Fason pou w laji ministè w
1 Sa gen plis pase 40 an depi La Tour de Garde 15 janvye 1955 lan te parèt ak yon atik ki rele : “ Vous faites de votre mieux. Est-ce suffisant ? ” Se ak byenveyans atik la te montre kòman pèp Jewova a ka fè plis efò toujou nan ministè a defason pou travay Wayòm nan ka vanse pou pi devan. Bon konsèy sa a apwopriye pou nou menm tou jounen jodi a k ap kontinye fè tout efò nou kapab pou n amelyore nou nan sèvis Jewova a.
2 Motif tout sèvis nou, se ta dwe pi gwo kòmannman an ki di: “ Ou dwe renmen Jewova ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout lespri w e ak tout fòs ou. ” (Mak 12:30). N ap montre lanmou san pataj nou genyen pou Jewova lè nou sèvi ak tout posiblite nou pou nou fè travay Wayòm nan vanse. Annou etidye kèk fason ki ka pèmèt nou laji ministè nou.
3 Pran reskonsablite w : Frè batize yo ka fè efò travay dabò pou yo vin asistan ministeryèl epi annapre pou yo vin ansyen. Atik “ Aspirez-vous à une charge ? ” ak atik “ Êtes-vous qualifié pour servir ? ” ki nan La Tour de Garde 1e septanm 1990 la te fè anpil frè souke kò pou yo rann tèt yo disponib pou pran reskonsablite nan kongregasyon an. Mande ansyen yo nan kongregasyon w lan kèk sijesyon dirèk sou fason pou w pwogrese ak fason pou w kalifye w pou sa.
4 Yo envite ansyen ak asistan ministeryèl selibatè yo pou yo reflechi seryezman sou posiblite pou yo ranpli yon fèy aplikasyon pou Lekòl fòmasyon ministeryèl la. W ap jwenn plis enfòmasyon sou lekòl sa a nan Index des publications de la Société Watch Tower (1986-1990, 1991-1994 ak 1996), nan ribrik “ École de formation ministérielle ”. Èske w pa rann ou kont gen yon “ pòt aktivite men lajè ki louvri devan w ” ? (1 Korentyen 16:9a.) Anpil frè ki pase ladan l pa t janm wè tout privilèj sèvis ki genyen lòt bò pòt Lekòl la. Jodi a genyen ki kontan sèvi nan Betèl, oswa nan sèvis pyonye espesyal, genyen ki misyonè oswa siveyan sikonskripsyon.
5 Chèche antre nan sèvis a plen tan an : Jèn ki fin desann bakaloreya, medam ki metrès kay ansanm ak moun ki pran retrèt yo ta dwe anvizaje seryezman pran sèvis pyonye. Al fè yon reli paj mitan Ministè Wayòm mwa jiyè 1998 la epi pran koze ak pyonye ki te pase nan menm sitiyasyon avè w. Petèt sa ka motive w laji ministè w nan sèvis pyonye menm jan avèk yo (1 Korentyen 11:1). Sa sa ta mande pou w laji aktivite w rive 70 èdtan pa mwa e konsa pou w tou vin pyonye pèmanan onfwa ?
6 Nan lemonnantye gen plis pase 17 000 frè ak sè k ap travay nan biwo filyal yo ak nan Betèl yo. Paj mitan Ministè Wayòm mwa mas 1995 lan te esplike kondisyon pou yon moun ranpli pou antre nan Betèl. Poukisa k fè w pa li l defason pou wè si w pa ranpli kondisyon yo mande yo pou privilèj san parèy sa a ?
7 Al sèvi kote yo bezwen pi plis moun : Èske w ap viv nan yon zòn tèritwa a preche souvan kote gen anpil frè ki la pou pataje reskonsablite yo ? Èske pou w laji ministè w ou anvizaje deplase al viv nan yon zòn ki bezwen plis moun ? Petèt ou te ka ale nan yon zòn andeyò ki toupre lakay ou ki bezwen plis travayè pou preche (Matye 9:37, 38). Men se pa yon bagay yon moun ka kouri prese fè. Sa mande pou w reflechi sou sa nan lapriyè (Lik 14:28-30). Pale de sitiyasyon w lan ni ak ansyen yo ni ak siveyan sikonskripsyon an. Y ap ede w wè èske l saj pou w deplase kounye a oubyen èske l pap pi bon pou ta prepare w pito pou yon lòt lè. Si w ta renmen ekri Lasosyete sou kote ou wè ou ta ka ale a, komite sèvis kongregasyon w lan dwe siyen yon lèt voye ale ansanm ak lèt pa w la.
8 Annou amelyore kalite sèvis nou : Petèt nou tout kapab patisipe pi plis toujou nan ministè a lè nou travay pou nou amelyore kalite sèvis nou. Èske w patisipe nan tout faz travay la, si nou pran preche kay an kay, predikasyon enfòmèl, al fè vizit ak fè etid biblik ? Si w gen yon etid w ap fè, èske w pa ka chèche amelyore ansèyman w ? Li ta bon pou nou regade sijesyon yo bay nan paj mitan Ministè Wayòm mwa jiyè 1996 la, ki montre ki jan pou n fè etidyan nou yo entèrese vwe lavi yo bay Jewova epi pou yo entèrese batize.
9 Chapit 9 liv Organisés pour bien remplir notre ministère bay plis detay sou fason nou ka laji ministè nou ak sou fason nou ka fè sa pi byen. Se sèten nou tout ta renmen fè otan nou kapab nan sèvis Bondye a. Poukisa w pa reflechi seryezman sou objektif espirityèl ou yo ? Annou mete 1 Timote 4:15 an pratik ki di konsa : “ Reflechi sou bagay sa yo, plonje ladan yo, defason pou pwogrè w parèt vizib pou tout moun. ”