Avril : yon epòk pou moun zele nan fè bèl travay !
1 Lè yon tanpèt prèt pou rive sou yon zòn ki gen anpil moun, nesesite a vin ijan pou avèti popilasyon an sou danje ki menase yo a. Tank tanpèt la pi pre, se tank yo dwe mete plis enèji deyò pou bay avètisman an. Poukisa ? Paske se lavi moun ki menase ! Gen moun ki kapab pa t tande premye avètisman yo. Gen lòt ki kapab te tande, men yo te neglije pou yo aji. Menm bagay la vre tou pou avètisman Bondye ban nou misyon pou n klewonnen anvan “ van tanpèt ” kòlè jistis li a detwi tout rès monn mechan sa a (Pwo. 10:25). Lavi etènèl dè milya moun an danje ! Fòk avètisman an klewonnen. Nou dwe “ zele nan fè bèl travay ”. — Tit 2:11-14.
2 Depi plizyè dizèn ane, pèp Jewova a resevwa ankourajman pou l fè epòk Memoryal la tounen yon peryòd pou moun zele anpil nan ministè a. Nan prentan 1939, Informateur, ansyen non Ministè Wayòm nan, te bay ankourajman sa a : “ Avèk prentan an ansanm ak bèl tanperati k ap vini an, nou ta dwe atann pou lè pwoklamatè kongregasyon yo ap pase nan sèvis predikasyon an double, epi pou lè pyonye yo vin ogmante pi plis toujou. Avril se yon mwa ki gen senk dimanch ladann. Li gen senk samdi tou. Ann fè tout samdi ak dimanch diran mwa avril la tounen... yon peryòd espesyal pou bay temwayaj. ” Sa gen 60 an, objektif sa a te yon defi pou frè yo ! Ane sa a, menm jan ak ane 1939 la, mwa avril la gen senk wikenn konplè. Ki jan w ranje pwogram ou pou mwa sa a ? Ki sa w make nan almanak ou pou w fè nan avril 2000 ? Planifye pou w gen yon bèl patisipasyon nan fè bèl travay an konpayi rès pèp Jewova a diran mwa espesyal aktivite espirityèl akselere sa a.
3 Ki sa nou espere reyalize : Jou ki pi enpòtan nan ane 2000 la tonbe nan mwa sa a. Se 19 avril, anivèsè lanmò Jezi a. Annou fè yon efò espesyal pou n envite piplis moun posib nan Memoryal la. Kòm yo te sijere mwa pase a, fè lis tout moun ki ta kapab asiste Memoryal la, epi verifye si nou pa bliye pèsonn. Pami envite yo ou ta dwe ajoute pwoklamatè inaktif yo, moun n ap etidye Labib avèk yo, moun n ap vizite yo, moun ki te konn etidye oparavan, kòlèg travay, kanmarad lekòl, vwazen yo, fanmi nou ak lòt moun nou konnen. Èske moun ki vle asiste yo gen mwayen transpò ? Si yo pa genyen, èske avèk amou, ou kapab ba yo èd ou ? Nan aswè Memoryal la, nou tout pral gen privilèj fè moun ki vin asiste yo santi nou kontan wè yo. Apre Memoryal la, nou kapab kontinye bay moun ki enterese yo plis èd espirityèl.
4 Si nou “ zele nan fè bèl travay ” nan jou anvan Memoryal la ak jou apre yo, se yon bèl fason pou n demontre Jewova nou vrèman rekonesan pou tout sa l fè pou nou. Jounen yo k ap pi long ak bèl tanperati ou jwenn nan laplipa zòn, pral pèmèt anpil nan nou ogmante efò n ap fè nan aktivite evanjelizasyon an. Si w se pyonye oksilyè, w ap vle fè tout posib ou pou w pase 50 è pou pi piti nan ministè a (Mat. 5:37). Kole sere sou orè ou te bati nan kòmansman mwa a (Ekl. 3:1 ; 1 Kor. 14:40). Se pou rès pwoklamatè yo fè sa yo kapab pou bay tout pyonye yo lamenfòt, kit se pou ba yo ankourajman, kit se pou travay avèk yo nan predikasyon. (Gade 2 Wa 10:15, 16.) Si nou simen avèk zèl pandan mwa avril la, nou kapab atann pou n rekòlte anpil jwa ak benediksyon nan men Jewova (Mal. 3:10). Petèt sa pral sèvi pou ban nou elan pou nou vin pyonye oksilyè oubyen pyonye pèmanan. Nou swete pou bèl elan espirityèl n ap pran ann avril la pwolonje nan mwa k ap vini yo pandan n ap toujou rete pwoklamatè Wayòm ki regilye.
5 Pa gen dout, gen dè milye moun pami pèp Jewova a ki pral kòmanse plis etid biblik mwa sa a. Èske w ta renmen kòmanse youn ? Lapriyè espesyalman pou w jwenn yon etid biblik, epi travay ann amoni ak priyè w la. Ou mèt sèten Jewova ap apresye dèske ou mande l èd ak imilite, e l ap fè w jwenn yon moun ki gen bon kè pou w anseye. — 1 Jan 3:22.
