Ann montre nou fidèl, antanke kretyen, lè yon manm fanmi nou eskli
1. Ki sitiyasyon ki kapab yon eprèv pou yon kretyen ki vle rete fidèl ?
1 Atachman ki egziste ant manm yon fanmi kapab solid anpil. Piske se konsa, lè yon moun eskli oubyen fè retrè volontè, kit se mari a oubyen madanm nan, kit se youn nan timoun yo, kit se manman an, papa a oswa yon lòt moun nan fanmi an, sa kapab yon eprèv pou tout rès fanmi an (Mat. 10:37). Ki jan yon kretyen ki fidèl ta fèt pou l boule ak yon moun ki nan sitiyasyon sa a ? Èske sa fè yon diferans si se yon moun k ap viv nan kay la ? Toudabò, annou wè ki sa Bib la di sou sa. Prensip nou jwenn nan liv sa a kapab aplike ni nan ka moun ki eskli, ni nan ka moun ki fè retrè volontè.
2. Selon Labib, ki jan kretyen yo fèt pou yo boule ak moun ki eskli nan kongregasyon an ?
2 Ki jan pou nou aji ak moun ki eskli : Pawòl Bondye a mande tout kretyen pou yo pa nan zanmitay oswa pou yo pa frekante yon moun ki eskli nan kongregasyon an. Li di : “ Sispann frekante nenpòt moun ki di yo se frè, men ki fònikatè, oubyen ki afre, oubyen ki adoratè zidòl, oubyen k ap joure moun, oubyen ki bwasonyè, oubyen ki dechèpiyè, e pou nou pa menm manje ak yon moun konsa. [...] Se pou nou wete mechan an nan mitan nou. ” (1 Kor. 5:11, 13). Jezi te ale nan menm sans lan. Men ki sa li di nan Matye 18:17 : “ Konsidere [moun ki eskli a] tankou yon moun lòt nasyon, tankou yon pèseptè. ” Moun Jezi t ap pale avèk yo a te konnen sa byen, yo te konnen Juif nan epòk la pa t konn gen okenn rapò ak Janti yo. Yo te konnen tou Juif sa yo te evite tout kontak ak pèseptè yo, yo te konsidere yo kòm moun sosyete a rejte. — Gade La Tour de Garde 15 desanm 1981, paj 17-19.
3, 4. Ki kalite relasyon ki entèdi ant yon kretyen ak yon moun ki eskli oswa ki fè retrè volontè ?
3 Sa vle di kretyen yo pa gen okenn relasyon espirityèl ak yon moun ki eskli nan kongregasyon an. Men, se pa sa sèlman. Daprè sa Pawòl Bondye a di, nou pa ta dwe “ menm manje ak yon moun konsa ”. (1 Kor. 5:11) Se sa k fè, nou evite tout kanmaradri ak yon moun ki eskli. Sa mande, pa egzanp, pou nou pa al nan piknik, al nan fèt, al jwe boul oubyen al fè makèt avèk li. Sa mande tou pou nou pa al nan sinema ni al manje avèk li, kit se lakay li, kit se lakay nou, kit se nan restoran.
4 E pale menm ? Èske nou ka pale ak yon eskli ? Se vre, Labib pa pale de tout sitiyasyon ki ka egziste, men 2 Jan 10 ede nou wè pwennvi Jewova sou kesyon sa a. Li di : “ Si yon moun vin kote nou e li pa pote ansèyman sa a, pa janm resevwa l lakay nou e pa janm salye l nonplis. ” Men ki kòmantè nou jwenn sou vèsè sa a, nan La Tour de Garde 15 desanm 1981, paj 23 : “ Yon senp ‘ bonjou ’, se konn premye pa yon moun fè ki pral debouche sou yon konvèsasyon. Se yon pawòl ki konn menm fè de moun vin zanmi. Èske nou ta renmen franchi premye etap sa a avèk yon moun ki eskli ? ”
5. Lè yon moun eskli, ki sa li pèdi ?
5 Pou byen di, se egzakteman sa paj 29 la di nan menm atik La Tour de Garde la : “ An reyalite, yon moun ki lage kò li nan peche, se yon moun ki pèdi anpil bagay : li pèdi pozisyon l te genyen kòm moun Bondye apwouve [...], li pèdi bèl relasyon l avèk frè yo, san nou pa bliye yon bon pati nan relasyon li te genyen avèk moun lakay li ki kretyen. ”
