Repons kesyon w yo
◼ Ki moun ki ta dwe fè lapriyè nan reyinyon kongregasyon an ?
Lapriyè an gwoup se yon pati esansyèl nan adorasyon nou. Reprezante lòt moun devan Jewova se yon kokenn privilèj e se yon reskonsablite ki lou. Anrapò ak enpòtans li, ansyen yo bezwen sèvi ak bon jijman yo lè y ap deside kilès frè ki kalifye pou fè lapriyè nan reyinyon yo. Frè batize yo k ap reprezante kongregasyon an, ta dwe minis kretyen ki gen matirite, tout moun konnen kòm moun ki bay bon egzanp e kòm moun yo respekte nan kongregasyon an. Priyè frè sa yo, ki fèt avèk reverans ansanm ak respè, ta dwe revele yo gen bonjan relasyon avèk Jewova Dye. Nan atik “ Des prières publiques qui viennent d’un coeur humble ” nan La Tour de Garde 15 me 1986, nou jwenn prensip enpòtan ki kapab itil sitou pou moun k ap fè lapriyè an piblik onon kongregasyon an.
Ansyen yo pap pran yon frè pou fè lapriyè si frè a koni kòm moun konduit li pa fin bon oswa kòm moun ki frivòl. Yo pap chwazi yon frè ki toujou gen tandans mekontan oswa ki gen tandans sèvi ak lapriyè an piblik kòm mwayen pou rakonte pwoblèm li genyen ak lòt moun (1 Tim. 2:8). Menm lè petèt yon ti jèn frè batize, ansyen yo bezwen deside si l atenn yon devlopman espirityèl sifi, dekwa pou l lapriyè pou kongregasyon an. — Gade Travay 16:1, 2.
Pa okazyon, nan reyinyon pou predikasyon, li kapab petèt nesesè pou se yon sè batize ki lapriyè si pa gen okenn frè kalifye ki la pou reprezante gwoup la. L ap nesesè pou l kouvri tèt li kòrèkteman. Si nan kèk reyinyon pou predikasyon li pwobab pap gen yon frè kalifye ki ap la, ansyen yo ta dwe chwazi yon sè kalifye kòm alatèt.
Abityèlman se prezidan reyinyon piblik la ki fè lapriyè kòmansman an. Sepandan, nan lòt reyinyon kongregasyon an, lè se pa dezoutwa frè kalifye sèlman ki disponib, apa frè yo chwazi pou kòmanse reyinyon an oswa frè ki pral fè dènye pati a, yo kapab chwazi yon lòt frè pou fè lapriyè kòmansman an ak yon lòt pou fè lapriyè final la. Detoutfason, frè yo chwazi pou fè lapriyè nan yon reyinyon kongregasyon an ta dwe konn sa davans. Konsa, li kapab gentan reflechi sou sa l pral di a. Kidonk, l ap kapab fè yon priyè lojik, yon priyè sensè ki apwopriye pou reyinyon sa a an patikilye.
De priyè konsa pa bezwen long. Jeneralman, lè yon frè ap fè lapriyè an piblik, y ap tande l pi byen si l kanpe. Se pou l pale ak yon bon wotè vwa e se pou l pale byen klè. Sa pral pèmèt tout moun ki la tande priyè a epi di “ amèn ” ak tout kè yo nan fen priyè a. — 1 Kwo. 16:36 ; 1 Kor. 14:16.