Pwofi n ap tire lè n ap etidye liv Approchez-vous de Jéhovah a
1 Nou te tresayi lè nou te resevwa liv Approchez-vous de Jéhovah a nan kongrè distri “ Moun ki zele nan preche Wayòm nan ”. Anpil nan nou te prese li liv sa a. Pa gen dout, te vin gen plis moun ki chofe pou fè sa tèks pou ane 2003 a di a : “ Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. ” — Jak 4:8.
2 Nan mwa mas nou pral kòmanse sèvi ak liv Approchez-vous de Jéhovah a nan etid liv kongregasyon an. Ki sa n ka fè pou nou tire plis pwofi nan etid sa a ? Sa ki enpòtan se preparasyon. Y ap pran de semèn pou yo fè yon chapit e kantite paragraf yo prevwa pou chak semèn pap anpil. Sa ki pral pèmèt nou jwenn plis tan pou nou fè kòmantè ki soti nan kè nou sou rechèch ak meditasyon nou te fè sou sijè a. Mete sou sa, nan semèn kote n ap tèmine yon chapit ap gen mwens paragraf yon fason pou nou ka jwenn tan pou nou pale sou youn nan aspè enteresan ki nan liv la.
3 Apati chapit 2 a, n ap gen yon kare ki rele “ Éléments de méditation ” k ap parèt nan fen chak chapit. Lè yo fin fè dènye paragraf ki nan chapit la, siveyan etid liv la ap egzamine kare a avèk gwoup la. L ap ankouraje chak moun nan gwoup la pou yo di sa yo panse, pou yo pale sou bon pwen yo te jwenn nan meditasyon yo te fè sou vèsè yo (Pwo. 20:5). Anplis de kesyon nou jwenn nan kare a, siveyan etid liv la ka poze lòt kesyon tankou : “ Ki sa enfòmasyon sa a fè w konnen sou Jewova ? Ki jan sa touche lavi w ? Ki jan w kapab sèvi avè l pou ede lòt moun ? ” Objektif li se pou l ankouraje n fè kòmantè ki soti nan kè nou, olye pou l ap poze gwoup la yon bann kesyon sou yon seri ti detay.
4 Liv Approchez-vous de Jéhovah a pa menm jan ak lòt piblikasyon nou etidye yo. Malgre tout piblikasyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ” bay Jewova glwa, liv sa a li menm li pale nèt sou kalite Jewova genyen yo (Mat. 24:45-47). Se pa yon ti okazyon konsa konsa k ap tann nou non ! Nou pral tire anpil pwofi paske nou pral etidye pèsonalite Jewova an pwofondè. Nou swete etid sa a ap ede nou vin pi pwòch Papa nou ki nan syèl la, e nou swete sa ap ede nou vin pi efikas nan ede lòt moun pou yo fè menm jan an tou.