Annou kontinye tire pwofi nan La Tour de Garde ak Réveillez-vous !
Kòm nou pap fè abònman La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! ankò, sa pral mande pou nou fè plis efò toujou, yon fason pou ni nou menm ni moun nou preche yo pa rate okenn nimewo.
Peryodik pèsonèl : Lè abònman w fini, ale nan sèvis peryodik la pou w ogmante kòmann ou. Tout paran ta dwe kòmande ase peryodik yon fason pou chak moun nan fanmi an jwenn pa l. Ekri non w sou peryodik pèsonèl ou yo. Sa ap anpeche w plase yo pa aksidan. Kou peryodik yo rive nan Sal la, frè ki responsab sèvis la ap fè yon fason pou pwoklamatè yo jwenn yo tousuit.
Wout peryodik : Pwoklamatè yo dwe fè efò pou yo tabli yon wout peryodik ak tout moun ki ta renmen resevwa yo regilyèman. Lè nou pote peryodik yo pèsonèlman bay moun sa yo, sa ban nou okazyon pou nou devlope enterè yo pou yo kòmanse etidye Labib. — Gade nan Le Ministère du Royaume oktòb 1998, p. 8.
Ka patikilye : Sa ka rive, yon moun ki enterese toutbonvre rete nan yon tèritwa ki pa sou kont okenn kongregasyon. Nan ka sa a, nou ka fè yon eksepsyon. Depi sa posib, nou kapab pran dispozisyon pou li resevwa abònman pa lapòs. Yon moun gen dwa abite nan tèritwa kongregasyon an, li renmen li peryodik yo, men nou pa ka fè wout peryodik avè l. Nan ka sa a, sa pou nou fè ? Pale de sa ak komite sèvis kongregasyon an. Si yo dakò, nou kapab fè moun sa a fè yon abònman pa lapòs. Nou ka itilize fich nou konn abitye sèvi yo (M-1 ak M-101) pou nou fè sa.
Nou mèt sèten Jewova ap kontinye beni tout efò nou fè pou nou sèvi ak La Tour de Garde ak Réveillez-vous ! pou nou anonse Wayòm nan.