Jan pou nou prezante peryodik yo
La Tour de Garde 15 desanm
“ Nou nan yon moman nan ane a kote anpil moun ap pale sou nesans Jezi. Èske w janm mande tèt ou nan ki kalite fanmi Jezi te leve ? [Kite moun nan reponn, apre sa li Lik 2:51, 52.] Peryodik sa a montre ki leson nou ka tire nan sa Bib la di sou Jezi lè l t ap grandi. ”
Réveillez-vous! 22 desanm
“ Nou tout, nou ta renmen wè timoun nou yo ap viv byen. Ki sa w panse timoun yo bezwen ki pou ede yo viv nan yon monn ki gen anpil tèt chaje konsa ? [Kite moun nan reponn e apre sa li Pwovèb 22:6.] Réveillez-vous ! sa a montre ki sa timoun yo bezwen e li montre tou ki jan paran yo ka ba yo sa yo bezwen yo. ”
Toudegad 1ye janvye
“ Se pa ti anvi anpil moun anvi wè gen lapè sou tè a. Èske w panse n ap janm wè pawòl Bib la di la yo reyalize yon jou ? [Li Sòm 46:9 epi kite moun nan reponn.] Toudegad sa a eksplike ki jan tèks sa a pral akonpli e li montre sa k fè nou ka gen konfyans nan pwomès Bondye fè pou pa gen lagè ankò. ”
Réveillez-vous! 8 janvye
“ Nan lemonnantye, gen plizyè milyon moun ki soufri depresyon ak lòt kalite twoub mantal. Kreyatè nou an gen kè sansib pou moun sa yo. [Li Sòm 34:18.] Peryodik sa a montre ki jan yo ka ede moun k ap soufri yo. Li montre pwomès Bondye fè kote talè konsa tout kalite maladi pral disparèt.”