Kòman pou n bay manm fanmi nou temwayaj ?
1. Poukisa nou bezwen disènman lè n ap bay manm fanmi nou temwayaj ?
1 Ki pi gwo kontantman pase sa pou nou ta wè n ap antre nan monn nouvo a ansanm ak moun pa nou yo, kote nou ini avèk yo nan adorasyon Jewova a ! Bèl espwa sa a kapab vin yon reyalite grasa temwayaj nou bay fanmi nou yo. Sepandan, pou nou fè sa yon fason k ap rekonfòte yo, sa mande disènman. Men sa yon siveyan sikonskripsyon te remake : “ Moun ki jwenn pi bon rezilta se moun ki eveye kiryozite manm fanmi yo nan ba yo temwayaj ofiramezi. ” Ki jan nou kapab fè sa ?
2. Ki fason sousi nou genyen toutbonvre pou manm fanmi nou kapab ede nou eveye kiryozite yo ?
2 Eveye kiryozite yo : Pran yon ti tan pou w reflechi sou fason ou ta kapab eveye enterè manm fanmi w (Pwo. 15:28). Ki sa ki enterese yo ? Ki pwoblèm y ap konfwonte ? Petèt ou kapab montre yo yon atik oubyen ou kapab site pou yo yon vèsè ki ka atire atansyon yo sou yon sijè ki enterese yo anpil. Si manm fanmi w yo pa abite bò lakay ou, petèt ou kapab ekri yo oswa ou kapab telefone yo pou w fè sa. San w pa plen tèt yo, simen semans verite a, epi rete tann Jewova pou l fè semans sa yo grandi. — 1 Kor. 3:6.
3. Kòman enterè manm fanmi nou gen pou nou kapab ouvri pòt pou nou ba yo temwayaj ?
3 Te gen yon mesye ki te gen plizyè demon sou li. Apre Jezi te fin chase demon sa yo, men sa l te di mesye a : “ Ale lakay ou kote fanmi w e rakonte yo tout bagay Jewova fè pou ou ak pitye li te gen pou ou. ” (Mak 5:19). Imajine ki kalite enpresyon sa dwe te fè sou fanmi mesye sa a ! Menmsi ou pa viv yon sitiyasyon ki enpresyonan konsa, manm fanmi w kapab enterese nan aktivite w oubyen nan aktivite pitit ou. Lè w pale konsènan yon diskou ou te bay nan Lekòl ministè teyokratik, yon asanble ou te asiste, yon vizit ou te fè nan Betèl, oubyen ankò yon evènman ou te viv pèsonèlman, sa kapab ouvri pòt pou w pale avèk yo pi plis konsènan Jewova ak òganizasyon l lan.
4. Ki pyèj nou dwe evite lè n ap bay manm fanmi nou temwayaj ?
4 Se pou nou gen disènman : Lè n ap bay manm fanmi nou temwayaj, se pou nou evite di yo twòp bagay yon sèl kou. Gen yon frè ki sonje sa l te konn fè lè li te kòmanse ap etidye Labib. Men sa li di : “ Nan epòk sa a, mwen te konn bonbade manman m pandan plizyè èdtan ak esplikasyon sou prèske tout bagay mwen te aprann nan Bib la. Souvan sa te konn fè m tonbe nan yon bann diskisyon, sitou ak papa m. ” Menm lè yon manm fanmi an ta montre l enterese nan mesaj ki nan Bib la, se pou nou reponn li yon fason ki pou fè l anvi konnen plis toujou (Pwo. 25:7). Se pou nou toujou montre respè, bonte avèk pasyans, egzakteman tankou lè n ap pale ak moun nou rankontre nan ministè a. — Kol. 4:6.
5. Ki sa nou dwe fè si manm fanmi nou pa byen reyaji lè n ap ba yo temwayaj ?
5 Gen yon lè, fanmi Jezi yo te panse li te pèdi tèt li (Mak 3:21). Sepandan, apre sa, gen kèk nan yo ki te vin kwayan (Tra. 1:14). Si okòmansman, efò w ap fè pou w pale konsènan laverite ak manm fanmi w pa mache, pa lage sa. Sitiyasyon yon moun ak atitid li kapab chanje. Kontinye chèche lòt okazyon pou w pale ak yo konsènan yon sijè ki kapab eveye kiryozite yo. Ou kapab jwenn kè kontan dèske w te ede yo kòmanse mache nan chemen k ap mennen nan lavi etènèl la. — Mat. 7:13, 14.