BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/04 p. 4
  • Sèvi ak Bib la kòrèkteman

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sèvi ak Bib la kòrèkteman
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Èske w akonpli ministè w konplètman ?
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Fason pou nou prepare prezantasyon peryodik yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Twazyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
    Ministè Wayòm nan — 2004
  • Byen entwodui vèsè yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2004
km 9/04 p. 4

Sèvi ak Bib la kòrèkteman

1. Ki sa w ka fè lè w ap prepare w pou w al nan predikasyon ?

1 Kèlkeswa piblikasyon nou prevwa ofri nan predikasyon, li bon pou nou chwazi yon vèsè ki ka fè moun reflechi pou nou li ak moun ki dakò koute nou yo (Ebre 4:12). Si se yon vèsè yo site nan piblikasyon n ap ofri a nou chwazi, sa ap ede nou fè yon tranzisyon ki efikas. Gen kèk zòn kote pwoklamatè yo twouve sa bay bon rezilta lè yo tou kenbe bib yo nan men yo pandan yo pral abòde yon moun oswa lè y ap preche kay an kay.

2. a) Ki sa nou ka fè si nou vle kòmanse prezantasyon nou ak yon vèsè ? b) Ki sijè biblik ki enterese moun nan tèritwa a ?

2 Kòmanse ak yon vèsè : Gen pwoklamatè, pou yo kòmanse prezantasyon yo a, yo poze moun y ap pale avè l la yon senp kesyon ki mande pou moun nan bay opinyon l sou yon vèsè biblik, e apre sa, yo li vèsè a. Se yon fason pou yo atire atansyon tousuit sou Pawòl Bondye a. Èske w panse kèk nan entwodiksyon nou jwenn pi ba yo ta ka bay bon rezilta nan tèritwa kongregasyon w ?

◼ “ Si w te gen pouvwa nan men w, èske w t ap fè chanjman sa yo ? ” Li Revelasyon 21:4.

◼ “ Poukisa, dapre ou menm, tan an difisil konsa a ? ” Li 2 Timote 3:1-5.

◼ “ Èske w pa panse katye nou an t ap pi bon si tout moun t ap suiv konsèy sa a ? ” Li Matye 7:12.

◼ “ Sa w panse ? Èske yon jou pitit ou ap ka benefisye de kondisyon yo pale nan vèsè sa yo ? ” Li Sòm 37:10, 11.

◼ “ Èske w panse yon lè pawòl sa yo ap reyalize ? ” Li Izayi 33:24.

◼ “ Èske w okouran de chanjman gouvènman vèsè sa a pale a ? ” Li Danyèl 2:44.

◼ “ Èske sa te janm pase nan lide w pou w poze Bondye kesyon sa a ? ” Li Jòb 21:7.

◼ “ Èske w panse li posib pou nou rewè moun ki mouri nan fanmi nou ? ” Li Jan 5:28, 29.

◼ “ Èske lè yon moun mouri li konnen sa moun ki vivan ap fè ? ” Li Eklezyas 9:5.

3. Ki sa nou ka fè pou nou ede moun yo konprann vèsè biblik nou li ak yo ?

3 Esplike, bay egzanp, fè aplikasyon : Si w tonbe sou yon moun ki dispoze pale, pa kouri ak sijè a. Pou w ka ede moun nan konprann yon vèsè ou li avè l, pran yon ti tan pou w esplike l vèsè a. Ba l yon egzanp pou w klarifye l epi ede l wè ki aplikasyon vèsè a genyen (Ney. 8:8). Lè yon moun konprann ansèyman ki genyen nan Pawòl Bondye a e li aksepte ansèyman sa a, se pa ti chanjman sa ka pote nan lavi l. — 1 Tes. 2:13.

4. Ki jan ou ka sèvi ak Bib la kòrèkteman lè w ap fè vizit ?

4 Kontinye sèvi ak Bib la kòrèkteman pou nou kiltive enterè nou jwenn lakay moun yo. Nou kapab sèvi ak menm metòd sa a lè n ap fè vizit : 1) Chwazi yon vèsè ki apwopriye. 2) Soulve yon kesyon senp ki mande pou moun nan bay opinyon l sou vèsè nou chwazi a. E apre sa, li vèsè sa a. 3) Esplike vèsè a, bay yon egzanp pou w klarifye l e ansuit montre l ki aplikasyon vèsè a genyen. Fè tout efò w pou w ogmante konesans moun nan genyen sou Pawòl Bondye a chak fwa ou rann li vizit. E anvan lontan w ap wè w k ap kondui etid biblik !

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje