BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/04 p. 3
  • “ Annou egzalte non l ansanm ”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “ Annou egzalte non l ansanm ”
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Louwe Jewova nan gran kongregasyon an
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Yon okazyon pou nou nouri nou espirityèlman e pou nou rejwi
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Annou rasanble ansanm pou nou louwe Jewova
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Èske w ap prepare w pou festen espirityèl la ?
    Ministè Wayòm nan — 2009
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2004
km 4/04 p. 3

“ Annou egzalte non l ansanm ”

1. Ki okazyon nou pral genyen pou nou egzalte non Bondye, e ki preparasyon nou ka kòmanse fè depi kounye a ?

1 Men pawòl salmis la te di nan yon chante : “ O, annou glorifye Jewova avèk mwen, annou egzalte non l ansanm. ” ​(Sòm 34:3). Tèm kongrè distri k ap vini an se : “ Annou mache avèk Bondye. ” Kongrè sa a pral ban nou okazyon pou nou egzalte non Jewova ansanm ak frè ak sè nou yo k ap soti nan anpil lòt kongregasyon. Èske nou kòmanse fè aranjman pou lojman, pou transpò, e pou nou jwenn konje nan travay nou ? Li saj pou nou pa tann dènye moman pou nou okipe nou de bagay sa yo. — Pwo. 21:5.

2. Poukisa li bon pou nou planifye pou nou rive bonè nan lokal kongrè a ?

2 Lè nou rive nan lokal kongrè a : Nou gen anpil bagay pou nou veye sou yo lè nou pral asiste yon kongrè. Si nou derape bonè, sa ap ban nou tan pou nou debouye nou si ta gen yon bagay nou pa t atann ki ban nou reta. Konsa, n ap gentan rive atan pou nou chita nan plas nou e pou nou patisipe ak tout kè nou nan kantik yo chante ak priyè yo fè pou kòmanse a (Sòm 69:30). Kèk minit anvan sesyon an kòmanse, prezidan an ap chita sou estrad la pandan pwogram mizikal la ap dewoule. Nou tout nou dwe deja chita nan plas nou, konsa pwogram nan ap kòmanse nan lòd ak diyite. — 1 Kor. 14:33, 40.

3. Ki jan nou ka montre nou gen konsiderasyon pou lòt moun lè n ap chèche plas pou n chita ?

3 Pawòl Bondye a egzòte nou pou nou “ fè tout bagay nan lanmou ”. (1 Kor. 16:14.) A 8 è, lè lokal la ouvri, n ap montre nou gen konsiderasyon pou lòt moun, nou pap ni kouri, ni mache vit, ni nou pap pouse moun oswa bourade yo yon fason pou n gentan al chita yon kote nou ta renmen chita. Nou dwe rezève plas sèlman pou moun ki vin nan kongrè a nan menm machin avèk nou, oswa pou moun lakay nou. — 1 Kor. 13:5 ; Fil. 2:4.

4. Ki aranjman pou nou fè pou poz midi a, e ki pwofi n ap tire nan sa ?

4 Silvouplè, pito nou pote manje pou nou manje nan poz midi a, olye pou nou sot deyò al achte. Sa ap pèmèt tout moun fòtifye grasa bèl anbyans fratènèl ki genyen nan lokal la, e n ap tou la lè sesyon aprèmidi a ap kòmanse. Si posib, nou ka vin ak ti tèmòs n ap ka mete anba kote nou chita a. Men, anndan lokal kongrè a, yo pap aksepte nou vin ak gwo glasyè, ni ak boutèy, ak bokal oswa ak nenpòt lòt resipyan ki ka kraze, ni ak bwason ki gen alkòl.

5. Kòman nou kapab prepare kè nou pou enstriksyon nou pral resevwa yo ?

5 Gen yon festen espirityèl k ap tann nou : Wa Yewochafat se yon moun ki te ‘ prepare kè l pou l chèche vrè Dye a ’. (2 Kwo. 19:3.) Kòman nou kapab prepare kè nou anvan kongrè a rive ? Atik ki nan do Réveillez-vous ! 22 me ak Réveillez-vous ! 8 jen an ap ban nou yon apèsi sou festen espirityèl ki pral genyen an. Se ap yon bon bagay si nou pran tan nou pou nou reflechi sou sijè sa yo, paske sa ka fè nou plis swaf bèl festen espirityèl sa a Jewova sere pou nou. Lè n ap prepare kè nou, nou bezwen mande Jewova pou l ede nou konprann sans enstriksyon nou pral resevwa yo, e pou l ede nou aplike yo. — Sòm 25:4, 5.

6. Ki sa nou tout nou anvi fè, e poukisa ?

6 Nou tout, nou anvi aprann plis bagay toujou sou Pawòl Bondye a, paske nou konnen sa ka fè nou grandi pou nou rive jwenn delivrans lan (1 Pyè 2:2). Kidonk, annou fè efò pou nou la nan kongrè distri “ Annou mache avèk Bondye ” a. Sa ap ban nou okazyon pou nou ka ‘ egzalte non Jewova ansanm ’. — Sòm 34:3.

[Kare nan paj 3]

Fason pou nou egzalte non Bondye

◼ Fè aranjman alavans.

◼ Montre nou renmen lòt moun.

◼ Prepare kè nou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje