Yon atak yon gwoup kavalye fè ki konsène w
1, 2. Jodi a, ki jan sèvitè Bondye yo konsène nan akonplisman vizyon pwofetik ki nan Revelasyon 9:13-19 la ?
1 “ Sizyèm zanj lan soufle twonpèt pa l la ”, e apre sa, gen “ de miryad miryad ” “ ame kavalye ” ki fè yon bri tankou yon kout loray. Se pa yon fòs militè òdinè sa ye. “ Tèt cheval yo menm jan ak tèt lyon. ” Dife, lafimen ak souf ap soti nan bouch yo e “ ke yo tankou sèpan ”. Gwoup kavalye senbolik sa yo kite gwo dega dèyè yo (Rev. 9:13-19). Èske w konnen nan ki sans ou konsène nan akonplisman vizyon pwofetik remakab sa a ?
2 Rès wen yo ansanm ak konpayon yo, lòt mouton yo, mete tèt yo ansanm pou yo anonse jijman Bondye yo. Sa vin fè, kondisyon mò espirityèl lakretyente twouve l la vin parèt aklè nèt. Annou egzamine de aspè nan vizyon pwofetik sa a ki montre poukisa ministè sèvitè Bondye yo ap akonpli a efikas konsa.
3. Ki fòmasyon nou resevwa pou nou ka pale mesaj Bondye a avèk efikasite ?
3 Nou jwenn fòmasyon e nou ekipe pou nou transmèt mesaj Bondye a : Grasa Lekòl ministè teyokratik ak lòt reyinyon kongregasyon an, minis Bondye yo jwenn fòmasyon pou yo pale mesaj Bondye a avèk otorite. Yo imite Jezi ak disip li yo, yo soti al chèche moun ki diy yo lè yo preche tout kote yo ka jwenn moun (Mat. 10:11 ; Mak 1:16 ; Lik 4:15 ; Tra. 20:18-20). Se pa ti efikas metòd predikasyon sa a ki baze sou Bib la efikas !
4. Ki zouti anpil pwoklamatè gen a dispozisyon yo ki pèmèt yo akonpli travay yo ?
4 Minis kretyen yo distribye plizyè milya Bib, liv, bwochi ak peryodik nan travay predikasyon Bondye konfye yo a. Piblikasyon sa yo disponib nan prèske 400 lang. Yo pale sou yon pakèt sijè, e fason yo devlope sijè yo atire tout kalite moun. Èske ou byen sèvi ak piblikasyon sa yo ?
5, 6. Ki sa ki montre pèp Jewova a jwenn èd ki sot nan syèl ?
5 Nou jwenn direksyon ak èd ki sot nan syèl : Vizyon pwofetik la klarifye yon lòt pwen ankò : atak gwoup kavalye senbolik yo reprezante yon aktivite ki jwenn èd nan men Bondye (Rev. 9:13-15). Se pa grasa sajès lèzòm ni se pa grasa pouvwa yo travay mondyal predikasyon an akonpli, men se grasa lespri Bondye (Zek. 4:6). Jewova sèvi ak zanj yo pou l dirije travay sa a (Rev. 14:6). Konsa, mete sou efò moun ki Temwen l yo fè, Jewova bay èd ki sot nan syèl pou l atire moun ki enb yo vin jwenn li. — Jan 6:45, 65.
6 Pèp Jewova a se yon pèp moun pa ka bloke. Anfèt, li jwenn fòmasyon, li byen ekipe pou l transmèt mesaj Bondye a e l ap travay anba direksyon zanj yo. Kidonk, annou kontinye jwe wòl pa nou nan akonplisman vizyon pwofetik remakab sa a.