Ki jan pou nou renouvle abònman selon metòd senplifye a
Moun ki fè abònman La Tour de Garde ak Réveillez-vous !, kit se peryodik, kit se kasèt, te konn resevwa 2 nòt ki fè yo konnen abònman yo a pral fini. Premye nòt la se yon fich “ Abonnement venant à expiration ” ki gen yon seri ti baton divès wotè youn akote lòt. Yo te konn voye fich sa a bay moun ki fè abònman an, pa mwayen kongregasyon an. Nou fè nou konnen yo refè fich sa a. Kounye a, yo pral enprime l sou yon papye gri pal. Yo sèvi ak ti baton youn akote lòt yo pou yo ka renouvle abònman an san pèdi tan grasa ekipman otomatik yo genyen pou sa. Se ak fich sa a yo konseye pou moun k ap renouvle yon abònman sèvi.
Dezyèm nòt la se te fich renouvèlman abònman an yo te konn mete anndan papye anbalaj peryodik la, oswa, pou abònman sou kasèt, se fich renouvèlman yo te konn voye dirèkteman bay abone yo. Nou enfòme nou abone yo pap kontinye resevwa fich renouvèlman abònman ankò anndan peryodik yo. Olye de sa, yo pral enprime yon mesaj sou anbalaj abònman an. Menm jan an tou, pifò moun ki fè abònman kasèt La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! pap kontinye resevwa mesaj “ Abonnement venant à expiration ”. Olye de sa, yo pral enprime yon mesaj sou do anvlòp abònman kasèt la, k ap fè konnen abònman an pral fini. Toutfwa, pou moun ki fè abònman an bray yo, oswa moun avèg k ap resevwa abònman kasèt gratis yo, y ap kontinye voye mesaj renouvèlman an ba yo.
Mesaj y ap enprime sou anbalaj peryodik yo oswa sou do anvlòp abònman kasèt yo, pral fè nou sonje abònman an sanlè bout. Si w wè mesaj enprime a parèt, san w poko resevwa yon fich “ Abonnement venant à expiration ”, fè frè ki responsab abònman nan kongregasyon w lan konn sa. Nou ta dwe toujou renouvle abònman nou yo pa mwayen kongregasyon an.
Pou abònman nou fè nan predikasyon yo, premye nòt y ap voye, se pral fich “ Abonnement venant à expiration ”, pa mwayen kongregasyon an. Osito fich sa yo rive nan kongregasyon an, nou dwe veye pou nou remèt yo bay pwoklamatè ki te fè abònman yo. Piske abone yo pa pral kontinye resevwa yon fich renouvèlman ankò anndan peryodik la, li enpòtan anpil pou nou suiv enterè moun sa yo, e pou nou ankouraje yo renouvle abònman yo. — Gade nan Le ministère du Royaume oktòb 1988, paj 8, ak nan Le ministère du Royaume janvye 1986, paj 8.
Jounal sa yo ki parèt atan, pral kontinye fè limyè espirityèl la klere nan yon monn fènwa. Nou sèten tout moun pral kopere ansanm ak nouvo aranjman sa a, yon fason pou okenn moun ki abone ak La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! pa pèdi pa menm yon nimewo.