6. Si yon kretyen ap viv nan menm kay ak yon paran l ki eskli, èske sa vle di li dwe koupe tout kontak avè l ? Esplike.
6 Lè gen eskli k ap viv nan kay la : Èske sa vle di si yon moun ap viv nan menm kay ak yon eskli, li pa kapab pale avè l, li pa kapab manje avè l ? Èske sa vle di li dwe evite tout relasyon avè l nan kad aktivite k ap fèt chak jou nan kay la ? Nan yon nòt anba paj, men ki sa La Tour de Garde 15 avril 1991, paj 22, te di sou sa : “ Si gen yon eskli ki rete nan yon fwaye kretyen, moun sa a kapab kontinye patisipe nan tout aktivite k ap fèt chak jou nan kay la. ” Donk se fanmi an ki ta dwe deside nan ki sikonstans eskli a kapab manje avèk yo oswa patisipe nan aktivite k ap fèt nan kay la. Toutfwa, kòm gen frè ak sè ki konn vin nan kay la, manm fanmi an pa ta dwe ba yo enpresyon anyen pa chanje nan relasyon yo te genyen ak moun nan anvan li te eskli.
7. Nan ki sans sitiyasyon yon fanmi chanje espirityèlman, lè gen yon manm fanmi sa a ki eskli ?
7 Sepandan, an rapò ak moun ki eskli oswa ki fè retrè volontè, La Tour de Garde 15 desanm 1981, nan paj 26, 27 bay presizyon sa a : “ Lè yon moun eskli, tout relasyon espirityèl ou te genyen avè l, koupe. Sa valab menm si moun sa a se fanmi w, menm si se yon moun ki rete nan menm kay avè w. [...] Sa vle di, anbyans espirityèl siman ki te egziste nan kay la pap rete jan l te ye a. Pa egzanp, si se mari a ki eskli, ou gen dwa wè madanm nan ak timoun yo pa alèz pou yo kite se misye k ap kondui etid familyal ki fèt nan kay la, yo pap alèz pou yo kite l dirije lekti Labib la, pou yo kite l reprezante yo nan lapriyè. Si l vle fè yon priyè anvan yo manje, pa egzanp, se tout dwa l, piske l lakay li. Men rès moun yo, yo menm, yo gen dwa priye pou kò yo, nan kè yo (Pwo. 28:9 ; Sòm 119:145, 146). Men, e si yon eskli k ap viv nan kay la ta renmen la, ansanm avèk fanmi an, lè y ap li Labib oubyen lè y ap fè etid familyal ? Yo kapab dakò pou l asiste, depi se koute l ap koute, san l pa chèche bay opinyon l sou fason pou moun sèvi Bondye.”
8. Ki responsablite paran kretyen yo genyen parapò ak yon pitit yo ki eskli e k ap viv nan kay la ?
8 Si yon timoun ap viv nan kay la e li eskli, paran l, antanke kretyen, toujou responsab edikasyon l. Men ki kòmantè La Tour de Garde 15 novanm 1988, paj 20, fè sou sa : “ Tou kòm y ap kontinye ba l manje, rad ak kote pou l rete, yo fèt pou yo kontinye enstwi li, pou yo kontinye disipline li, annakò ak Pawòl Bondye (Pwo. 6:20-22 ; 29:17). Donk, lanmou yon paran genyen pou pitit li ka pouse l pran dispozisyon pou l etidye Labib avèk li, menm si pitit la eskli. Petèt l ap tire plis pwofi si yo etidye avè l apa. Oubyen tou, yo kapab pran desizyon pou yo kite l kontinye asiste etid familyal ki fèt nan kay la. ” — Lòt referans : La Tour de Garde 1ye oktòb 2001, paj 16-17.
9. Nan ka yon paran ki eskli e ki pap viv nan kay la, jis nan ki pwen kontak yon kretyen kapab rive avè l ?
9 Lè se yon manm fanmi an ki pap viv nan kay la : Men ki pawòl nou li nan La Tour de Garde 15 avril 1988, paj 28 : “ Se pa menm bagay si moun ki eskli a oubyen ki fè retrè volontè a pap viv nan kay la. Nan ka sa a, li posib pou w prèske pa gen okenn kontak avè l. Menm lè gen sitiyasyon familyal ki ka mande pou yo pran kontak ak moun ki eskli a, fòk se ta sèlman lè sa nesesè toutbonvre. ” Dènye pawòl sa a ann amoni ak kòmandman Bondye nou jwenn nan 1 Korentyen 5:11 ki di pou nou “ sispann frekante nenpòt moun ki di li se frè ” men ki fè yon peche e li refize repanti. Kretyen ki fidèl ta dwe fè tout posib yo pou yo evite frekante yon paran ki eskli. Menm si yo ta nan biznis avèk li, yo ta sipoze limite kontak yo o maksimòm. — Lòt referans : La Tour de Garde 15 desanm 1981, paj 28-9.
