Reyinyon yo bon pou jèn yo
1 Men sa yon jennfi te deklare : “ Gendelè m panse lè moun jèn se moman ki pi difisil nan lavi a. Nou antoure ak moun k ap fè fònikasyon, moun ki nan dwòg ak moun k ap bwè. ” Èske se sa nou santi tou ? Si se sa, ki sa nou panse ki kapab ede nou konbat move enfliyans sa yo ? Nou bezwen lafwa, yon lafwa ki solid nan chemen dwat Jewova yo, paske san sa “ li enposib pou nou fè l plezi ”. (Ebre 11:6.) Asiste reyinyon kongregasyon an pral ede nou ranfòse konviksyon nou ak detèminasyon nou kòm kretyen, pou nou evite sa ki mal.
2 Reyinyon yo gen anpil pou ofri nou : Ki sa ki fè yon bon repa agreyab an konpayi bon zanmi nou genyen ? Èske se pa bon kalite manje, konpayèl ki senpatik ak yon anbyans rilaks ki fè sa ? Ebyen, se menm anbyans agreyab sa a reyinyon yo ofri nou, men nan yon sans espirityèl.
3 Se bagay ki bati moun y ap pale nan reyinyon yo, soti nan pwoblèm toulejou lavi a pote rive nan etid pwofesi atiran ki nan Bib la. Yo ban nou ansèyman ki itil pou aprann nou jan pou nou viv pi byen ak fason pou nou afwonte eprèv nou rankontre yo. Konpayon nou rankontre nan reyinyon yo se sa ki pi bon yo, kèlkeswa kote nou ye a. Anbyans espirityèl la agreyab epi se yon pwoteksyon (Sòm 133:1). Se pa etonan si yon jèn te di : “ Mwen pase tout jounen m lekòl epi m santi m bouke nèt anba tansyon. Men, reyinyon yo tankou yon ti zòn ki gen frechè nan yon dezè ki fè m santi m remanbre pou m afwonte jounen lekòl ki vin apre a. ” Gen yon lòt ki di : “ Mwen konstate lè m frekante souvan lòt moun ki renmen Jewova sa ede m rete pre avèk li. ”
4 Lè nou enskri nan Lekòl ministè teyokratik la, nou aprann rasanble enfòmasyon biblik, nou aprann devlope yo pou nou fè yon diskou, ansuit nou prezante yo sou fòm konvèsasyon devan yon oditwa nan Sal Wayòm nan. Imajine byenfè sa pote lè moun pran bonjan fòmasyon pou l vin gen ladrès pou anseye verite Pawòl Bondye k ap sove lavi a ! Ki lòt kote jèn yo kapab resevwa fòmasyon ki gen valè konsa ?
5 Fason pou nou tire plis pwofi nan reyinyon yo : Pou nou tire plis pwofi nan reyinyon yo gen twa bagay ki esansyèl : se preparasyon, se patisipasyon epi se mete an pratik.
6 Se pou n prepare yo : Se pou n prevwa tan pou nou prepare reyinyon yo regilyèman. Pa kite bagay tankou devwa lekòl, travay demi jounen oswa moman detant, vòlè tan ki nesesè pou nou gade alavans pati yo pral egzamine nan chak reyinyon. Gen avantay pou moun gen yon bon pwogram. Toudabò, se pou nou ajou ak pwogram lekti Labib pou semèn nan nan Lekòl ministè teyokratik la. Sa pran jis kèk minit chak jou pou nou li chapit yo bay yo epi pou n medite sou yo. Rezève tan pou prepare etid liv la ak etid La Tour de Garde la. Gen kèk moun ki fè preparasyon reyinyon sa yo omwen youn ou de jou alavans. Otan sa posib, fè menm jan an pou reyinyon sèvis la.
7 Se pou n patisipe ladan yo : Nan laj 12 an, selon sa Bib la di, yo te jwenn Jezi nan tanp lan, li t ap koute, li t ap poze kesyon e li t ap reponn kesyon (Lik 2:46, 47). Sa vle di, li te santi l konsène san rezèv nan sa ki t ap fèt yo. N ap tire plis pwofi nan reyinyon yo si nou fè efò pou nou patisipe ladan yo. — Pwo. 15:23.
8 Li nesesè pou nou konsantre nou toutbonvre sou sa y ap anseye nan reyinyon yo. Gen defwa, koute yon diskou konn pi difisil pase bay youn. Poukisa ? Paske lespri nou kapab ap flannen lè yon lòt moun ap pale. Ki jan nou kapab konbat sa ? Nan pran nòt. Pran nòt sou pwen ki enpòtan yo pou nou reli yo apre. Nòt n ap pran yo pral ede nou kenbe lespri nou fikse sou pwogram nan. Gade tèks biblik yo tou, e pandan oratè a ap fè lekti tèks sa yo suiv yo ansanm avè l.
9 Anplisdesa, se pou nou gen objektif pou n patisipe nan chak dyalòg kesyon/repons y ap fè nan reyinyon yo. N ap menm tire plis pwofi toujou si nou byen reflechi sou sa n ap di a. Pwovèb 15:28 di : “ Kè moun ki jis la medite pou l reponn. ”
10 Mete sa n aprann nan an pratik : Dènye etap la se pou nou asire nou sa n aprann nan “ ap travay nan nou menm ”. (1 Tes. 2:13.) Kòm n ap mete bon pwen nou aprann nan chak reyinyon yo an pratik, n ap vin pi pre Jewova Dye. Li pral vin reyèl pou nou, e n ap vin gen anpil jwa ak anpil satisfaksyon pandan n ‘ ap mache nan laverite a ’. Se pou nou fè l abite nan nou menm. — 3 Jan 4.
11 Jèn frè ak jèn sè, tank nou prepare reyinyon yo regilyèman, nou patisipe ladan yo, e nou mete sa nou aprann yo an pratik, se tank n ap vin renmen reyinyon yo. Anmenmtan, n ap jwenn tout sa ki kapab bon pou nou ladan yo. Lafwa nou ak detèminasyon nou pou nou rete fidèl devan Jewova, Papa nou ki nan syèl la, pral ranfòse. — Sòm 145:18.