BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/04 p. 1
  • Sajès Bondye gen yon kokenn valè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sajès Bondye gen yon kokenn valè
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Fòmasyon Bondye bay la gen anpil valè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • ‘Ala anpil sajès Bondye genyen yo anpil!’
    Annou pwoche bò kote Jewova
  • Vrè sajès la ap rele byen fò
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Èske w demontre ou gen “sajès ki sot anwo a” nan lavi w?
    Annou pwoche bò kote Jewova
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2004
km 1/04 p. 1

Sajès Bondye gen yon kokenn valè

1 Gen moun ki panse Temwen Jewova te dwe plis konsantre efò yo yon fason ki pi dirèk pou soulaje pwoblèm k ap sakaje limanite jodi a. Moun ki panse konsa yo pa rive wè ki kokenn valè travay edikasyon biblik nou an genyen. Se menm bagay ak sa apot Pòl te ekri a. Men sa l di : “ Langaj poto soufrans lan se foli pou moun k ap peri yo, men pou nou menm k ap sove a, li se pisans Bondye. ” ​(1 Kor. 1:18). Annefè, nou konnen ministè nou antanke kretyen se aktivite ki pi enpòtan k ap fèt sou tè a jounen jodi a.

2 Yon pi bèl vi depi kounye a : Sòm efò lèzòm fè pou rezoud pwoblèm limanite bay rezilta ki vrèman piti. Lwa yo fè pou anpeche gen plis krim pa bay anyen. Akò pou lapè ak fòs pou mentni lapè pa rive mete fen nan lagè. Pwogram sosyal pou lavi miyò pa reyisi konbat lamizè (Sòm 146:3, 4 ; Jer. 8:9). Yon lòt bò, mesaj Wayòm nan transfòme lavi plizyè milyon moun. Li ede yo abiye yo ak yon nouvo pèsonalite ki aseptab nan je Bondye (Wom. 12:2 ; Kol. 3:9, 10). Konsa, kalite lavi yo amelyore depi kounye a. — 1 Tim. 4:8.

3 Yon bèl avni : Anplis sajès Bondye a ede nou konbat pwoblèm lavi a, li pèmèt nou pran bonjan dispozisyon pou lavni (Sòm 119:105). Li evite nou fè efò initil nan eseye ranje sistèm de choz ki la kounye a (Ekl. 1:15 ; Wom. 8:20). Se pa ti rekonesans nou genyen dèske nou pa gaspiye vi nou nan kouri dèyè objektif ki reprezante tou senpleman yon rèv ! Olye de sa, nou konsantre efò nou sou pwomès ki sèten Jewova fè pou l bay yon “ syèl tounèf ak yon tè tounèf ” kote jistis pral blayi. Lè jou jijman Jewova a rive, sa pral parèt klè, moun ki te apiye sou sajès Bondye a te fè yon bon chwa. — 2 Pyè 3:10-13 ; Sòm 37:34.

4 Byenke sajès Bondye a ka parèt ensanse pou moun ki plonje nan “ sajès sistèm de choz sa a ”, an reyalite se sèl chemen ki pratik pou moun suiv (1 Kor. 1:21 ; 2:6-8). Se poutèt sa, n ap kontinye anonse mesaj ki soti nan Bondye a sou tout tè a. Se Bondye “ sèl ki saj ”. — Wom. 16:27.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje