòz nou fè?

12 Lanmou pou bagay materyèl ka fè nou vin distrè e sa ka fè nou neglije boukliye lafwa nou an. Men sa apot Pòl te di: “Pa gen okenn moun k ap sèvi kòm sòlda k ap antre nan fè komès, dekwa pou moun ki anwole l kòm sòlda a ka apwouve l.” (2 Tim. 2:4). Anfèt, sòlda women yo pa t gen dwa fè okenn lòt travay. Ki sa k t ap rive si yon sòlda pa t respekte lòd sa a?

13. Pou ki rezon yon sòlda pa t dwe antre nan fè komès?

13 Imajine sa. Yon jou maten, gen yon gwoup sòlda ki pase demi jounen ap antrene ak epe yo. Men, gen yon sòlda nan gwoup la ki pa la. Sòlda sa a ap vann bagay pou moun manje nan yon mache. Lè aswè rive, sòlda yo pran tan pou yo verifye ekipman yo genyen yo e pou yo file epe yo. Men, sòlda ki gen biznis lan pase tan l ap prepare bagay pou moun manje pou l vann demen. Men, nan demen maten, gen yon ènmi ki fè yon atak sanzatann. Ki sòlda w panse k ap pare pou batay la e k ap fè kè kòmandan an kontan? Si w ta nan batay sa a, bò kot ki sòlda w ta renmen kanpe, bò kot yon sòlda ki te byen prepare oswa bò kot sa ki kite lòt aktivite pran tèt li a?

14. Antanke sòlda Kris, ki sa nou bay enpòtans?

14 Menm jan ak yon bon sòlda, nou pap kite anyen fè nou bliye objektif prensipal nou genyen an, sètadi pou nou gen apwobasyon Kòmandan nou yo, anpalan de Jewova ak Kris. Sa gen plis enpòtans pou nou pase pou n ta gen kèlkeswa bagay monn Satan an gen pou l ofri. Nou veye pou nou gen kantite tan ak enèji nou bezwen pou nou sèvi Jewova e pou nou kenbe boukliye lafwa nou an ak rès ekipman konba espirityèl nou genyen yo nan bon kondisyon.

15. Ki avètisman Pòl ban nou, e poukisa?

15 Nou dwe toujou rete vijilan! Sa k fè sa? Apot Pòl te fè konnen “moun ki byen deside pou yo rich yo” ap “pèdi chemen lafwa a”. (1 Tim. 6:9, 10.) Ekspresyon “pèdi chemen” an montre nou kapab vin distrè nan chèche gen byen materyèl ki pa nesesè. Si n ta fè sa, nou t ap vin gen yon pakèt “anvi ki san sans e ki fè moun soufri”. Nou pa dwe kite anvi sa yo antre nan kè nou, okontrè, nou dwe sonje yo se yon seri zam ki ka fè nou soufri.

16. Sou ki kesyon istwa ki nan Mak 10:17-22 a ta dwe pouse nou reflechi?

16 Ann sipoze nou gen mwayen pou nou achte anpil bagay materyèl. Èske se yon bagay mal sa t ap ye si nou achte bagay nou renmen men nou poko bezwen? Pa vrèman. Men, ann fè yon ti reflechi sou kesyon ki vin apre yo: Menmsi nou ka achte yon bagay, èske nou vrèman gen tan ak enèji pou n sèvi avèk yo e pou n pran swen yo? Epitou, èske n ka vin twò atache ak bagay materyèl nou genyen? Èske sa ka rive nou vin tèlman atache ak bagay materyèl sa fè nou aji menm jan ak yon jèn gason ki pa t aksepte envitasyon Jezi te fè l pou l fè plis nan sèvis Bondye? (Li Mak 10:17-22.) Li t ap pi bon pou nou lontan si nou ta mennen yon vi senp epi n ta itilize tan nou ak fòs nou ki gen anpil valè pou n fè volonte Bondye!

KENBE BOUKLIYE LAFWA W LA BYEN DI

17. Ki sa nou pa dwe janm bliye?

17 Nou pa dwe janm bliye nou nan lagè e nou dwe pare pou nou goumen chak jou (Rev. 12:17). Frè n ak sè n yo pa ka pote boukliye lafwa nou an pou nou. Se nou menm ki dwe kenbe l byen di.

18. Sa k fè sòlda nan tan lontan yo te konn kenbe boukliye yo byen di?

18 Nan tan lontan, lè yon sòlda te demontre kouraj nan lagè, yo te konn onore l. Men, si l ta retounen san boukliye l, se t ap yon wont pou li. Men sa Tasit, yon istoryen women, te ekri: “Pi gwo wont yon sòlda ka pran se kite boukliye l dèyè.” Se youn nan rezon ki fè sòlda yo konn veye pou yo kenbe boukliye yo byen di.

Yon sè k ap li Labib, k ap fè kòmantè nan reyinyon, k ap preche e ki kenbe yon gwo boukliye devan l pou l bare flèch Satan yo.

Yon sè ki kenbe gwo boukliye lafwa l la byen di lè l li Pawòl Bondye a e l priye, lè l asiste reyinyon yo regilyèman e lè l patisipe nan travay predikasyon an kòmsadwa. (Gade paragraf 19.)

19. Ki sa nou dwe fè pou nou kenbe boukliye lafwa nou an byen di?

19 Nou kenbe boukliye lafwa nou an byen di lè nou asiste reyinyon yo regilyèman e lè nou fè lòt moun konnen non Jewova ak Wayòm li an (Ebre 10:23-25). Mete sou sa, nou li Pawòl Bondye a chak jou e nou priye Jewova pou l ede nou aplike sa Bib la di nan tout sa n ap fè (2 Tim. 3:16, 17). Konsa, pa gen zam Satan ap itilize kont nou k ap fè nou soufri nètale (Eza. 54:17). “Gwo boukliye lafwa” nou an ap pwoteje nou. N ap kenbe djanm kòtakòt ansanm ak frè n ak sè n yo. Nonsèlman n ap genyen batay n ap mennen chak jou yo, men tou n ap santi nou onore paske n ap nan menm kan ak Jezi lè l ap pote laviktwa nan lagè l ap fè kont Satan ak akolit li yo. — Rev. 17:14; 20:10.

KI JAN NOU KA PWOTEJE TÈT NOU KONT...

  • enkyetid ki pa nesesè?

  • manti ak dekourajman?

  • lanmou pou bagay materyèl?

KANTIK 118 “Ban nou plis lafwa”

a Sòlda yo te konn sèvi ak boukliye yo pou pwoteje kò yo pou anyen mal pa rive yo. Lafwa nou tankou yon boukliye. Nou bezwen pran swen lafwa nou menm jan sòlda yo te konn pran swen boukliye yo. Atik sa a pale sou sa nou ka fè pou nou sèten “gwo boukliye lafwa” nou an anfòm.

b ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan yon fanmi ki Temwen ap gade televizyon, yo tonbe sou yon emisyon kote yon seri aposta ap bay manti sou Temwen Jewova yo. Menm moman an, yo fèmen televizyon an.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Annapre, pandan y ap fè adorasyon an fanmi, papa a sèvi ak yon pasaj nan Bib la pou l fòtifye lafwa fanmi an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje