Se pou n patisipe nan rekòt la nètale
1 Ni pwofèt Jewova nan tan lontan yo ni Jezi Kris, yo tout yo te pale sou yon travay rasanbleman (Iza. 56:8 ; Eze. 34:11; Jan 10:16). Se predikasyon Wayòm Bondye a k ap fè travay rasanbleman sa a kounye a, nan lemonnantye (Mat. 24:14). Diferans ant moun k ap sèvi Bondye ak moun ki pap sèvi l yo vin parèt aklè (Mal. 3:18). Sa sa siyifi pou nou ?
2 Chak moun gen responsablite pa yo : Egzanp apot Pòl, yon moun ki te konsakre tèt li nèt nan ministè kretyen an, ka sèvi nou leson. Li te santi li gen obligasyon pou l preche, yon fason pou tout moun jwenn posiblite tande bon nouvèl la, pou yo ka sove. Sa te pouse l travay pou yo san rete (Wom. 1:14-17). Devan sitiyasyon ki menase vi lèzòm jodi a, èske nou pa gen yon pi gwo responsablite pou nou preche moun ki nan tèritwa nou yo ? — 1 Kor. 9:16.
3 Se moman pou nou aji prese prese : Nou ka konpare travay predikasyon an ak yon operasyon sekou kote sekouris yo ap chèche moun ki an danje. Nou dwe jwenn moun yo epi ede yo pou yo ale nan yon zòn kote ki pa gen danje, anvan l twò ta. Nou pa gen anpil tan. Gen moun ki riske pèdi lavi yo ! Se pa etonan si Jezi te envite disip li yo pou yo ‘ priye Mèt rekòt la pou l voye ouvriye nan rekòt li a ’. — Mat. 9:38.
4 Anpil pwoklamatè rekonèt li enpòtan jounen jodi a pou yo aji prese prese. Yo ogmante patisipasyon yo nan travay sove lavi sa a. Yon jèn gason ki rele Iwoyisa, t ap viv lakay manman l ansanm ak 4 lòt frè l ak sè l. Li t ap travay pou l okipe fanmi l. Li te konn leve a 3 è dimaten, pou l al distribye jounal. Malgre sa, Iwoyisa te vle fè plis toujou nan travay predikasyon an. Se sa k fè li te vin pran sèvis pyonye pèmanan. Èske pa gen mwayen pou ou menm tou, pou w ta ogmante aktivite pa w nan travay sa a ki pap janm refèt ankò a ?
5 “ Tan ki rete a vin pi kout. ” (1 Kor. 7:29). Kidonk, se pou nou fè tout sa nou kapab nan travay ki pi enpòtan k ap fèt sou tè a jodi a : travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan, ak travay fè disip la. Jezi te konpare travay predikasyon sa a ak yon rekòt (Mat. 9:35-38). Lè nou patisipe nan rekòt la nètale, rezilta a se ede n ap ede plis moun vin fè pati gwo foul adoratè Revelasyon 7:9, 10 pale a.