Se pou w touche kè etidyan w yo
1 Anvan Jezi te monte nan syèl la, li te di disip li yo pou yo “ obsève ” tout sa li te ba yo lòd pou yo fè (Mat. 28:19, 20). Pou yon moun ka “ obsève ” lòd Jezi te bay la, sa l aprann yo dwe touche kè l (Sòm 119:112). Ki jan w ka touche kè yon moun w ap etidye Labib avè l ?
2 Lapriyè pou w jwenn direksyon nan men Jewova : Fè moun vin disip se travay Bondye. Kapasite pa nou pap pèmèt nou reyisi nan aktivite sa a poukont nou. Benediksyon Jewova endispansab (Tra. 16:14 ; 1 Kor. 3:7). Donk, li esansyèl pou nou lapriyè pou nou jwenn èd Jewova nan fè efò pou nou anseye lòt moun yo laverite a. — Iza. 50:4.
3 Chèche disènen nan ki sa etidyan an kwè : Lè w konnen nan ki sa moun yo kwè e poukisa yo kwè ladann, sa ba w plis klèvwayans pou w konnen sa pou w di pou w touche kè yo. Poukisa tèl ansèyman plis atire tèl etidyan ? Sa k konvenk li pou li kwè nan sa l ap aprann nan ? Si nou konn repons kesyon sa yo, sa ka ede nou pale avèk disènman. — Tra. 17:22, 23.
4 Sèvi ak prèv ki lojik, ki baze sou Bib la : Fòk laverite a gen sans pou etidyan an (Tra. 17:24-31). Nou dwe montre l sou ki rezon solid esperans nou an chita (1 Pyè 3:15). Toutfwa, se pou nou toujou fè sa avèk jantiyès, avèk pasyans.
5 Kore ansèyman w lan avèk egzanp : Yon bò, egzanp yo ede etidyan an pi byen konprann, yon lòt bò, yo touche santiman li. Egzanp yo aji ni sou lespri a ni sou kè a. Jezi te konn sèvi ak yo anpil (Mak 4:33, 34). Natirèlman, pou yon egzanp efikas, li dwe mache avèk pwen n ap pale a, epi li dwe gen yon rapò avèk lavi etidyan an.
6 Montre avantaj ki genyen lè yon moun aksepte laverite a : Moun yo renmen konnen ki avantaj ki genyen lè yo mete sa y ap aprann nan an pratik. Li bon pou w ede etidyan w lan wè sajès ki nan pawòl Pòl nou jwenn nan 2 Timote 3:14-17 la.
7 Pinga w dekouraje si gen kèk etidyan ki pa byen reyaji devan ansèyman w lan. Se pa tout moun k ap resevwa bon nouvèl la ak tout kè yo (Mat. 13:15). Toutfwa, gen ladan yo k ap vin kwayan (Tra. 17:32-34). Nou swete pou efò n ap fè pou nou touche kè moun yo ak bon nouvèl la ap ede plis moun toujou pou yo aksepte lòd Jezi te bay la e pou yo “ obsève ” l.