Ann pare nou pou nou etidye pwofesi Izayi a !
1 “ Adoratè fidèl yo mèt gen konfyans Jewova [...] pap kite monn Satan an egziste yon jou an plis pase sa jistis li a mande. ” Ala yon pawòl ankourajan ! Ki kote l sòti ? Nou jwenn li nan liv La prophétie d’Isaïe, lumière pour tous les humains I an. Èske pwofesi Izayi a ban nou rezon pou nou rive tire yon konklizyon ki si tèlman bay rekonfò konsa ? Repons lan se wi ! Nan liv biblik sa a, yo mete aksan sou tèm delivrans lan byen fò e byen klè (Iza. 25:9). Se sa k fè se pral yon bèl ankourajman pou nou, pou nou etidye pati sa a nan pawòl Bondye a nan etid liv kongregasyon an. Èske n ap la chak semèn pou nou benefisye etid liv sa a ? Poukisa nou ta dwe la ?
2 Nan Izayi 30:20, yo rele Jewova “ Gran Pwofesè ” nou an. Chak kretyen ta dwe byen koute pandan Jewova ap sèvi ak Pawòl li, ak piblikasyon biblik “ esklav fidèl e eklere a ” ban nou, pou l pale avèk nou (Mat. 24:45 ; Iza. 48:17, 18). Liv Prophétie d’Isaïe tòm I an kore sa n ap di la a. Ki jan w ka fè pou w pwofite etidye l o maksimòm ?
3 Prepare w pou w patisipe : Pran kont tan w chak semèn, pou w prepare etid liv la. Li pati yo pral etidye a paragraf pa paragraf. Reflechi sou chak kesyon. Make repons yo nan liv ou a. Vèsè anndan gimè ki nan liv Izayi a parèt an lèt fonse. Li yo avèk atansyon. Kanta lòt vèsè yo site yo, al gade yo pou w wè ki rapò yo genyen avèk sa y ap pale a. Medite sou sa w ap aprann nan pou w ka al pataje rezilta preparasyon w nan avèk gwoup etid ou a.
4 Frè k ap kondui etid liv la ta dwe ede tout asistan yo pou yo byen sèvi ak Bib la e pou yo byen konprann ki jan pati y ap etidye a ka sèvi yo nan lavi a. Si yo ba w fè premye kòmantè a, bay yon repons senp, yon repons dirèk. Si gen yon moun ki deja fè sa, ou ka detaye pwen an pi plis toujou. Petèt ou ta ka montre ki jan yon vèsè kle apiye tèm nan. Fè efò pou w bay kòmantè ak pwòp mo pa w. Lè sa a, w ap kontan patisipe nan konvèsasyon an.
5 Annou chofe pou n al egzamine mesaj enpòtan ki genyen nan liv Izayi a ansanm. Sa pral ankouraje nou pou nou viv chak jou alatant delivrans Jewova a ! — Iza. 30:18.