BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/03 p. 1
  • Annou abiye nou avèk imilite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou abiye nou avèk imilite
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Jewova bay moun k ap sèvi l avèk imilite yo anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Annou kiltive vrè imilite a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • “ Mwen gen imilite nan kè m ”
    “Vin suiv mwen”
  • Jezi ban nou egzanp nan fason pou n demontre imilite
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 9/03 p. 1

Annou abiye nou avèk imilite

1 David, yon jèn gason, yon bèje ki te fè Jewova konfyans, te mete do yon gwo gason ki konn fè lagè atè (1 Sam. 17:45-47). Jòb, yon nonm ki te rich, te andire tribilasyon avèk pasyans (Jòb 1:20-22 ; 2:9, 10). Jezi, pitit Bondye a, te konn bay papa l tout merit ansèyman l yo te genyen (Jan 7:15-18 ; 8:28). Nan chak egzanp sa yo, se imilite ki pwen fondamantal la. Jodi a tou, pou n fè fas ak tout kalite sitiyasyon n ap rankontre, li trèzenpòtan pou n gen imilite. — Kol. 3:12.

2 Lè n ap preche : Antanke minis kretyen, nou pataje bon nouvèl la ak tout kalite moun san nou pa gade sou nasyonalite yo, sou kilti yo oswa sou nivo enstriksyon yo (1 Kor. 9:22, 23). Si kèk moun ki malelve oswa ki awogan rejte mesaj Wayòm nan, nou pa reyaji menm jan avè yo. Okontrè, avèk pasyans, nou kontinye chèche moun ki diy yo (Mat. 10:11, 14). Pase pou n eseye enpresyone moun ak konesans nou oswa ak edikasyon nou genyen, nou pito atire atansyon yo sou pawòl Bondye a paske nou rekonèt Pawòl Bondye a pi konvenkan pase nenpòt pawòl nou ta ka di (1 Kor. 2:1-5 ; Ebre 4:12). Nou imite Jezi, nou bay Jewova tout louwanj. — Mak 10:17, 18.

3 Nan kongregasyon an : Kretyen yo dwe ‘ mare senti yo ak imilite nan relasyon yo youn ak lòt ’. (1 Pyè 5:5.) Si nou konsidere lòt moun siperyè pase nou, n ap chèche fason pou n sèvi frè nou yo olye pou n ap tann se yo menm ki pou sèvi nou (Jan 13:12-17 ; Fil. 2: 3, 4). Nou pap santi nou twò siperyè pou nou fè yon seri de travay tankou netwaye Sal Wayòm nan.

4 Imilite ap ede nou ‘ sipòte youn lòt nan lanmou ’ e sa ap favorize lapè ak linite nan kongregasyon an (Efe. 4:1-3). L ap ede nou soumèt devan moun ki nome pou dirije nou yo (Ebre 13:17). L ap pouse nou aksepte konsèy oswa disiplin yo ban nou (Sòm 141:5). E imilite ap fè nou prèt pou n konte sou Jewova pou nou onore nenpòt ki privilèj nou resevwa nan kongregasyon an (1 Pyè 4:11). Menm jan ak David, nou rekonèt pou nou reyisi, sa pa depann de kapasite lèzòm genyen, men sa depann de benediksyon Jewova ba nou. — 1 Sam. 17:37.

5 Devan Bondye nou an : Sa ki pi enpòtan se pou nou “ imilye tèt nou anba pisans men Bondye ”. (1 Pyè 5:6.) Si n ap lite ak gwo sitiyasyon difisil, nou ta renmen wè delivrans Wayòm nan ap pote pou nou an rive. Men avèk imilite, n ap kiltive pasyans, n ap tann Jewova reyalize pwomès li yo nan lè li fikse pou sa (Jak 5:7-11). Menm jan sa te ye nan ka Jòb ki te fidèl, sa ki pi enpòtan pou nou tou se pou “ non Jewova toujou beni ”. — Jòb 1:21.

6 Pwofèt Danyèl te ‘ imilye l devan Bondye l la ’, li te jwenn benediksyon e l te jwenn favè Jewova ak anpil bèl privilèj (Dan. 10:11, 12). Menm jan an tou, nou kapab abiye nou avèk imilite paske nou konnen “ rezilta imilite ak krentif pou Jewova, se richès, glwa ak lavi ”. — Pwo. 22:4.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje