BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 6/02 p. 2
  • Repons kesyon w yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Repons kesyon w yo
  • Ministè Wayòm nan — 2002
  • Sou menm sijè a
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Poukisa fason nou abiye ak aparans nou enpòtan?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Yon envitasyon pou tout moun!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Jewova pa bliye bèl travay ou fè
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2002
km 6/02 p. 2

Repons kesyon w yo

◼ Ki jan nou ta dwe abiye lè nou pral vizite yon Betèl oswa yon filyal Lasosyete ?

Lè nou prale nan yon Betèl, kit se pou n al wè yon betelit, kit se pou nou vizite lokal la, nou ta dwe gen menm teni ak menm konduit nou abitye genyen lè n ap asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan (om 131). Toutfwa, nou remake gen kèk frè ak sè ki abiye twò rilaks lè y ap vizite yon filyal. Li pa konvnab pou yon moun fè sa. Nou ta dwe gen yon teni prezantab ki mache ak diyite ansanm ak respè nou bezwen genyen antanke sèvitè Jewova Dye. Nou ta dwe yon modèl nan domèn sa a. — 1 Tim. 2:9, 10.

Sa gen tout enpòtans li lè n ap vizite yon Betèl oswa yon filyal Lasosyete, paske gen moun ki pa Temwen Jewova k ap gade nou. Fason moun sa yo wè nou kapab fè yo vin gen swa yon bon opinyon, swa yon move opinyon sou pèp Bondye a ak òganizasyon l lan. Li ta bon pou nou pale ak etidyan yo ansanm ak lòt moun k ap vin nan Betèl la pou fè yo sonje li enpòtan pou yo gen yon teni ki kòrèk. Fanmi Betèl la ap kontan anpil si nou fè sa.

Antanke minis kretyen, nou dwe pran prekosyon pou teni nou pa fè lòt moun trebiche (2 Kor. 6:3, 4). Olye de sa, annou bat pou nou toujou byen prezante pou nou ka “ anbeli ansèyman Bondye Sovè nou an nan tout bagay ”. — Tit 2:10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje