BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp20 no 1 p. 12-13
  • Laverite sou Wayòm Bondye a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Laverite sou Wayòm Bondye a
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
  • Sou menm sijè a
  • Sa Jezi te anseye sou Wayòm Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Konsènan Wayòm Bondye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Wayòm Bondye a antre an fonksyon !
    Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye ?
    Ki sa Bondye vle nou fè?
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2020
wp20 no 1 p. 12-13
Tè a, jan l parèt nan lespas, k ap benyen nan limyè solèy la

Laverite sou Wayòm Bondye a

Jezi te anseye disip li yo pou yo priye konsa: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” (Matye 6:9, 10). Ki sa Wayòm Bondye a ye? Ki objektif li? E poukisa nou dwe priye pou li?

Jezi se Wa nan Wayòm Bondye a.

Lik 1:31-33: “Ou dwe rele l Jezi. L ap vin yon moun enpòtan, y ap rele l Pitit Sila a ki nan pi gwo pozisyon an. Jewova Dye ap ba li twòn David, papa l. Li va dirije tout kay Jakòb la antanke wa pou toutan, e Wayòm li an pap janm fini.”

Se konsènan Wayòm nan Jezi te plis preche.

Matye 9:35: “Jezi pase nan tout vil ak nan tout bouk, li anseye nan sinagòg ki nan zòn sa yo, li preche bon nouvèl Wayòm nan e li geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.”

Jezi te bay disip li yo yon siy pou ede yo konnen lè Wayòm nan ap vini.

Matye 24:7: “Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm. Pral gen rate manje ak tranblemanntè nan yon zòn apre yon lòt.”

Jodi a, disip Jezi yo ap preche konsènan Wayòm nan sou tout kò tè a.

Matye 24:14: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.”

Enfòmasyon sou Wayòm Bondye a

Kote l ye. Wayòm Bondye a se yon gouvènman reyèl Bondye tabli nan syèl la. — DÀNYÈL 2:44; MATYE 4:17.

Objektif li. Wayòm Bondye a pral fè tè a tounen yon paradi kote tout moun pral viv nan tèt ansanm ak nan lapè e yo pap janm malad ni mouri ankò. — SÒM 37:11, 29.

Moun k ap dirije yo. Bondye mete Jezi Wa nan syèl la pou dirije, e li mete 144 000 moun li te pran sou tè a pou dirije avèk li. — LIK 1:30-33; 12:32; REVELASYON 14:1, 3.

Moun li pral dirije yo. Moun Wayòm nan pral dirije yo pral viv sou tè a, y ap soumèt anba direksyon Kris ak tout kè yo e y ap obeyi lwa Wayòm nan. — MATYE 7:21.

Rezon ki fè Jezi se pi bon chèf pou dirije lèzòm

Lè Jezi te sou tè a, li te pwouve l ap yon bon dirijan ki gen lanmou paske l te

  • Montre l gen sousi pou moun ki pòv yo. — LIK 14:13, 14.

  • Rayi koripsyon ak enjistis. — MATYE 21:12, 13.

  • Gen kontwòl sou fòs natirèl yo. — MAK 4:39.

  • Bay plizyè milye moun manje. — MATYE 14:19-21.

  • Gen pitye pou moun ki malad e l te geri tout moun ki t ap soufri. — MATYE 8:16.

  • Resisite moun ki mouri. — JAN 11:43, 44.

Fason Wayòm Bondye a ka fè w jwenn byenfè depi kounye a

Ou ka viv ak plis kè kontan depi kounye a si w kite Wayòm Bondye a dirije w. Pa egzanp, moun ki kite Wayòm Bondye a dirije yo

  • “Chèche viv anpè ak tout moun.” — EBRE 12:14.

  • Gen lapè ak tèt ansanm nan fanmi yo paske konjwen yo renmen youn lòt e yo demontre respè youn pou lòt. — EFEZYEN 5:22, 23, 33.

  • Viv ak kè kontan e yo gen satisfaksyon nan lavi yo paske yo “pran konsyans yo bezwen Bondye”. — MATYE 5:3.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje