“ Se pou nou elaji nou ”
1. Ki responsablite nou chak nou genyen ?
1 Nan mitan kominote nou fòme antanke kretyen an, se nou chak ki gen responsablite pou nou kontribye pou gen yon bèl anbyans anndan kongregasyon yo (1 Pyè 1:22 ; 2:17). N ap vin gen bèl anbyans sa a lè nou “ elaji nou ” nan bonjan afeksyon nou genyen youn pou lòt (2 Kor. 6:12, 13). Poukisa li enpòtan pou nou chèche konnen frè ak sè nou yo pi byen ?
2. Poukisa li enpòtan pou nou vin zanmi kwayan parèy nou yo plis toujou ?
2 Amitye nou ap vin pi solid : Lè nou vin konnen kwayan parèy nou yo pi byen, nou vin plis apresye lafwa yo, andirans yo ansanm ak lòt bèl kalite yo gen lakay yo. Defo yo vin gen mwens enpòtans nan je nou, e lyen amitye antre nou vin pi solid. Lè nou youn konn lòt byen, nou vin nan yon pi bon pozisyon pou youn edifye lòt, pou youn rekonfòte lòt (1 Tes. 5:11). Nou kapab tounen “ yon èd ki bay fòs ” youn pou lòt yon fason pou nou ka reziste kont move enfliyans monn Satan an ap fè sou nou (Kol. 4:11). Lefètke n ap viv nan dènye jou difisil sa yo, se pa ti rekonesan nou rekonesan pou bon zanmi sa yo nou genyen pami pèp Jewova a ! — Pwo. 18:24.
3. Ki jan nou kapab yon èd ki bay lòt moun fòs ?
3 Bon zanmi nou yo an patikilye kapab ban nou fòs ak rekonfò lè nou anba gwo eprèv (Pwo. 17:17). Gen yon kretyèn ki t ap lite kont santiman li gen lakay li ki fè l kwè li pa itil anyen. Tande sa l te di : “ Zanmi m yo te konn di bon bagay de mwen pou yo te ede m venk panse negatif mwen te genyen yo. ” Zanmi konsa se benediksyon Jewova. — Pwo. 27:9.
4. Ki sa nou ka fè pou nou konnen lòt moun nan kongregasyon an pi byen ?
4 Enterese nan lòt moun : Ki jan nou kapab elaji nou nan bonjan afeksyon nou genyen pou kwayan parèy nou ? Nonsèlman se pou nou salye yo nan reyinyon, men tou, se pou nou fè efò pou nou gen konvèsasyon edifyan avèk yo. N ap montre nou enterese nan moun yo san nou pa antre nan vi prive yo (Fil. 2:4 ; 1 Pyè 4:15). Yon lòt fason pou nou montre nou enterese nan lòt moun, se lè nou envite yo vin pran yon repa avèk nou (Lik 14:12-14). Oubyen, nou kapab fè aranjman pou n al preche ak yo (Lik 10:1). Lè nou pran inisyativ pou nou konnen frè nou yo pi byen, n ap favorize inite nan kongregasyon an. — Kol. 3:14.
5. Ki youn nan fason nou ka elaji nou pou nou vin gen plis zanmi ?
5 Èske nou gen tandans chwazi zanmi nou yo sèlman pami moun ki gen menm laj ak nou, oswa pami moun ki gen menm gou ak nou ? Nou pa ta dwe kite bagay sa yo limite amitye nou kapab kiltive ak moun ki nan kongregasyon an. David ak Yonatàn se te de bon zanmi, Rit ak Nawomi tou, epoutan yo pa t menm laj ni yo pa t soti menm kote (Rit 4:15 ; 1 Sam. 18:1). Èske w pa ka elaji w pou w vin gen plis zanmi ? Si w fè sa, w ap jwenn benediksyon ou pa ta janm sipoze.
6. Site kèk byenfè nou ka jwenn lè nou elaji nou nan bonjan afeksyon nou genyen pou frè nou yo.
6 Lè nou elaji nou nan bonjan afeksyon nou genyen youn pou lòt, n ap fòtifye nou youn lòt e n ap favorize lapè nan kongregasyon an. Anplis, Jewova li menm l ap beni nou pou lanmou nou demontre pou frè nou yo (Sòm 41:1, 2 ; Ebre 6:10). Poukisa nou pa fikse objektif pou nou rive konnen pi byen plis moun nou kapab nan kongregasyon an ?