BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/99 p. 8
  • Fè bon izaj ak ansyen liv yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fè bon izaj ak ansyen liv yo
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Sou menm sijè a
  • Sèvi avèk yo olye nou stoke yo
    Ministè Wayòm nan — 2011
Ministè Wayòm nan — 1999
km 1/99 p. 8

Fè bon izaj ak ansyen liv yo

1 Lòm estoke plizyè milyon ansyen liv nan bibliyotèk nan tout kwen tè a. Toutfwa, ki byenfè etènèl liv sa yo pote pou limanite (Eklezyas 12:12) ? Piblikasyon ki dirije atansyon moun sou Wayòm Bondye a ak sa li pral fè pou limanite gen pi plis valè lontan. Pifò kongregasyon gen nan estòk yo divès kalite liv konsa ki te parèt anvan 1985. Diran mwa janvye a, n ap ofri piblik la ansyen liv sa yo.

2 Yo gen yon valè reyèl : Alòske kèk nan nou ka santi liv sa yo perime an konparezon ak liv ki fèk parèt yo, nou dwe sonje yo genyen verite biblik ladan yo. Yo esplike mesaj Wayòm nan, ki valab jis jodi a, e ki ka sove lavi moun, si yo akòde li atansyon (Jan 17:3). Donk, nou ta dwe deplwaye yon efò anplis pou nou fè yon bon izaj ak ansyen liv sa yo.

3 Eksperyans yon dam ki te eritye yon kantite ansyen piblikasyon Temwen Jewova de granmè li montre enpòtans liv sa yo. Yon Temwen te mande dam nan si li te gen yon ide sou enpòtans piblikasyon yo. Dam nan te reponn ni : “ Mwen pa konnen valè yo, men ki jan m ka rive konnen ? ” Dam nan te asepte yon etid biblik, li te vini nan laverite e apre sa, li te vin konsidere bibliyotèk granmè li a tankou yon trezò. Ala presye eritaj koleksyon ansyen liv sa a te presye !

4 Simaye yo : Se pou non sèlman ou ofri ansyen liv yo kay an kay, men tou fò w veye aske ou ofri yo lè w al vizite moun ou konnen ki renmen li piblikasyon nou yo, moun ki gen abònman La Tour de Garde ak Réveillez-vous!, ak moun ki nan wout peryodik ou. Pou moun k ap etidye Labib avèk ou, chwazi kèk ansyen liv ki kapab founi yo yon konesans jeneral ki pral elaji konpreyansyon yo sou laverite. Pa bliye chèche genyen tout ansyen liv ki manke nan bibliyotèk pèsonèl ou. Konsa, w ap rive konpile yon bibliyotèk teyokratik ki presye, e l ap ka sèvi pou anrichi moman etid pèsonèl ou.

5 Olye pou nou kite ansyen liv nou yo nan depo, annou fè bon izaj avèk yo pou nou motive moun nou rankontre pou yo “ krenn vrè Dye a e [pou yo] obsève kòmandman li yo ”. — Eklezyas 12:13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje