Èske w gen bonjan apeti espirityèl ?
1 Gen yon pawòl ki di : “ Di m sa w abitye manje, m ap di w kiyès ou ye. ” Vrèmanvre, fòs fizik nou depann de fason nou abitye manje. Piske Jezi te di : “ Lòm dwe viv, pa ak pen sèlman, men ak tout pawòl ki sòti nan bouch Jewova ”, fason nou manje espirityèlman aji sou nou, swa an byen, swa an mal (Mat. 4:4). Donk, èske w gen bonjan apeti espirityèl ? Èske w se yon moun ki difisil, ki pa manje tout bagay ? Èske w renmen vale manje san kraze ? Oswa èske w kontan pran tout tan w, regilyèman, pou w kraze manje espirityèl ki ekilibre e ki nourisan ?
2 Analize fason w manje : Jewova sèvi ak “ esklav fidèl e eklere a ” pou l ban nou ‘ nouriti nou bezwen nan tan apwopriye a ’, pou l ban nou ‘ yon festen manje chaje ak luil ’. (Mat. 24:45 ; Iza. 25:6.) Dispozisyon sa yo demontre, Bondye gen lanmou pou nou. Men pou nou ka pwofite yo an plen, nou dwe fè efò pou nou gen bonjan apeti espirityèl.
3 Poze tèt ou kesyon sa yo : “ Èske mwen li tèks pou jounen an ak kòmantè sou tèks la chak jou ? Èske mwen li Bib la chak jou, èske mwen medite sou sa m li a chak jou ? Èske mwen prepare reyinyon yo etan m etidye pwen yo pral devlope yo alavans ? Èske mwen gen tan li piblikasyon ki fèk parèt yo, san wete de tòm liv La prophétie d’Isaïe, lumière pour tous les humains an ? ”
4 Men ki pwomès Jezi fè : “ Byennere moun ki konsyan yo pòv espirityèlman [...]. Byennere moun ki grangou lajistis, moun ki swaf lajistis, piske vant yo gen pou yo plen. ” (Mat. 5:3, 6). Donk se pou w gen bonjan apeti espirityèl etan w ap ranpli ni espri w ni kè w ak konesans sou Bondye.