Èske w ap debagaje ?
Si se sa, gen anpil bagay ou menm ak lòt moun bezwen pran inisyativ fè. Si w swiv pwen elemantè annapre yo, rapidman w ap entegre w nan nouvo kongregasyon w lan.
1) Depi ou fin konnen kote w prale, sekretè kongregasyon ou ye kounye a kapab fè w jwenn adrès Sal Wayòm nouvo kongregasyon ou prale a. Dèke w rive nan zòn nan, lokalize Sal la san pèdi tan e verifye orè egzat reyinyon kongregasyon an. Si gen plis pase yon kongregasyon ki reyini nan Sal Wayòm nan, mande ansyen yo endike w nan tèritwa ki kongregasyon ou abite. Pa pran tan pou w al asiste reyinyon epi pou w fè konesans ak ansyen yo nan kongregasyon an.
2) Sekretè kongregasyon ou ye kounye a ak sekretè nouvo kongregasyon an, toulede pral kowopere pou transfere fich aktivite pwoklamatè w ak fich pa fanmi w. Y ap voye yon lèt entwodiksyon bay ansyen nan nouvo kongregasyon w lan (gade “ Réponse à vos questions ” nan Le ministère du Royaume mwa fevriye 1991). Komite sèvis kongregasyon anplas la dwe fè kondiktè etid liv zòn ou an konnen rive w, dekwa pou l ka pran kontak avèk ou pou l ede w konnen kote nouvo gwoup etid liv ou a ye. — Wom. 15:7.
3) Tout pwoklamatè nan nouvo kongregasyon w lan gen yon wòl agreyab pou yo jwe : fè konesans avè w epi fè w santi w lakay ou (konpare ak 3 Jan 8). Natirèlman, sa vle di ou dwe prezan nan reyinyon yo yon fason pou w kapab edifye e pou w pwofite fè echanj ankourajman ak frè ak sè yo.
4) Ou pa bezwen tann tout aktivite ki enplike nan debagaje a fini nèt, anvan pou w patisipe nan predikasyon ak nouvo kongregasyon w lan. Toupandan w ap mete enterè Wayòm nan an premye, lòt bagay yo ap pran plas yo e w ap santi w alèz nan nouvo anviwònman ou vin ye a (Mat. 6:33). Lè w fin byen tabli nan nouvo kay ou ye a, pwobableman w ap anvi envite kèk moun nan kongregasyon an vin vizite w pou youn vin konnen lòt pi byen. — Wom. 12:13b.
Debagaje se yon gwo pwojè. Toutfwa, si tout moun ki enplike yo fè sa yo rekòmande a, pap gen fè bak nan domèn espirityèl. Lè tout moun wè lanmou fratènèl kretyen nou an ann aksyon y ap enpresyone an byen.