“ Fè plas pou sa ”
1 Yon fwa, pandan Jezi t ap pale ak disip li yo de maryaj, li te mansyone seliba kòm yon “ don ”, epi li te di : “ Si yon moun ka fè plas pou sa, se pou l fè plas pou sa. ” (Mat. 19:10-12). Kèk ane apre, apot Pòl te ekri konsènan avantaj ki genyen lè yon moun pa marye e li te ankouraje lòt moun pou yo suiv egzanp li, pou yo rete selibatè (1 Kor. 7:7, 38). Anpil moun jodi a “ fè plas ” pou seliba e yo pwofite avantaj sa bay. Ki avantaj konsa ?
2 Sèvi “ san distraksyon ” : Pòl te konprann seliba bay anpil posiblite pou moun sèvi Jewova “ san distraksyon ”. Menm jan an tou jodi a, yon frè ki selibatè ka chèche kalifye l pou l asiste Lekòl fòmasyon ministeryèl, e yon moun ki selibatè kapab pi lib pou l pran sèvis pyonye, pou l aprann yon lòt lang, pou l al abite yon kote yo bezwen plis bra, pou l sèvi nan Betèl, oswa pou l rann li disponib pou lòt privilèj sèvis espesyal. Li ka vin gen plis tan ak plis opòtinite pou l fè etid pèsonèl an pwofondè, pou l medite e pou l kominike ak Jewova pa mwayen lapriyè li fè ak tout kè l. Byen souvan, moun ki pa marye yo gen plis tan pou yo ofri tèt yo pou ede lòt moun. Tout aktivite sa yo se nan “ avantaj pèsonèl ” moun nan. — 1 Kor. 7:32-35 ; Tra. 20:35.
3 Lè w sèvi Bondye san distraksyon konsa, w ap jwenn anpil benediksyon. Apre yon sè selibatè te fin pase 27 lane nan peyi Kenya, men sa l te ekri : “ Te gen anpil zanmi, e te tèlman gen travay ! Nou te konn travay ansanm, [e] youn te konn vizite lòt [...]. Kòm lè yon moun selibatè li gen plis libète, mwen te sèvi ak libète sa a pou m preche plis, e sa te ban m anpil kè kontan ”. Sè a te ajoute: “ Avèk letan, relasyon m avèk Jewova vin pi sere ”.
4 Byen sèvi ak don sa a : Jezi te di rezon ki pou fè yon moun devlope don sa a se ta dwe “ akoz wayòm syèl la ”. (Mat. 19:12.) Menm jan ak anpil don, lavi selibatè ki byen itilize kapab pote anpil jwa ak anpil pwofi. Anpil selibatè ki pwofite avantaj yo jwenn nan seliba a e ki konte sou Jewova pou ba yo fòs ak sajès konprann enpòtans sa genyen pou yo fè plas pou don sa a.