Kongrè distri ak kongrè entènasyonal pouse nou bay Bondye glwa !
Kongrè distri “ Bay Bondye glwa ” a ak kongrè entènasyonal ki fèt jiska prezan bay yon temwayaj estrawòdinè. De gwo evènman teyokratik konsa sèvi pou glorifye non Jewova e yo ranfòse kapasite nou pou nou “ rekonèt se Jewova ki gen glwa ”. (Sòm 96:8.) Vrèman, li merite jwenn glwa pou bèl mèvèy li kreye, e bagay sa yo reflete bèl kalite l genyen. — Jòb 37:14 ; Rev. 4:11.
Sèvi ak kesyon ki vin apre yo ansanm ak nòt ou te pran nan kongrè a. Nan semèn 20 oktòb, yo pral fè revizyon kongrè a, prepare w pou w patisipe ladan l.
1. Nan ki sans kreyasyon ki pa gen vi ap pwoklame glwa Bondye, e nan ki sans sa diferan ak fason lèzòm ap ba l louwanj ? (Sòm 19:1-3 ; “ Lakreyasyon ap pwoklame glwa Bondye ”.)
2. Ki reyalite n ap viv jodi a transfigirasyon an reprezante, e nan ki sans sa motive kretyen yo nan epòk nou an ? (Diskou tèm : “ Vizyon pwofetik mayifik yo fòtifye nou ! ”)
3. Ki jan nou kapab devlope menm imilite Danyèl te montre l genyen an, e ki byenfè n ap jwenn si nou fè sa ? (Dan. 9:2, 5 ; 10:11, 12 ; “ Jewova revele glwa l bay moun ki gen imilite ”.)
4. a) Ki twa bagay konsènan jijman Bondye nou kapab aprann nan pwofesi Amòs la (Amòs 1:3, 11, 13 ; 9:2-4, 8, 14) ? b) Ki leson pratik nou kapab retire nan avètisman nou jwenn nan Amòs 2:12 la ? (“ Pwofesi Amòs la : Mesaj li gen pou epòk nou an ”.)
5. a) Ki danje ki genyen lè yon moun lage kò l nan bwè, menmsi l pa sou ? b) Si yon moun bwè twòp, ki jan li kapab korije pwoblèm sa a ? (Mak 9:43 ; Efe. 5:18 ; “ Evite pyèj ki genyen nan plede bwè alkòl ”.)
6. Ki pwofi w tire nan nouvo piblikasyon ‘ Voyez le bon pays ’ a ? (“ ‘ Bon peyi a ’ : yon avangou sou Paradi n ap tann nan ”.)
7. Site twa fason nou kapab “ reflete glwa Jewova tankou glas ”. (2 Kor. 3:18 ; “ Reflete glwa Jewova tankou glas ”.)
8. Lè yo rayi nou san rezon se nan kiyès sa soti, e ki sa k ka ede nou kenbe entegrite nou menmsi yo rayi nou konsa ? (Sòm 109:1-3 ; “ Yo rayi nou san rezon ”.)
9. Selon Kris, ki sa ki fè yon moun gran, e sou aspè sa a, ki jan yon moun ka rann li kont si l bezwen devlope pwennvi sa a pi byen ? (Mat. 20:20-26 ; “ Annou kiltive menm pwennvi ak Kris sou sa k ka fè yon moun gran ”.)
10. Ki sa k ka ede nou pou nou rete anfòm espirityèlman menmsi nou fatige fizikman ? (“ Nou fatige men nou pa faya ”.)
11. Site kèk mwayen Satan itilize pou l simaye manti, e ki tèks biblik apwopriye k ap pèmèt nou reyaji kont tantativ k ap fèt pou ranvèse lafwa nou ? (Jan 10:5 ; “ Fè atansyon ak ‘ vwa etranje yo ’ ”.)
12. a) Ki jan paran yo ka suiv egzanp Jezi bay nan Mak 10:14, 16 la ? b) Ki sa w renmen nan nouvo liv Écoute le grand Enseignant an ? (“ Pitit nou yo : Yon eritaj ki gen anpil valè ”.)
13. Ki sa yon seri de jèn fè pou yo bay Jewova louwanj ? (1 Tim. 4:12 ; “ Jan yon seri de jèn bay Jewova louwanj ”.)
14. Ki pati nan dram “ Yo preche avèk kran malgre opozisyon ” an ki rete grave nan memwa w ?
15. Ki jan nou ka imite egzanp moun sa yo : a) Pyè ak Jan (Tra. 4:10) ? b) Etyèn (Tra. 7:2, 52, 53) ? c) Kretyen ki te nan kongregasyon premye syèk la ? (Tra. 9:31 ; dram nan ansanm ak diskou “ Ann anonse bon nouvèl la ‘ san rete ’ ”.)
16. a) Nan ki domèn nou pran rezolisyon pou nou bay Bondye glwa ? b) Pandan n ap aplike sa nou aprann nan kongrè distri “ Bay Bondye glwa ” a, ki asirans nou kapab genyen ? (Jan 15:9, 10, 16 ; “ Kontinye pwodui anpil fwi pou glwa Jewova ”.)
Lè nou medite sou bèl ansèyman yo te bay nan kongrè a, nou santi nou pouse pou n mete sa nou te aprann yo an pratik (Fil. 4:8, 9). Sa pral ranfòse detèminasyon nou pou n “ fè tout bagay pou glwa Bondye ”. — 1 Kor. 10:31.