6 Men yon metòd ki gen anpil bon rezilta yo te deja teste nan predikasyon pou kòmanse konvèsasyon. Kòmanse mande moun nan : “ Èske w panse tout vyolans ki genyen nan lekòl yo se movèzespri yo ki lakòz oubyen se paske paran yo manke bay pitit yo fòmasyon ” ? Kite moun nan reponn. Si moun nan di se “ movèzespri yo ki lakòz ”, li Revelasyon 12:9, 12. Souliye wòl Dyab la nan latwoublay k ap kòmande nan monn nan. Ouvri bwochi Sa Bondye vle a nan leson 4, e mande moun nan si l te janm konn mande tèt li ki kote Dyab la soti. Ou mèt li de premye paragraf yo epi fè dyalòg sou yo. Si moun nan di “ se paske paran yo manke bay pitit yo fòmasyon ” kòm rezon ki fè gen vyolans nan lekòl yo, li 2 Timote 3:1-3 e endike pwen ki lakòz pwoblèm sa a toutbonvre. Ouvri bwochi Sa Bondye vle a nan leson 8 la, li paragraf 5 la, epi kontinye konvèsasyon an. Si w kapab pran yon randevou pou retounen, petèt w a tou louvri chemen pou yon etid biblik regilye ak moun nan. Nan yon lòt vizit ankò, mande l si pa gen pèsonn lòt moun ki te kapab enterese tande sa l ap aprann nan.
7 Yon lòt fason pou n “ zele nan fè bèl travay ” diran mwa avril la se patisipe nan lòt aspè predikasyon an. Èske w te panse preche sou plas piblik oswa nan pakin machin ? Nan yon estasyon otobis oswa sou yon waf ? Oubyen èske w ta renmen eseye preche nan telefòn, nan lari, oswa nan katye komès ? Poukisa w pa mete ide sa yo an pratik mwa sa a ? Jewova ap ede w rasanble kouray ou bezwen an (Tra. 4:31 ; 1 Tes. 2:2b) Petèt ou kapab pran randevou ak yon pyonye oswa yon pwoklamatè ki gen eksperyans nan lòt aspè sa yo nan ministè a.
8 Nenpòt moun ki ta renmen fè plis nan travay predikasyon an ap kontan patisipe nan fè temwayaj enfòmèl. Souvan tout sa sa mande se kòmanse yon konvèsasyon amikal avèk yon moun. Senpleman vini ak yon sijè ki enterese anpil moun, tankou metòd yo souliye nan paragraf 6 la. Tout ti tan w genyen, menm sa ki tou piti a, fè tout efò w pou w byen sèvi avè l, pou w pa pèdi l. Nou pap jete 20 kòb oswa 50 kòb oswa 1 goud senpleman paske yo pa rive yon dola. Poukisa nou pa pwofite itilize senk minit, diminit oswa yon kadè pou n fè temwayaj enfòmèl ?
9 Yon tan pou reflechi : Ann retounen panse sou pwen fò ki te nan dram ane pase a nan kongrè distri “ Pawòl pwofetik Bondye a ”. Tit dram nan se te Annou montre nou apresye eritaj espirityèl nou an. Li te fè nou reflechi seryezman sou diferans ki genyen ant Jakòb ak Ezayi. Ezayi te di bagay espirityèl enterese l nan menm degre ak Jakòb, men aksyon Ezayi pa t montre sa (Jen. 25:29-34). Ala yon kokenn avètisman pou nou ! Menm jan ak Jakòb ann pare nou pou nou lite, menm lite kò a kò pou jwenn benediksyon Jewova (Jen. 32:24-29). Poukisa nou pa sèvi ak mwa avril la ak tout lòt mwa k ap vin apre yo pou n reprann zèl nou te genyen an, san nou pa janm pran bèl eritay espirityèl nou an pou lajan kontan ?
10 “ Gran jou Jewova a byen pre. Li byen pre, e l ap prese anpil. ” (Sef. 1:14). Fòk bon nouvèl Wayòm nan klewonnen. Gen lavi moun ki an danje ! Nou swete pou mwa sa a pwouve li se yon mwa benediksyon espesyal pou tout pèp Jewova a, pandan n ap montre nan tèt ansanm, nou se moun ki “ zele nan fè bèl travay ”.
[Kare nan paj 4]
Rapèl pou Memoryal la
Ane sa a Memoryal la ap tonbe mèkredi 19 avril. Kesyon annapre yo ta dwe enterese ansyen yo :
◼ Lè n ap fikse lè Memoryal la, asire nou pou yo pa pase anblèm yo anvan kouche solèy.
◼ Tout moun, san wete oratè a, ta dwe konnen akilè e ki kote egzakteman Memoryal la ap fèt.
◼ Chèche genyen kalite pen ak diven ki apwopriye a epi mete yo sou lamen. — Gade nan La Tour de Garde 15 fevriye 1985, p. 17.
◼ Pote asyèt, vè, yon tab ak yon nap konvnab nan lokal la davans e mete yo nan plas yo.
◼ Sal Wayòm nan oswa lòt kote Memoryal la ap fèt la dwe byen netwaye davans.
◼ Chwazi davans plasè ak frè pou pase anblèm yo epi fè yo konnen reskonsablite yo ak fason apwopriye pou yo jwe wòl yo.
◼ Yo dwe pran dispozisyon pou prezante anblèm yo bay tout kretyen wen ki enfim oubyen ki pa kapab prezan.
◼ Lè gen plis pase yon kongregasyon ki prevwa itilize menm Sal Wayòm nan, ta dwe gen bonjan kolaborasyon ant kongregasyon yo pou evite blokis nan antre Sal la, sou twotwa ak nan paking nan.