Se Jewova ki bay pisans
1 Ki enpresyon nou genyen de apòt Pòl ? Pandan n ap li liv Travay apòt yo, nou apresye jan l te travay anpil nan sèvis Jewova. Ki jan Pòl te fè pou l reyalize tout sa l te fè yo ? Men sa l te di : “ Mwen gen fòs pou tout bagay, grasa sila a ki ban m pisans lan. ” (Fil. 4:13). Nou menm tou nou kapab benefisye pisans Jewova ap bay la. Ki jan ? Lè nou pwofite sis dispozisyon li pran pou l reban nou vigè epi pou l fòtifye nou espirityèlman.
2 Pawòl Bondye : Menm jan nou dwe manje manje ki ka ban nou fòs fizik, nou dwe nouri nou nan Pawòl Bondye a pou nou rete vivan espirityèlman (Mat. 4:4). Nan Labib nou jwenn pisans ki pou kenbe nou dyanm. Pou nou kenbe zèl nou e pou nou toujou chofe pou laverite, fòk nou etidye seryezman epi fòk nou medite toulejou si sa posib. — Sòm 1:2, 3.
3 Lapriyè : Li enpòtan pou nou rete tou pre Jewova, sitou lè nou gen yon bezwen patikilye. Moun ki mande l sa nan lapriyè, pa mwayen espri li, l ap ba yo pisans ki bay enèji a (Lik 11:13 ; Efe. 3:16). Labib ankouraje nou “ pèsevere nan lapriyè ”. (Wom. 12:12.) Èske nou fè sa ?
4 Kongregasyon an : Nou jwenn fòs ak ankourajman tou nan reyinyon kongregasyon an. Nou jwenn yo tou nan bèl anbyans nou jwi ladan yo lè nou ak frè ak sè nou yo (Ebre 10:24, 25). Lè nou nan difikilte yo ankouraje nou, avèk amou, yo ede nou. — Pwo. 17:17 ; Ekl. 4:10.
5 Predikasyon : Lè nou patisipe nan travay predikasyon an regilyèman, sa ede nou fikse atansyon nou sou Wayòm nan ak sou benediksyon l yo. Sa rekonfòte nou lè nou ede lòt moun konnen Jewova (Tra. 20:35). Se pa nou tout ki kapab deplase pou al sèvi kote ki gen plis bezwen, oswa pou nou patisipe nan sèvis a plen tan. Men gen lòt fason toujou nou kapab gen yon bonjan patisipasyon nan ministè a. — Ebre 6:10-12.
6 Siveyan yo : Nou tire pwofi nan ankourajman ak èd ansyen yo ap bay. Jewova ba yo reskonsablite pou yo veye sou twoupo Bondye ba yo pran swen an (1 Pyè 5:2). Siveyan sikonskripsyon yo edifye kongregasyon y ap vizite yo menm jan Pòl te konn fè nan epòk pa l la. — Wom. 1:11, 12.
7 Egzanp moun ki fidèl : Sa rekonfòtan pou nou egzamine egzanp frè ak sè ki te fidèl nan tan lontan ak sa ki fidèl nan epòk pa nou an (Ebre 12:1). Lè nou bezwen reprann fòs, poukisa nou pa li youn nan istwa ankourajan sou lavi moun yo pale nan peryodik nou yo, oswa yon rapò nan Annuaire la, rapò ki kapab bati nou ? Oubyen, poukisa nou pa li kèk pati nan istwa kaptivan sou Temwen Jewova nou jwenn nan liv Prédicateurs la ?
8 Yon frè ki gen anviwon 95 an kounye a, te asepte laverite alòske li te yon jèn ti gason. Malgre li te toujou jèn, lafwa li te pase anba eprèv. Toudabò, gen kèk moun ki te aktif nan kongregasyon an ki te abandone òganizasyon Jewova a. Apresa, li te twouve travay al preche kay an kay la difisil. Poutan, li te toujou konte sou Jewova. Li te kòmanse pran plezi nan ministè a. E jounen jodi a ? Malgre sante l pa bon, li toujou yon manm nan fanmi Betèl Bwouklin nan k ap sèvi nan kolèj santral la. Li pa regrèt dèske li te toujou rete kole ak òganizasyon Jewova a.
9 Gen yon sè, yon manm fanmi Betèl Angletè a, ki te batize a 13 an. Li te kòmanse sèvis pyonye ansanm ak frè li nan ane ki vin apre a. Ennan apresa, yo te mete papa l nan prizon poutèt li te net diran Dezyèm Gè mondyal la. Li te apiye li sou pisans Jewova, e li te kontinye sèvi vrè Bondye a. Rive yon lè, li te marye ak yon frè fidèl, e ansanm, yo te kontinye sèvi Jewova. Apre 35 an maryaj, mari li te mouri sibit. Se nan Jewova ankò li jwenn fòs, e jis jodi a li kontinye ap sèvi Jewova. Se tann l ap tann, ki lè konsa, pou l sèvi kòm youn nan manm fanmi terès Jewova a pou letènite.
10 Jewova ap ede sevitè fidèl li yo epi l ap reba yo vigè. “ Li bay moun ki fatige a fòs, e moun ki pa gen enèji dinamik la, li fè l jwenn pisans ann abondans. ” Nou kapab branche nan sous pisans san limit sa a si nou pwofite sis dispozisyon nou sot site yo. Sonje : “ Moun ki mete espwa yo nan Jewova ap reprann fòs. [...] Y ap kouri e yo pap fatige, y ap mache e yo pap faya.” (Iza. 40:29-31). Pòl te apiye avèk fòs sou Jewova pou l jwenn pisans, e se sa nou dwe fè tou.