Ann manifeste lespri pyonye
1. Ki jan w ta defini lespri pyonye ?
1 Tout pwoklamatè ka manifeste lespri pyonye kit yo ka sèvi kòm pyonye pou lemoman, kit yo pa kapab. Yo tout santi se yon obligasyon pou yo obeyi kòmandman pou yo preche epi pou yo fè disip la (Mat. 28:19, 20 ; Tra. 18:5). Yo gen sousi pou moun yo e yo fè sakrifis yon fason pou yo akonpli ministè yo (Mat. 9:36 ; Tra. 20:24). Sèvitè Jewova yo dispoze fè tout sa ki nesesè pou yo ede pwochen yo aprann laverite (1 Kor. 9:19-23). Annou egzamine egzanp yon moun ki te manifeste yon espri konsa : Filip, evanjelizatè a.
2. Ki jan ansyen yo ak asistan ministeryèl yo ka imite zèl Filip te manifeste nan ministè a ?
2 Predikasyon ak ansèyman : Nan kongregasyon premye syèk la, Filip te okipe gwo responsablite (Tra. 6:1-6). Men, avantou, li te yon predikatè bon nouvèl la ki zele (Tra. 8:40). Menm jan an tou jodi a, pandan ansyen yo ak asistan ministeryèl yo ap okipe yo de travay yo konfye yo, yo ka manifeste lespri pyonye lè yo pran latèt nan ministè a avèk antouzyas. Se pa ti fòtifye sa ka fòtifye espri kongregasyon an ! — Wom. 12:11.
3. Ki jan nou ka demontre nou gen lespri pyonye lè nou anba eprèv ?
3 Apre lanmò Etyèn, te gen yon vag pèsekisyon ki te boulvèse lavi disip yo. Sepandan, Filip te kontinye preche e li te jwe yon wòl enpòtan pou kòmanse travay la nan Samari (Tra. 8:1, 4-6, 12, 14-17). Nou ka imite egzanp li lè nou kontinye anonse bon nouvèl la malgre nou anba eprèv e lè nou preche tout moun nou rankontre san patipri. — Jan 4:9.
4. Ki egzanp Filip bay antanke anseyan ?
4 Abilite Filip te genyen pou l anseye Pawòl Bondye a te parèt klè nan resi ki rapòte konvèsyon enik etyopyen an (Tra. 8:26-38). Yon lòt fason nou ka manifeste lespri pyonye se lè nou devlope abilite nou pou nou itilize Bib la e pou nou ‘ rezone avèk moun yo dapre Ekriti yo ’. (Tra. 17:2, 3.) Menm jan ak Filip, annou chèche pataje bon nouvèl la tout kote nou ka jwenn moun e nan tout okazyon ki apwopriye.
5. Ki sa ki ka ede paran kretyen yo ankouraje lespri pyonye lakay pitit yo ?
5 Nan fanmi nou ak nan kongregasyon an : Pa gen dout, atitid Filip ansanm ak bon egzanp li te bay te gen yon bon efè sou pitit fi l yo (Tra. 21:9). Konsa tou, paran kretyen ki santre vi yo sou enterè Wayòm nan ap ankouraje pitit yo pou yo fè menm bagay la tou. Paran ki zele nan predikasyon, menm lè yo fatige apre yon semèn byen chaje, ka make timoun yo pou tout rès vi yo. — Pwo. 22:6.
6. Ki jan nou ka montre apresyasyon nou pou pyonye ki nan kongregasyon nou ?
6 Filip te byen resevwa Pòl ak Lik lakay li, de kretyen ki te bay tout yo menm nan sèvis Jewova (Tra. 21:8, 10). Jodi a, ki jan nou ka montre apresyasyon nou pou moun ki zele yo, ki jan nou ka ede yo ? Petèt, nou ka mande pyonye yo pou nou akonpaye yo yon maten oubyen yon aprèmidi, kote pa gen anpil moun ki soti nan predikasyon (Fil. 2:4). Nou ka envite yo lakay nou tou pou nou pase yon ti moman ankourajan ansanm. Kèlkeswa sitiyasyon nou, annou fè tout sa nou kapab pou nou manifeste lespri pyonye.