BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 5/02 p. 1
  • Lafwa pouse nou fè bèl aksyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lafwa pouse nou fè bèl aksyon
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • Demontre ou gen lafwa nan pwomès Jewova yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • “Ban nou plis lafwa”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Èske ou gen yon fwa ki solid toutbonvre ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2003
  • Lafwa: Yon kalite ki ede nou vin djanm
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 5/02 p. 1

Lafwa pouse nou fè bèl aksyon

1 Se lafwa ki te pouse Noye, Moyiz ak Rahab aji. Noye te bati yon lach. Moyiz te rejte ti bout lavi dous li t ap mennen nan lakou Farawon. Rahab te kache espyon yo e li te suiv enstriksyon mesye yo te ba li. Sa te fè l sove fanmi li (Ebre 11:7, 24-26, 31). E nou menm jodi a, ki bèl aksyon lafwa pouse nou fè ?

2 Predikasyon : Se lafwa ki pouse nou pale de Bondye estrawòdinè nou an ansanm ak tout dispozisyon li pran pou nou viv alèz nètale (2 Kor. 4:13). Pafwa, nou santi nou ezite pou nou pale. Men lè nou ‘ pa sispann mete Jewova devan nou ’, nou vin gen plis fòs e tout krent disparèt (Sòm 16:8). Konsa, lafwa fè nou santi se yon obligasyon pou nou pataje bon nouvèl la ak fanmi nou, vwazen nou, kòlèg travay nou, kondisip lekòl nou, ansanm ak tout lòt moun, chak fwa okazyon an prezante. — Wom. 1:14-16.

3 Reyinyon : Asiste reyinyon regilyèman se yon lòt bèl aksyon lafwa pwodui. Ki jan ? Lè nou asiste reyinyon, nou montre nou gen konviksyon Jezi la avèk nou pa mwayen lespri sen (Mat. 18:20). Se yon fason pou nou montre nou anvi “ tande sa lespri di kongregasyon yo ”. (Rev. 3:6.) Nou pran enstriksyon n ap resevwa a oserye, paske lafwa pèmèt nou konprann se Jewova, Gran Pwofesè a, k ap anseye nou. — Iza. 30:20.

4 Chwa nou gen pou nou fè : Lè nou pa gen dout ditou sou reyalite nou pa wè yo, sa motive nou pou nou bay bagay espirityèl yo premye plas nan lavi nou (Ebre 11:1). Sa mande souvan pou nou fè sakrifis nan domèn materyèl. Paregzanp, yon ansyen te refize yon bèl pwomosyon nan travay li. Poukisa ? Paske sa ta ka lakòz li rate reyinyon, li rete lwen fanmi l, epi li kite sèvis pyonye. Menm jan avèk li, se pou nou mete konfyans nou nan asirans sa a Bib la bay : Jewova ap pran swen moun ki “ kontinye chèche wayòm nan ak jistis li dabò ”. — Mat. 6:33.

5 Lòt moun pa ka pa remake kokenn efè lafwa genyen sou lavi nou. Lemonnantye rekonèt nou kòm moun ki gen lafwa, pa vre (Wom. 1:8) ? Pakonsekan, nan bèl aksyon n ap fè, annou tout demontre nou gen yon lafwa ki vivan. — Jak 2:26.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje