Rapèl pou Memoryal la
Ane sa a, Memoryal la ap tonbe dimanch 4 avril. Ansyen yo ta dwe veye sou pwen sa yo :
◼ Lè n ap fikse lè Memoryal la, planifye yon fason pou yo pa pase anblèm yo anvan solèy kouche.
◼ Tout moun, san wete oratè a, ta dwe konnen ki lè ak ki kote egzakteman Memoryal la ap fèt.
◼ Chèche gen pen ak diven ki apwopriye epi mete yo sou lamen. — Gade nan Toudegad 1ye mas 2003, paj 10-11.
◼ Pote asyèt, vè, tab ak nap ki konvnab nan lokal la davans epi tou ranje yo.
◼ Sal Wayòm nan oswa lòt kote Memoryal la ap fèt la dwe byen netwaye davans.
◼ Chwazi manm sèvis akèy ak frè pou pase anblèm yo epi fè yo konnen responsablite yo alavans. Esplike yo fason tout bagay ap fèt e montre yo nesesite pou yo byen abiye, pou tèt yo fèt kòmsadwa.
◼ Yo dwe pran dispozisyon pou prezante anblèm yo bay tout kretyen wen ki enfim e ki pa kapab prezan.
◼ Lè gen plis pase yon kongregasyon ki prevwa itilize menm Sal Wayòm nan, ta dwe gen bonjan kolaborasyon ant kongregasyon yo pou evite ankonbreman nan antre Sal la, sou twotwa a ak nan pakin nan.