Fòmasyon lekòl ou anrapò ak objektif espirityèl ou yo
1 Bon fòmasyon w ap pran lekòl etan ou jèn nan kapab fè w gen kapasite ou bezwen pou w konn li ak ekri byen epi pou w genyen yon konesans jeneral sou jeyografi, sou istwa, sou matematik, ak sou lasyans. Sa ap fè w aprann reflechi byen, analize enfòmasyon, rezoud pwoblèm, epi vini ak ide ki kapab bay bon rezilta. Yon fòmasyon konsa ap sèvi w pandan tout vi w. Men ki rapò sa genyen ak objektif espirityèl ou yo, epi ki jan sa kapab ede w gen “ sajès pratik ak kapasite pou reflechi ” ? — Pwovèb 3:21, 22.
2 Rann tèt ou itil nan sèvis Bondye a : Lè w nan klas la, swiv kou yo byen, lè w antre lakay ou, byen fè devwa w yo. Si ou vin fò nan lekti epi si ou pran abitid etidye leson w, w ap kapab etidye Pawòl Bondye a pi fasil epi sa ap ede w pou kenbe tèt ou dyanm nan domèn espirityèl (Travay 17:11). Si w gen yon bon konesans jeneral, sa ap ede w pale ak tout kalite moun w ap rankontre nan predikasyon kèlkeswa orijin sosyal yo, kwayans yo ak kèlkeswa domèn ki enterese yo. Fòmasyon w ap pran lekòl la ap ede w ak reskonsablite kretyen ou genyen anndan òganizasyon Bondye a. — Gade 2 Timote 2:21 ; 4:11.
3 Pran fòmasyon pou w kapab itil tèt ou : Si ou se moun ki sou lekòl, w ap kapab tou soti ak konpetans k ap pèmèt ou jwenn mwayen pou viv lè w fini lekòl (gade 1 Timote 5:8). Byen chwazi ki sa ou pral aprann. Olye ou anvizaje yon pwofesyon moun pa jwenn travay fasil ladan l, li t ap pi bon pou w anvizaje yon metye oubyen yon fòmasyon k ap ede w jwenn yon travay nenpòt kote (Pwovèb 22:29). Yon fòmasyon konsa ap ede w itil tèt ou si w deside al sèvi yon kote ki bezwen plis moun pou preche. — Gade Travay 18:1-4.
4 Si w chèche genyen yon bon baz pandan ou lekòl, sa ap kapab ede w laji ministè w. Travay di pou genyen konpetans k ap pèmèt ou itil tèt ou pandan w ap fè pwogrè nan sèvis Jewova a. Lè konsa, fòmasyon ou pran lekòl la pral sèvi w pou atenn objektif espirityèl ou yo.