Ki sa k fè kretyen yo gen bonjan inite nan mitan yo ?
1 Ki sa k ka ini plis pase sis milyon moun ki soti nan 234 peyi e ki pale anviwon 380 lang diferan ? Yon sèl bagay : adorasyon y ap bay Jewova a (Mika 2:12 ; 4:1-3). Dapre sa Temwen Jewova yo viv pèsonèlman antanke kretyen, yo konnen bonjan inite a se yon reyalite li ye jodi a. Antanke “ yon sèl twoupo ” anba direksyon “ yon sèl bèje ”, nou detèmine pou nou reziste devan espri divizyon ki gen nan monn sa a. — Jan 10:16 ; Efe. 2:2.
2 Objektif Bondye, yon objektif ki pa ka pa reyalize, se pou tout kreyati entèlijan ini nan vrè adorasyon an (Rev. 5:13). Piske Jezi konnen enpòtans inite genyen, li te priye ak tout kè l pou disip li yo ini (Jan 17:20, 21). Ki sa nou ka fè, pèsonèlman, pou nou ranfòse inite ki genyen nan kongregasyon an ?
3 Sekrè inite a : San èd Pawòl Bondye a, san èd lespri Bondye, li t ap enposib pou gen inite nan mitan kretyen yo. Lè nou aplike sa nou li nan Bib la, sa pèmèt lespri Bondye sikile san pwoblèm nan lavi nou. Sa pèmèt “ nou suiv inite lespri a bay la, nan chenn lapè ki ini nou an ”. (Efe. 4:3.) Sa pouse nou pou nou sipòte youn lòt nan lanmou (Kol. 3:13, 14 ; 1 Pyè 4:8). Èske nou medite chak jou sou Pawòl Bondye a, yon fason pou nou pote èd pa nou pou gen inite ?
4 Yon lòt bagay ki ini nou, se misyon nou genyen pou nou preche e pou nou fè disip la. Antanke kretyen, lè n ap travay ak lòt moun nan ministè a, “ n ap lite kòtakòt pou kwayans ki mache ak bon nouvèl la ” e sa fè nou vin “ konpayon travay ” youn pou lòt “ nan laverite ”. (Fil. 1:27 ; 3 Jan 8.) Lè nou aji konsa, chenn lanmou ki ini kongregasyon an ap vin pi solid. Poukisa nou pa envite yon moun nou gen lontan nou pa preche ansanm ak li pou l akonpaye nou nan predikasyon semèn sa a ?
5 Ala yon gwo privilèj nou genyen dèske nou fè pati sèl vrè kominote frè ki entènasyonal nou jwenn sou tè a jodi a (1 Pyè 5:9) ! Tou dènyèman an, yon bon valè moun te gen posiblite viv inite mondyal sa a nan asanble entènasyonal “ Bay Bondye glwa ” a. Lè nou li Pawòl Bondye a chak jou, lè nou regle pwoblèm yo nan lanmou e lè nou preche bon nouvèl la “ nan tèt ansanm ”, se yon fason pou nou chak pote èd nou nan bèl inite sa a. — Wom. 15:6.