Montre nou rekonesan
1 Se vre n ap viv nan yon “ tan ki di e ki difisil pou moun sipòte ”. Men, malgre sa, nou gen anpil rezon pou nou montre nou rekonesan pou sa Jewova fè pou nou (2 Tim. 3:1). Pi gwo rezon nou genyen, se Pitit li a li bay pou nou ka gen lavi (Jan 3:16). Ansuit, alòske moun ki nan fo relijyon yo ap mouri grangou espirityèlman, nou menm nou gen manje espirityèl ann abondans (Iza. 65:13). Nou fè pati yon fanmi entènasyonal e nou gen privilèj pou nou patisipe nan bèl ekstansyon vrè adorasyon an (Iza. 2:3, 4 ; 60:4-10, 22). Ki jan nou ka montre Jewova nou rekonesan pou tout benediksyon li vide sou nou yo ? — Kol. 3:15, 17.
2 Yon sèvis nou akonpli avèk jwa e ak tout kè nou : Etan apot Pòl t ap pale de don materyèl, li te ekri : “ Bondye renmen moun ki bay ak lajwa. ” (2 Kor. 9:7). Se yon prensip ki aplike tou nan sèvis nou pou Bondye. N ap montre rekonesans nou nan angouman nou genyen pou laverite, nan jwa nou santi lè nou nan reyinyon, nan zèl nou manifeste nan ministè a, nan kè kontan nou genyen pou nou fè volonte Bondye. — Sòm 107:21, 22 ; 119:14 ; 122:1 ; Wom. 12:8, 11.
3 Nan tan lontan ann Izrayèl, Lalwa pa t di ki kantite egzak pou yon moun bay nan yon seri de ofrann. Se chak adoratè ki te dwe montre rekonesans li, ki te dwe bay yon fason ki “ koresponn ak benediksyon Jewova ” ba li (Det. 16:16, 17). Se menm bagay la jodi a, si nou gen yon kè ki rekonesan, sa ap pouse nou pou fè sa sitiyasyon nou pèmèt nou fè nan travay Wayòm nan, kit se nan predikasyon, kit se nan travay fè disip la. Byen souvan ann ete, mwa yo bay plis opòtinite pou nou montre rekonesans nou. Gen moun ki pwofite de konje yo genyen nan travay yo oswa nan lekòl yo, avèk jou yo ki vin pi long nan, pou yo ogmante tan y ap pase nan predikasyon e pou yo menm vin pyonye oksilyè. Èske w ap anmezi pou w etann ministè w pandan sezon ete sa a ?
4 Ann montre nou ranpli ak rekonesans : Youn nan fason trèzenpòtan pou nou eksprime rekonesans nou pou Jewova se lapriyè (1 Tes. 5:17, 18). Pawòl Bondye a ankouraje nou pou nou toujou “ chaje depase mezi ak lafwa nan aksyondegras ”. (Kol. 2:7.) Menm lè nou okipe anpil oswa nou santi nou strese, nou fèt pou nou toujou mete kèk pawòl ki eksprime aksyondegras nan priyè nou (Fil. 4:6). Wi, ni nan ministè nou ni nan priyè nou, annou montre nou se moun ki “ rich ak anpil remèsiman pou Bondye ”. — 2 Kor. 9:12.