Andirans bay rekonpans
1 “ Grasa andirans nou, n ap rive genyen nanm nou. ” (Lik 21:19). Pawòl sa yo, ki fè pati de pwofesi Jezi te bay konsènan “ fen sistèm de choz la ”, ede nou konprann etan n ap kenbe entegrite nou, nou dwe prepare nou pou nou sibi anpil eprèv. Men, grasa fòs Jewova, nou chak ka “ andire jiska lafen ” e nou chak ka “ sove ”. — Mat. 24:3, 13 ; Fil. 4:13.
2 Pèsekisyon, pwoblèm sante, pwoblèm ekonomik ak gwo soufrans nan domèn afektif ka rann lavi a difisil pou nou chak jou. Sepandan, nou pa dwe janm bliye Satan ap eseye kraze entegrite nou devan Jewova. Chak jou ki pase e nou rete fidèl devan Papa nou, se yon jou anplis nou kontribye pou li ka reponn defi Pwovokatè a. E sa rekonfòte nou lefètke nou konnen li pa bliye ‘ dlo ki sot nan je ’ nou akoz eprèv nou rankontre. Dlo sa yo gen anpil valè pou Jewova, e entegrite nou fè kè l kontan. — Sòm 56:8 ; Pwo. 27:11.
3 Eprèv yo rafine nou : Afliksyon kapab ede nou detekte si fwa nou fèb, oubyen tou li ka ede nou dekouvri kèk fay nan pèsonalite nou, tankou ògèy ak enpasyans. Olye pou n ap chèche suiv metòd ki pa biblik pou nou mete fen nan eprèv yo oswa pou nou kouri pou yo, pito nou suiv konsèy nou jwenn nan Pawòl Bondye a, ki mande pou nou kite “ andirans lan fin fè travay li nèt ”. Poukisa ? Se paske si nou andire eprèv nou rankontre yo fidèlman, n ap “ vin yon moun total, yon moun anfòm nan tout bagay ”. (Jak 1:2-4.) Andirans ka ede nou kiltive yon seri de kalite ki gen anpil valè. Pa egzanp, l ap fè nou vin rezonab, n ap kapab mete nou nan plas lòt moun e n ap gen mizèrikòd. — Wom. 12:15.
4 Kalite lafwa nou pase anba eprèv : Lè nou andire devan pwoblèm, nou vin gen yon fwa solid ki pase anba eprèv, e yon fwa konsa gen anpil valè nan je Bondye (1 Pyè 1:6, 7). Yon fwa konsa ban nou kapasite pou nou rete fèm devan lòt eprèv nou ka rankontre alavni. Anplis, nou santi nou gen apwobasyon Bondye, e sa ranfòse esperans nou, li fè esperans sa a vin pi reyèl pou nou toujou. — Wom. 5:3-5.
5 Jak 1:12 souliye pi gwo rekonpans n ap jwenn poutèt nou andire, li di : “ Byennere moun ki kontinye andire eprèv, paske lè l fin tounen yon moun apwouve, l ap resevwa kouwòn lavi a. ” Se sa k fè, ann rete fèm nan atachman nou pou Bondye avèk konfyans l ap rekonpanse “ moun ki kontinye renmen l ” yo anpil anpil.