Se pou nou tout onore Jewova ak Pitit li a
Fason pou tout moun ki asiste Memoryal 8 avril la tire plis pwofi toujou.
1 Ki moun jodi a yo bay onè espesyal ? Se moun ki reyalize gwo bagay selon monn nan. Toutfwa, byen souvan, lòt moun pa pran tan pou bliye sa yo te fè. Men, ki sa nou panse de aksyon ki fèt nan avantaj tout moun sou tè a ? Nou pral gen okazyon reflechi sou pi gwo nan aksyon sa yo, pandan n ap selebre Soupe Seyè a, k ap fèt 8 avril 2001, apre solèy fin kouche.
2 Kiyès ki merite pi gwo onè ? Men repons Bib la bay : “ Ou merite, Jewova, [...] pou w resevwa laglwa, ak onè ak pisans, paske se ou ki kreye tout bagay. ” (Rev. 4:11). Antanke Kreyatè, Jewova se Chèf Souvren linivè a. Li pap janm sispann merite onè ! — 1 Tim. 1:17.
3 Jezi Kris, Pitit Bondye a, te poze aksyon ki gen valè, ki pral pote benediksyon etènèl pou limanite. Li te imite Papa l san fay (Jan 5:19). Obeyisans totalkapital Jezi Kris, ansanm ak sèvis fidèl li a, te vin fè li “ merite resevwa pisans ak richès ak sajès ak fòs ak onè ak laglwa ak benediksyon ”. (Rev. 5:12.) Papa li te onore li lè l te mete l sou twòn nan kòm Wa (Sòm 2:6-8). Kanta nou menm, n ap gen posiblite pou nou onore ni Papa a, ni Pitit la, pandan n ap selebre Soupe Seyè a k ap fèt 8 avril 2001.
4 Malerezman, se apèn yon ti ponyen moun nan listwa ki bay Jewova ak Jezi Kris onè yo merite a. Pafwa, menm Izrayelit yo, ki te pèp Bondye nan tan lontan, yo te konn ap sèvi Jewova sèlman poulafòm. Ala derespektan (Mal. 1:6) ! Bonjan respè mache ak obeyisans fidèl ki baze sou lanmou ak sou apresyasyon pou tout sa Jewova ak Pitit li a te fè pou nou. Onè ak respè n ap bay la siyifi nou demontre lakrentif ak lareverans pou Bondye, pandan n ap mete Jewova ak Jezi Kris nan tout sa n ap fè. Kongregasyon kretyen an ap fè efò pou l anseye lòt moun e pou l ede yo aji nan menm sans lan.
5 Yon okazyon espesyal pou nou demontre onè : Selebrasyon Memoryal la se pi gwo rasanbleman pèp Jewova a fè chak ane. Tout moun ki vle sèvi Jewova e ki vle onore li ta dwe reponn prezan (Lik 22:19). Si nou konte 6 milyon Temwen ki aktif, plis lòt moun laverite a enterese, nou atann nou n ap gen yon asistans k ap depase 14 milyon moun ane sa a. Ala yon bèl okazyon pou nou onore Papa nou ki nan syèl la ! Se vre, se yon selebrasyon ki santre sou Jezi, men onè ak respè nou demontre pou sa li te fè a, glorifye Papa li ki te voye l la. — Jan 5:23.
6 Ki sa nou kapab fè pou nou potekole nan okazyon espesyal sa a ? Nou ka ede nouvo yo pou yo pwofite o maksimòm. Ankouraje yo pou yo vin asiste, e si sa nesesè, ak tout jantiyès, ede yo pou yo ka la. Eksplike bi diskou a. Fè yo fè konesans ak lòt moun. Sa yo wè ak sa yo tande ka pouse yo pou yo chèche vin asosye yo ansanm avèk nou pou onore Jewova.
7 Pinga nou souzestime efè pwogram nan ka fè sou moun yo. Men sa yon etidyan inivèsite te di : “ Mwen te asiste seremoni lasèn plizyè fwa nan legliz mwen, men se pa menm bagay la. Mwen wè nou fè l egzakteman jan Bib la di l la, e m panse se nou ki gen laverite. ” Li te vin kòmanse asiste reyinyon, e apre yon ti tan, li te batize.
8 Ede nouvo yo pou yo fè pwogrè : Chèche moun ki nouvo ki vin asiste Memoryal la, epi annapre vizite yo san pèdi tan, pou nou wè ki bon bagay yo te aprann e ki bon bagay yo te remake. Enfòme yo sou lòt reyinyon yo, kote yo ka ogmante konesans yo sou Bib la. Si, ansanm avèk yo, nou egzamine chapit 17 liv Konesans lan, ki gen tit sa a : “ Vin chèche sekirite pami pèp Bondye a ”, sa pral fè yo wè tout kantite pwovizyon espirityèl kongregasyon an bay, yo tou kapab benefisye. Fè aranjman pou yo wè kasèt videyo Our Whole Association of Brothers [Toute la communauté de nos frères], yon fason pou yo ka wè ak pwòp je yo inite ak lajwa ki genyen nan mitan pèp Jewova a, e pou yo wè ki jan pèp Jewova a zele.
9 Li enpòtan pou moun ki enterese yo aprann ki jan yo ka demontre onè ak respè pou Jewova pou tèt pa yo. Eksplike yo, priyè moun fè ak tout kè yo, se bagay ki fè Jewova plezi, e se yon sous rafrechisman espirityèl sa ye tout tan (1 Jan 5:14). Sèvi ak leson 8 rive nan leson 12 nan bwochi Bondye vle a, pou nou dekri ki kalite konduit ki onore Jewova. Fè yon ti pale avèk nouvo yo sou sa ki di nan paj 30-1 bwochi Les Témoins de Jéhovah a, pou nou ankouraje yo reflechi sou posiblite pou yo onore Jewova lè yo patisipe pèsonèlman nan travay predikasyon an.
10 Apresyasyon nou genyen pou sakrifis Jezi a, ak privilèj nou genyen pou nou sèvi l kòm disip, ap onore Papa a, epi l ap pote benediksyon pou lòt moun. Jezi pwomèt : “ Si yon moun vle sèvi m, Papa a ap onore l. ” — Jan 12:26.