BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/00 p. 7
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Enstwi pitit ou depi l toupiti
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
Ministè Wayòm nan — 2000
km 5/00 p. 7

Repons kesyon w yo

◼ Ki jan plasè yo kapab bay paran yo koutmen pou ede yo ak pitit yo pou gen bonjan lòd nan reyinyon yo ?

Tounatirèlman timoun gen anpil enèji, e yo pa abitye rete chita lontan. Apre yon reyinyon, timoun yo gen rezèv enèji ki kapab pouse yo kouri dèyè lòt timoun nan Sal Wayòm nan oswa nan lòt kote y ap fè reyinyon, nan pakin oswa sou twotwa. Toutfwa, pwovèb veridik la di : “ Yon tigason ki lage lib gen pou fè manman l wont. ” — Pwo. 29:15.

Se tris pou n di gen kèk frè ak sè ki granmoun ki te pran gwo bòt paske timoun te kouri vin sou yo e yo te blayi yo atè. Sa fè moun soufri pou granmesi menm jan sa lakòz paran yo ak kongregasyon an fè depans ki pa t nesesè. Pou sekirite timoun yo ak sekirite lòt moun, nou pa ta dwe kite timoun ap kouri epi ap jwe ni anndan ni deyò Sal Wayòm nan.

Dapre Bib la, paran yo gen reskonsablite pou fòme pitit yo pou yo gen bonjan respè pou kote n ap adore a (Ekl. 5:1a). Nan reyinyon n ap fè, nan asanble ak nan kongrè, wòl plasè yo se veye pou ‘ tout bagay fèt avèk desans ’ e pou gen ‘ bonjan lòd ’ kote konsa (1 Kor. 14:40; Kol. 2:5). Plasè yo dwe rete vijilan anvan pwogram nan, pandan pwogram nan e apre, anndan kou deyò. Si yon timoun ap kouri oubyen li vin endisipline, plasè a kapab estope li jantiman e esplike l poukisa aksyon konsa pa bon. Apresa, yon fason emab, li ta dwe fè paran timoun nan konn pwoblèm nan epi fè yo wè nesesite pou yo siveye timoun nan. Paran an ta dwe dispoze kolabore.

Byennantandi, gen tibebe ak timoun piti ki konn kriye oswa fè dezòd pandan reyinyon. Plasè yo ki rive 20 minit anvan pwogram nan kòmanse, kapab rezève de dènye ran yo nan sal la pou paran ki ta vle chita la avèk timoun piti yo genyen. Nou menm ki fè pati rès kongregasyon an nou ta dwe kopere pou kite plas sa yo disponib pou yo.

Si yon timoun lakòz yon dezòd, paran an ta dwe reyaji. Si paran an pa fè anyen epi deranjman an ap detounen atansyon moun, yon fason emab, yon plasè ta dwe al mande paran an si l ta vle fè yon ti soti deyò avèk timoun nan. Lè nou envite nouvo ki gen timoun piti nan reyinyon, nou ta dwe chita ansanm avèk yo epi ofri pou n ede yo si timoun yo ap kriye oswa si yo fè dezòd lòt fason ankò.

Sa fè nou kontan pou nou wè timoun tout laj nan Sal Wayòm nan epi pou n gade bèl konduit yo genyen anndan fanmi Bondye a (1 Tim. 3:15). Avèk respè yo montre pou dispozisyon Jewova pran pou moun adore, yo onore Jewova e tout moun apresye yo nan kongregasyon an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje