Ki jan pou nou konvenk lòt moun
1 Apòt Pòl te gen repitasyon yon minis ki konn konvenk moun (Tra. 19:26). Menm wa Agripa te di li : “ Nan yon tikras tan ou ta konvenk mwen pou fè m vin kretyen. ” (Tra. 26:28). Ki sa k te fè Pòl gen ladrès nan ministè l pou konvenk moun konsa ? Li te konn rezone sou Bib la avèk lojik. Epitou li te konn adapte ide l yo selon moun k ap koute l yo. — Tra. 8:23.
2 Menm jan ak Pòl, nou menm tou, nan ministè nou, nou bezwen konn konvenk moun. Ki jan ? Se lè nou chèche konprann sa moun nan genyen nan tèt li (Pwo. 16:23). Gen twa etap enpòtan ki pral ede nou reyalize sa.
3 Se pou nou koute byen : Pandan lòt moun nan ap pale, se pou nou koute byen pou nou chèche jwenn yon teren antant k ap pèmèt nou bati ansanm. Si moun nan vini ak yon lide kontrè, eseye disènen pou ki rezon. Sa ap ede nou konnen ki sa moun nan kwè egzakteman, poukisa li kwè sa, e ki sa ki fè l konvenki de sa (Pwo. 18:13). Avèk tak fè moun nan pale pou w konnen sa l panse.
4 Se pou nou poze kesyon : Si yon moun di li kwè nan Trinite, nou kapab mande li : “ Èske w te toujou kwè nan Trinite ? ” Apresa di li : “ Èske w te janm fè yon etid serye sou sa Bib la di sou sijè a ? ” Nou te kapab mande l tou : “ Si Bondye te fè pati yon trinite, èske nou pa ta dwe atann nou pou nou wè sa klè nan Bib la ? ” Repons nou jwenn yo pral ede nou rezone ak moun nan sou sa Bib la di.
5 Se pou nou sèvi ak rezònman ki solid : Men sa yon Temwen te mande yon dam ki te kwè Jezi se Bondye : ‘ Si w t a vle bay egzanp de moun menm fanmi ki egal ego, ki sa w ta di youn ye pou lòt ? ’ Dam nan te reponn : “ Mwen ta di yo se de frè. ” Pwoklamatè a te ajoute : “ Petèt menm de marasa. Men, lè Jezi aprann nou pou nou konsidere Bondye kòm Papa e pou nou konsidere li menm kòm Pitit, ki mesaj li te vle transmèt ? ” Madanm nan te rive konprann gen youn ki pi gran e li gen plis pouvwa (Mat. 20:23 ; Jan 14:28 ; 20:17). Lespri li ak kè li te rive touche paske Temwen an te gen ladrès pou konvenk.
6 Natirèlman, se pa tout moun k ap asepte verite a, kèlkeswa fason lojik e egzak nou ta prezante li. Men, menm jan ak Pòl, nan tèritwa nou, annou prese pou nou chèche moun ki sensè yo. Annou konvenk yo pou yo asepte mesaj Wayòm nan. — Tra. 19:8.