Si nou simen anpil, n ap jwenn anpil benediksyon
1 Ala anvi nou anvi wè akonplisman bèl pwomès ki gen nan Bib la ! Men, depi kounye a, Jewova dispoze ban nou anpil benediksyon k ap fè nou viv ak plis kè kontan. Toutfwa, jis nan ki pwen nou kapab jwi benediksyon sa yo ? Sa depann pou bokou de efò nou deplwaye. Lapot Pòl te di sa : “ Moun ki simen anpil va rekòlte anpil. ” (2 Kor. 9:6). Annou egzamine de domèn kote nou ka aplike prensip sa a.
2 Ministè ou : N ap jwenn anpil rekonpans si nou bay lòt moun bon nouvèl la chak fwa okazyon an prezante (Pwo. 3:27, 28). Erezman, gen yon bon valè frè ak sè ki simen anpil lè yo patisipe plis nan ministè a. Genyen ki menm pran sèvis pyonye oksilyè oswa pyonye pèmanan. Yo merite felisitasyon ! Nou tout nou kapab simen anpil. Ki jan ? Se lè nou pran sa oserye pou nou retounen vizite moun ki te montre yo enterese, yon fason pou enterè sa a pa pèdi, e lè nou ofri etid biblik chak fwa okazyon an prezante (Wom. 12:11). Si nou fè gwo efò nan tout domèn sa yo, n ap jwenn bèl rezilta : n ap viv eksperyans ki ankourajan e n ap gen plis jwa nan ministè nou.
3 Fason nou soutni Wayòm nan : Lè Pòl te di pou kretyen yo ‘ simen anpil ’, li te vle pale de ofrann yo ka fè, kit se lajan, kit se byen materyèl yo posede (2 Kor. 9:6, 7, 11, 13). Jodi a, gen anpil bagay nou ka fè si nou vle bay fòs nou oswa byen nou pou soutni Wayòm nan. Nou kapab potekole nan konstriksyon Sal Wayòm oubyen nan konstriksyon Sal asanble. Anplis de sa, nou kapab ofri tèt nou kòm volontè pou netwaye lokal sa yo ki sèvi pou vrè adorasyon an. Mete sou sa, nou kapab bay lajan pou pèmèt kongregasyon nou fè depans li gen pou l fè. Nou kapab kontribye tou pou aktivite predikasyon ak aktivite ansèyman k ap fèt sou tout tè a. Tout pandan nou tout n ap jwe wòl pa nou, nou kontan anpil pou nou wè nan ki pwen Jewova beni travay li mande nou pou nou fè a ! — Mal. 3:10 ; Lik 6:38.
4 Pawòl Bondye a egzòte nou pou nou ‘ travay pou lebyen, pou nou rich nan fè bèl zèv, pou nou donan e pou nou dispoze pataje ’. Etandone nou obeyi egzòtasyon sa a, nou jwenn anpil benediksyon depi kounye a. E anmenmtan, ‘ n ap ranmase yon trezò pou nou menm, yon bon fondman pou lavni, ansanm ak lavi toutbon ’ k ap vini an. — 1 Tim. 6:18, 19.