BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/00 p. 7
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Èske w byen sèvi ak kat JW.ORG yo?
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
Ministè Wayòm nan — 2000
km 4/00 p. 7

Repons kesyon w yo

◼ Ki moun ki ta dwe resevwa yon ensiy pou kongrè distri ?

Ensiy pou kongrè kapab trè itil pou idantifye frè nou yo e pou fè piblisite pou kongrè a. Sepandan, yo pa ta dwe distribye yo san gade dèyè. Yo idantifye moun ki pote l la kòm moun ki gen bèl repitasyon nan kongregasyon Temwen Jewova li ye a.

Ensiy la gen plas pou non moun nan e li gen plas pou non kongregasyon an tou. Kifèla, fòk moun nan ta asosye ak kongregasyon ki mansyone a nan yon mezi rezonab. Sosyete a voye yon valè ensiy nan chak kongregasyon. Li konvnab pou yo bay chak pwoklamatè batize ak chak pwoklamatè ki poko batize yon ensiy. Timoun ak lòt moun ki asiste reyinyon kongregasyon an regilyèman e ki ap fè pwogrè pou yo patisipe nan ministè a kapab resevwa youn tou. Li pa ta konvnab pou bay yon moun yo ranvwaye yon ensiy pou kongrè.

Lè yo fè konnen ensiy yo disponib, ansyen yo ta dwe veye pou yo distribye yo ann amoni ak enstriksyon sa yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje