“ Pa kite dòmi pran nou ”
1 Apre Jezi te fin bay detay sou evènman trèzenpòtan ki ta make dènye jou sistèm de choz jodi a, li te chofe disip li yo anpil pou yo “ pa kite dòmi pran yo ”. (Mak 13:33.) Poukisa kretyen yo pa dwe kite dòmi pran yo ? Se paske n ap viv nan tan ki pi danjere a nan istwa lèzòm. Se pa lemoman pou n ap kabicha nan domèn espirityèl. Sa ta montre nou manke apresye travay Jewova ban nou fè nan tan lafen sa a. Ki travay ?
2 Jewova fè pèp pa l la pwoklame bon nouvèl Wayòm li a sou tout latè. Se sèl espwa limanite. Travay sere kole n ap fè ansanm ak òganizasyon Bondye a idantifye nou kòm kretyen ki pran konsyans nan ki epòk nou ye e ki pran konsyans sou nesesite pou ede lòt moun tande “ pawòl lavi etènèl ” la. (Jan 6:68.) Lè nou zele pou patisipe nan travay ki gen kokennchenn enpòtans sa a, nou bay prèv nou se moun ki pap kite dòmi pran nou espirityèlman.
3 Motive pou preche : Piske nou se Temwen Jewova, nou ta dwe byen dispoze alega ministè nou. Lanmou pou Bondye ak pwochen nou fè nou anvi patisipe nan travay predikasyon an pèsonèlman (1 Kor. 9:16, 17). Depi nou fè konsa n ap sove ni tèt nou, ni moun k ap koute nou yo (1 Tim. 4:16). Annou pran rezolisyon pou nou patisipe regilyèman otank posib nan predikasyon Wayòm nan, ki pi bon gouvènman limanite te ka genyen.
4 Gen yon bagay enpòtan ki fè nou wè ijans ministè a : se deklanchman gwo tribilasyon an ki pral rive pandan nou toujou okipe nan travay sa a. Konnen nou pa konnen jou a ak lè a, sa mande pou nou pa kite dòmi pran nou e pou nou toujou pare, pandan nou montre, nan lapriyè, se sou Jewova nou konte (Efe. 6:18). Kad aktivite predikasyon an kontinye ap laji. Men, nan yon jou ki pa lwen, pi gwo travay temwayaj nan istwa limanite a pral rive nan tobout li.
5 Annou suiv fidèlman kòmandman Jezi a pou nou “ pa kite dòmi pran nou ”. Sa vin pi grav kounye a pase lontan. Nou swete pou reyaksyon nou montre nou santi ijans lan. Jounen jodi a epi chak jou, annou rete moun ki espirityèlman serye, ki veyatif e ki aktif nan sèvis Jewova. Wi, se pou nou “ pa kite dòmi pran nou epi se pou nou kenbe bon sans nou ”. — 1 Tes. 5:6.