Benediksyon nou jwenn lè nou demontre nou apresye lanmou Jewova — Premye pati
1 Apot Jan te ekri : “ Kanta nou menm, nou renmen, paske li te renmen nou an premye. ” (1 Jan 4:19). Lè nou reflechi sou tout sa Jewova ban nou, nou santi nou anvi demontre nou gen gwo rekonesans pou sa. Jezi te bay egzanp lan, lè li te obeyi papa l e li te bay temwayaj konsènan non Bondye ak Wayòm Bondye a (Jan 14:31). L ap bon pou nou gade kèk fason nou ka montre nou apresye lanmou Jewova, epi n ap wè ki benediksyon sa bay.
2 Etan n ap preche kay an kay : Jezi te montre disip li yo ki jan pou yo preche Wayòm nan. Selon enstriksyon Jezi te ba yo, yo te konn simaye bon nouvèl la kay an kay (Lik 9:1-6 ; 10:1-7). Se lanmou pou Bondye ak pou pwochen nou k ap ede nou kontinye preche kay an kay, malgre gen moun ki vag nou, malgre nou rankontre opozisyon. Sepandan, etan n ap fè sa, nou pwofite pèsonèlman, paske lafwa nou vin pi fèm, konviksyon nou vin pi solid, e esperans nou vin pi klè.
3 Piske n ap travay anba direksyon zanj yo, nou rive jwenn moun ki grangou, moun ki swaf laverite a (Rev. 14:6). Gen moun ki di, yo te fèk sot priye, lè yon Temwen te vin frape pòt kay yo. Se konsa, de sè t ap preche kay an kay nan yon zile nan Karayib la. Yo te gen yon timoun ki akonpaye yo. Rive yon lè, sè yo deside sispann predikasyon an. Timoun nan li menm, li pran devan, l al frape pòt kay annapre a. Gen yon jèn fi ki ouvri pòt la. Lè sè yo wè sa, yo vin pale avè l. Li envite yo antre, e li tou eksplike ki jan li te fèk sot priye pou Bondye voye Temwen yo vin anseye l Bib la.
4 Etan n ap preche nan lari : Piske nan kèk zòn, li trè difisil pou nou jwenn moun yo lakay yo, yon fason efikas pou nou ba yo yon temwayaj, se lè n ap preche nan lari. Yon lòt bò, anpil moun ap viv nan vilaj ki fèmen ak baryè, oswa nan kay ki gen gwo sistèm sekirite, e nou pa rive jwenn moun sa yo nan predikasyon kay an kay. Toutfwa, piske nou rekonesan pou lanmou Jewova demontre li genyen an, sa pouse nou pou nou sèvi ak tout mwayen posib, san wete preche nan lari, pou nou ofri moun yo mesaj Wayòm nan. — Pwo. 1:20, 21.
5 Etan n ap fè vizit : Kòm n ap chèche “ moun ki konsyan yo pòv espirityèlman ”, nou vle fè sa nou kapab pou nou ede yo (Mat. 5:3). Sa mande pou nou tounen al wouze semans laverite nou te plante a (1 Kor. 3:6-8). Nan peyi Ostrali, yon sè te bay yon fi yon feyè, men w a di fi sa a pa t twò sanble li enterese nan mesaj la. Malgre sa, sè a kontinye fè efò pou l jwenn li lakay li ankò. Lè finalman sa rive fèt, sè a aprann, apre li te fin fè premye vizit la, fi a te achte yon Bib byen chè. Ebyen, sè a te kòmanse yon etid ak fi sa a.
6 Etan n ap kondui etid biblik : Kondui etid biblik gen dwa se sa ki fè kè nou pi kontan, gen dwa se pati ki pi bèl nan ministè nou an. Ala benediksyon nou jwenn lè n ap ede moun yo aprann chemen Jewova, lè nou wè yo ap fè chanjman nan lavi yo pou yo ka fè Jewova plezi, e lè nou wè yo batize kòm senbòl yo vwe lavi yo bay Bondye ! — 1 Tes. 2:20 ; 3 Jan 4.
7 Nan Ministè Wayòm mwa pwochen an, nou pral wè lòt fason ankò nou jwenn benediksyon, lè nou demontre nou apresye lanmou Jewova.