Repons kesyon w yo
◼ Ki prekosyon nou ta dwe pran lè n ap preche moun ki nan prizon ?
Nan lemonnantye gen omwen uit milyon prizonye, e gen ladan yo ki montre yo enterese nan bon nouvèl la (1 Tim. 2:4). Gen yon biwo filyal ki resevwa chak mwa anviwon 1 400 lèt prizonye yo oswa fanmi prizonye yo ekri, pou mande piblikasyon oswa vizit. Malgre enterè sensè yon seri prizonye konn genyen, eksperyans montre gen ladan yo ki konn sou blòf, yo konn ap chèche sèvi ak pèp Bondye a pou avantaj pèsonèl yo. Se poutèt sa, nou tout nou ta dwe pran prekosyon lè n ap preche moun ki nan prizon, ann amoni ak sa nou pral di la a.
Nan anpil ka, yo konn ekri prizonye yo lèt pou ba yo temwayaj. Sè yo pa dwe janm ekri prizonye gason, menmsi se nan objektif pou ba yo èd espirityèl. Responsablite sa a se sèlman frè ki kalifye pou sa ki ka pran l. Sè ki kalifye pou sa kapab asiyen pou yo ekri prizonye fi ki montre yo enterese nan verite ki gen nan Bib la ak tout kè yo. Nou pa dwe voye ni lajan ni kado bay prizonye yo, menmsi yo ta mande nou sa.
Lè yon moun ki nan prizon montre li enterese, bay kongregasyon ki preche zòn kote prizon an ye a non l ak adrès li. Jeneralman, frè kalifye ki nan zòn sa a konnen kòman pou yo fè fas ak chak sitiyasyon ki kapab parèt. Si nou pa konn ak ki kongregasyon pou n adrese n, nou dwe voye enfòmasyon yo nan filyal la.
Pa gen pwoblèm pou frè ki asiyen yo ta reyini ak plizyè prizonye anmenmtan pou fè etid. Sepandan, nou pa dwe òganize okenn aktivite espesyal anndan prizon yo kote pwoklamatè ak prizonye ta melanje ansanm lib e libè. Yon lòt bò, li pa saj ditou pou pwoklamatè yo al vizite yon prizon san yo pa t byen planifye davans pou sa, e li pa bon tou pou yo nan twòp zanmitay ak prizonye yo.
Annou montre nou “ pridan tankou sèpan men inosan tankou pijon ” pandan n ap pataje bon nouvèl la avèk moun ki nan prizon yo. — Mat. 10:16.