10, 11. Ki konsiderasyon yon kretyen dwe fè anvan l pèmèt yon moun nan fanmi l ki eskli vin rete nan kay la ?
10 La Tour de Garde pale de yon lòt sitiyasyon ki konn egziste. Li di : “ E si yon paran pwòch, tèlke yon pitit, yon papa oswa yon manman, ki pap viv nan kay la, eskli e, apresa, li vle retounen vin rete nan kay la ? Tou depan de sitiyasyon an, fanmi an ka deside ki sa pou l fè. Pa egzanp, yon paran kapab malad oswa li pa an mezi pou li pran swen tèt li ankò, swa paske l vin gen pwoblèm kòb, swa paske l vin andikape. Antanke kretyen, pitit li yo gen yon obligasyon biblik, yon obligasyon moral, pou yo ede l (1 Tim. 5:8). [...] Gen plizyè eleman ki kapab ede yo pran yon desizyon : vrè sitiyasyon paran ki eskli a, etadespri li, sousi chèf fanmi an genyen pou byennèt espirityèl moun ki nan kay la. ” — La Tour de Garde 15 desanm 1981, paj 27.
11 E si se yon timoun ki vle retounen nan kay la ? Men ki sa menm atik la di : “ Si yon timoun ki eskli vin malad oswa li vin gen pwoblèm afektif, gen paran kretyen, pafwa, ki konn asepte pou timoun nan retounen pandan yon ti tan. Men, nan chak ka, paran yo ap egzamine sitiyasyon timoun sa a. Nan ka yon pitit gason ki te eskli, pa egzanp, èske si l te responsab tèt li, se kapab li vin pa kapab ankò ? Oubyen, èske l vle tounen jis paske li ta renmen gen yon vi ki pi fasil ? Ki moralite li ? Ki etadespri li genyen ? Èske se pa ‘ ledven ’ l ap pote nan kay la ? — Gal. 5:9. ”
12. Site kèk pwofi nou ka tire grasa dispozisyon esklizyon an.
12 Benediksyon n ap jwenn si nou fidèl devan Jewova : Se Bib la ki mande pou yo eskli moun ki peche e ki pa repanti, e se li menm tou ki mande pou nou pa frekante yo. Si nou soutni dispozisyon sa a, n ap jwenn benediksyon. Se yon dispozisyon ki pèmèt kongregasyon an rete pwòp e ki montre se nou menm k ap soutni prensip moral wo nivo ki genyen nan Bib la (1 Pyè 1:14-16). Dispozisyon sa a pwoteje nou anba move enfliyans (Gal. 5:7-9). Epitou li bay moun ki fotif la yon opòtinite pou l tire bonjan pwofi nan disiplin li resevwa a, e sa kapab ede l pwodui “ yon fwi pezib : ladwati ”. — Ebre 12:11.
13. Ki chanjman yon fanmi te fè, e ki rezilta sa te bay ?
13 Apre yon frè ak tout sè li te fin tande yon diskou nan yon kongrè sikonskripsyon, yo te rann yo kont yo te bezwen fè kèk ti chanjman nan fason yo te konn aji ak manman yo, ki pa t ap viv nan menm kay avèk yo, e ki te eskli depi sizan. Tousuit apre asanble a, frè a te rele manman l e li te di l yo renmen l. Li te esplike l yo pa t ap kapab pale avè l ankò, amwenske ta gen yon pwoblèm familyal enpòtan ki ta prezante e ki ta mande pou yo pran kontak. Sa pa t pran lontan pou manman an te kòmanse asiste reyinyon e, finalman, li te vin reyentegre. Mete sou sa, mari li, yon enkwayan, te kòmanse yon etid, e apresa li te vin batize.
14. Poukisa nou ta dwe soutni fidèlman dispozisyon yo pran pou eskli moun ?
14 Soutni dispozisyon sa a fidèlman, dispozisyon biblik ki mande pou yo eskli moun, se yon fason pou nou montre nou renmen Jewova. Se yon fason tou pou nou reponn sila a k ap pwovoke l la (Pwo. 27:11). Si nou fè sa, nou mèt asire n ap jwenn benediksyon nan men Jewova. Anpalan de Jewova, men ki sa wa David te ekri : “ Kanta dekrè lwa li bay yo, mwen pap janm vire do ba yo. Avèk yon moun ki fidèl w ap aji avèk fidelite. Avèk moun san defo a, moun ki gen fòs la, w ap gen yon konpòtman ki san defo. ” — 2 Sam. 22:23, 26.