Siveyan k ap dirije nou yo : Kondiktè etid liv kongregasyon an
1 Sèvi an kalite kondiktè etid liv nan yon kongregasyon, se yon privilèj espesyal pou yon ansyen oswa yon asistan ministeryèl kalifye. Veye sou bezwen espirityèl moun ki nan gwoup li se yon reskonsablite enpòtan. Nou ka klase sèvis li yo an twa kategori.
2 Yon ansèyman bon kalite : Pou kondiktè etid liv kongregasyon an rive fè gwoup la konprann etid la chak semèn, sa mande pou li prepare afon. Li chèche ogmante apresyasyon moun yo pou sijè y ap etidye a. Olye pou li pale twòp diran etid la, li poze kesyon siplemantè apwopriye, lè sa nesesè, pou li endike ide prensipal ki nan leson an. Defi li gen pou li leve, se rann etid la enteresan, enstwi moun yo epi fè tout moun patisipe. Objektif li se bati nou espirityèlman, souliye enpòtans pratik etid la epi fè sijè a touche ni lespri ni kè. — 1 Tesalonisyen 2:13.
3 Yon aktivite pastoral pwofitab : Kondiktè etid liv la “ tankou yon kachèt kont van e yon refij kont tanpèt lapli ”. (Izayi 32:2.) Li sousye li reyèlman de tout moun ki nan gwoup li a, e li veye aske yo resevwa èd espirityèl lè youn nan yo dekouraje. — Ezekyèl 34:15, 16 ; 1 Tesalonisyen 2:7, 8.
4 Yon evanjelizasyon zele : Kondiktè etid liv kongregasyon an pran dispozisyon apwopriye, an tout konsyans, pou tout moun nan gwoup li a patisipe anplen nan ministè a. Li alatèt nan aktivite evanjelizasyon an, paske li konnen regilarite, zèl ak antouzyas pa li nan sèvis la ap gen yon enfliyans sou rès gwoup la (Kolosyen 4:17 ; 2 Tesalonisyen 3:9). Li fè efò pou li patisipe nan sèvis la ak chak manm nan gwoup li a. Si nou vle amelyore abilte nou nan predikasyon ak anseyman, kondiktè etid liv la kapab ede nou atenn objektif nou. — 1 Timote 4:16 ; 2 Timote 4:5.
5 Vrèman, nou beni ak lèzòm an kado sa yo, ki pare pou ofri nou èd espirityèl, pou soutni nou avèk amou (1 Tesalonisyen 5:14). Annou montre nou apresye dispozisyon mèveye sa a Jewova pran, lè nou patisipe regilyèman nan etid liv la e lè nou soutni fidèlman aktivite evanjelizasyon an. — Ebre 10:25.